Anvan l pase 2 zan opouvwa, y ap prepare depa l Menm Franswa Nikola…

Kréyòl par Grenn Pwomennen

  • Anvan l pase 2 zan opouvwa, y ap prepare depa l Menm Franswa Nikola Jan-Klod Divalye II rantre nan won !

Sitiyasyon peyi a tèlman an degraba ke nou pa menm konnen si prezidan Jovnèl Moyiz (Jovenel Moïse) ap kapab boukle senk (5) lane l la opouvwa. Sa k pirèd, sè ke se mounn ki ta sipoze nan menm kan avè l k ap prepare pou pouse do l. Vin mete ak lòt mounn ki te deja nan lopozisyon, sa ka tounen youn mouvman ki pa piti. Nou espere prezidan an konprann nan ki sa l pran la a e kisa l pral fè pou anpeche youn dezas jeneral.

Vwala ke Franswa Nikola Jan-Klod Divalye II (François Nicolas Jean-Claude Duvalier II), pitit Jan-Klod, pitit pitit Franswa, bay gwo entèvyou nan Lavwa d Lamerik jedi ki te 21 jen an epi li fè plizyè deklarasyon ki montre l ap rale kò l sous 2 prezidan Tèt Kaleyo: Jovnèl Moyiz ak Michèl Mateli (Michel Martelly). Franswa Nikola di li pa t nan gouvènman Mateli a, menm lè gen mounn ki konnen li te gen biwo nan Palè. Lè jounalis Jaklen Belizè (Jacquelin Bélizire) te poze l kesyon sou Jovnèl Moyiz, msye
te di li pa konn prezidan an, li pa janm rankontre l. Plistoujou, li di jan sitiyasyon peyi sa a ye kounnye a, tout mounn konsyan dwe fè youn bagay pou wete peyi a nan sa l ye a.

Epi msye lage pawòl atè. Kijan ou konprann tout bann jèn sa yo ap kouri kite peyi a pou al chache lavi lòt kote ! Se pa posib. Limenm li pralfè tou sa l konnen pou jèn yo rete nan peyi yo. Lè yo fin fè etid yo, fòk yo jwenn travay k ap tann yo. Kijan li pral fè sa la a ? Li pral pran pouvwa, nèspa ? O, li pa t konprann se konsa pawòl la sonnen ! Men si w pral fè sa w konnen pou chanje sitiyasyon jèn yo, sa vle di fòk ou an pozisyon politik pou w rive fè sa.

Men se pa kesyon jèn yo sèlman ki montre ke Franswa Nikola ap wete kò lsou rejim Tèt Kale a. Gen kesyon kantite lajan peyi a mesye yo vòlò. Vòl l ap denonse a se PetwoKarib. Lè jounalis Belizè te mande msye sa l ta fè sou kesyon sa a.si l ta rive gen pouvwa a nan men l, msye pa t ezite youn segonn, li di : « La reddition des comptes. Il faut la reddition des comptes ! Fòk nou konnen sa k te pase ». Jan n tande l la, Franswa Nikola Divalye rantre nan kesyon an tou. Fòk nou konnen sa k pase ak Fon PetwoKarib la. Twa (3) milya ui san milyon dola vèt ! (3 800 0000 000,00 $).

Enben, vandredi pase, 29 jen an, mwen te nan Lavwa d Lamerik tou epi mesye Belizè te fè m remake ke ni opozisyon demokratik la ni Franswa Nikola, tout dakò sou pwen sa a. Kijan m esplike sa ? Mwen te reponn ke toutmounn gen zòrèy pou tande e yo limenm rapò yo, yo tout wè sa k dwe fèt. Men sè twouve ke sektè demokratik la te toujou ap frape kont kòripsyon e PetwoKarib la se pi gwo dosye kòrip- syon ki genyen. Men Franswa Nikola fèk rantre nan batay la avèk deklarasyon ke l te fè nan dat 21 jen an.

Men li pa ka foure kò l twòp nan kesyon an. Paske msye ta vle rete sou dènye gouvènman sa yo ki responsab pou lajan petwòl venezwelyen an. Lè jounalisla te vin sou aksyon lajistis ki toujou sou do papa l, msye te reponn « Sa se youn zafè pèsonèl ». Kòmpapa l deja mouri — e granpè l tou —, pa gen fason pou trennen yo nan tribinal. Toujou sou kesyon « rann kont la », jounalis la te mande « Èske reddition des comptes la pa ta fèt pou monte jounk nan lane 1957 ? »

Sètadi, kòm granpè msye te monte opouvwa le 22 oktòb 1957, fòk ta gen envestigasyon pou konnen tou sa k te pase ak lajan peyi a lè sa a.

Enben, Franswa Nikola, ki te pale byen vit sou lajan PetwoKarib la, te ezite kèk segonn anvan l te di : « Enben wi, yo kapab dekouvri anpil bagay ! » Epi l kouri kite sijè a. Nenpòt mounn k ap analize jan bagay la te pase, pitit pitit Franswa Divalye a tou di,san l pa dil aklè, ke sa k te pase depisou granpè l pa alamòd ankò. Menm jan li te di papa l deja mouri e kesyon aksyon lajistis kontli paka kontinye ankò. Paske « C’est personnel ». Se pral menm jan tou pou granpè l. Nou pakab al detere mòa pou mennen
l nan tribinal.

Antouka, lè m te gen opòtinite nan entèvyou mwen te fè nan dat 29 jen an, mwen te fè remake ke gen anpil enfòmasyon sou kantite lajan Jan-Klod Divalye ak Michèl Bennèt te ranmase. Se te nèf san milyon dola (900 000 000,00 $). Mwen te mande youn ekspè nan kesyon an pou di m de 7 fevriye 1986 rive kounnye a konbyen 9 sanmilyon an ta vo. Li rale konpitè l, an 2 tan 3 mouvman, li ban m chif la : 2 milya 70 milyon dola (2 070 000 000,00 $). Donk, vòlè ofisyèl yo fè mezi kont yo, kit se nan PetwoKarib, kit se nan « phase économique Jan-Klod la. Se pa milya yo ranmase lajan pèp la,se pa milyon !

Jan nou wè l la, Jan Klod Divalye te vrèman fè sa l te di li te pral fè a. Papa Dòk te di li menm li te fè « la phase explosive de la révolution », epi Bebe Dòk, li menm, te di « Je ferai la révolution économique ». An bon kreyòl, Franswa Divalye te di mwen touye tout mounn ki te sou wout mwen. Lòt yo te kouri chape poul yo, y al ann egzil. Se nan « phase explosive » la, Divalye te voye gwo kamyon bwat al chache mounn an pwovens vin Pòtoprens nan dat 22 ke lte deside : 22 deptanm, 22 oktòb ou 22 avril. Se pou yo te vin rele « Divalye avi », vin ba l tout onè nan Pòtoprens. Epi yo pa janm retounen mennen
mounn yo nan peyi yo. Se konsa bidonvil koumanse nan Pòtoprens. Epimakout te fè sa yo te pi pito. Se konsa Franswa te krazebrize diran katòz (14) an. Kòm jounalis la te mande, èske papa Franswa Nikola te esplike l bagay sa yo ? Li te vag kesyon an ak youn repons ki pa vrèman di anyen. O, li te aprann anpil nan men papa l ak manman l.

Lè « prezidan avi » a te santi li pral mouri, li te pran ti gason l nan, alaj 19 an, li mete 2 men l sou zèpòl ti tonton an ki te chita sou youn chèz boure epi li deklare : « Men jèn lidè mwen t ap prepare pou nou an ! » Antan ke chèf siprèm, Franswa fè chanje konstitisyon an, li bese laj pou youn mounn prezidan a dizuit (18) an. Sekonsa Jan-Klod, « Bebe Dòk », pase 15 an kòm « prezidan avi ». Avrè di, li pa t touye otan ke papa l. Tout opozan te deja ann egzil. Kanta pou mwen, depi sou Franswa mwen te kondane a mò nan lane 1968 e yo te retire nasyonalite m. Mwen pase 18 an ap vwayaje ak youn ti livrè Depatman
Lajistis Eta-Zini te ban m, paske mwen te rezidan. Se nan paj ti livrè sa a yo te met viza lè m t al an vwayaj aletranje. Se te youn “Re-Entry Permit”, kivedi mwen te ka tounen Ozeta-Zini san pwoblèm lè m te vwayaje aletranje. Nan espas kote pou yo mete Nasyonalite, se te “Stateless”, apatrid, ki pa sitwayen okenn peyi. Se sou gouvènman CNG (Conseil national de gouvernement) Anri Nanfi (Henri Namphy), defen an, ke m te vin gen nasyonalite m bak.

Ann tounen sou Bebe Dòk ak « phase économique » li a. De 1971 a 1980, ti bonnonm prezidan avi a te sou lèzòd « ManmanDòk », kivedi Simòn Divalye (Simone Duvalier) avèk tout darati kòn siye ke yo te rele dinozò yo. Antretan, Bebe a t ap monte fòs represyon pa l, « Les Léopards », bèt sovaj nèt.

Epi Bebe vin tonbe damou pou Michèl Bennèt. Si se te pou Manman Dòk pa gen maryaj ki t ap fèt. Antouka, n ap koupe sou istwa a, paske li ta twò long si pou m ta rantre nan tout ti detay. Sèl sa mwen ka di n, lè Michèl rantre nan Palè se lè sa a Simòn vin pèdi tout pouvwa li te gen sou Bebe a ki te vin granmounn. E Michèl te jwi « phase économique » la san gad dèyè. Mesyedam yo te menm achte gwo apatman nan Mannhatann, nan « Trump Tower » pou plis pase 2 milyon dola. Nou pa konn konbyen vwati kous gwo pri Bebe Dòk te achte. Epi pou l te ka jwi yo jan l te vle, li te konstwi Wout nasyonal Nimewo 1 al nan Nò ak Nimewo 2 al nan Sid. Kanta pou Michèl menm, li te konn al nan vwayaj Nouyòk, a Pari, kote se anmilyon l te dapanse. Bon jan revolisyon ekonomik pou fanmi ak zanmi yo ! Epi men nou vin tonbe nan Franswa Nikola Jan-Klod Divalye ki parèt sou nou tou cho tou bouke. Li vin pou l sove Ayiti anba grif kòriptè yo. Li se youn jèn gason 35 an k ap met ansanm ak jèn nan peyi a pou fè travay la. Lè jounalis la mande l eksperyans li, li pale de papa l ki te prezidan avi pou 15 an. Epi anvan sa, li di pa bliye papa l te leve nan Palè a kote se te youn lòt prezidan, sètadi granpè l, ki te opouvwa pou 14 an. Donk, papa l se modèl l ap suiv. Men tou li etidye Relasyon entènasyonal avèk Jesyon, osnon manajman òganizsyon. Li byen pare pou l pranmayètla annAyiti. Menm avèk tout gwo chay kisou do l avèk sa non Divalye a reprezante ! Poukwa pa ? Li pa t konn anyen lè l te kiteAyiti lè l te gen 3 zan. Sèlsa movèz lang, mal palan ta ka repwoche l, yo ta ka di li te « vòlò bibwon youn lòt bebe ! »

Donk, Nikola Franswa, ki benefisye de tout lajan papa l ak manman l te vòlò, prezante tèt li kòm sovè pèp ayisyen an k ap pase youn tray. E si peyi a nan eta li ye a se pwòp granpè l ak papa l epi manman l ki lakòz. Se yo menm ki te lakòz katreven pou san (80 %) entèlektyèl ak pwofesyonèl Ayiti te kouri kite peyi a, sitou nan lane 60 yo. Nou jwenn yo nan anpil lòt peyi, an  Afrik, o Kanda, nan Eta-Zini, ann Ewòp e menm nan peyi Lamerik Latin yo. Se la y al ede prepare etidyan lòt peyi, tandiske lakay yo pèp la rete nan fè nwè, Papa Dòk ak Bebe Dòk pat enterese nan montre pèp la li ak ekri, paske yo ta vin konn twòp bagay, yo ta ka revòlte. Tank pèp la pi egare se meyè fason pou kontwole l.

Men kounnye a Nikola vire lang li lanvè pou l di li pa ka vin ak youn lòt diktati, paske gen evolisyon ki fèt. Men se li menm ki te ekri gwo atik nan Le Nouvelliste nan dat 19 avril 2013 pou l te lwanje granpè l : “ An memwa Doktè Franswa Divalye, prezidan avi ». Franswa Nikola te di : « Li te itilize bon jan  konnesans li te genyen pou l.


cet article est publié par l’hebdomadaire Haïti-Observateur, édition du 4 juillet 2018, en P. 6, .section créole, et, se trouve à : http://haiti-observateur.ca/wp-content/uploads/2018/07/H-O-4-juillet-2018-2.pdf