Sòf si w pa sou latè pou di m ou pa tande pale de «Coronavirus», osnon COVID-19

print

KREYÒL pa GRENN PWOMENNEN

  • Sòf si w pa sou latè pou di m ou pa tande pale de «Coronavirus», osnon COVID-19

Se lemonn antye ka p pale de youn sèl bagay : «Coronavirus» ke Ŏganizayon mondyal Lasante rele COVID-19. Se youn maladi ki gen tan enfekte 307 627 epi touye 13 050 mounn atravè lemonn, depi li te parèt nan peyi Lachin nan mitan mwa desanm nan. Kivedi se pa ti ravaj li gen tan fè, e se kounnye a li fèk ap parèt nan sèten peyi, tankouAyiti. Jouk kibò li prale e konbyen kretyen vivan l ap blayi atè anvan yo jwenn bout li ? Jiskaprezan, se youn mistè. Youn nouvèl nou pa tande souvan, gen 95 797 ki geri. Fò m di nou chif sa yo se chif Ŏganizasyon mondyal Lasante e se chif samdi pase. Men, machin lanmò a an plèn vitès.

Enben semèn sa a Grenn Pwonmennen pral ban nou youn ti moso nan sa l aprann nan plizyè kote l pase, sa l wè, sa l tande, epi bay kèk ti konsèy ki ka ede n fè fas ak lénmi sa a ki pa konn ni rich ni pòv, ni okenn nasyonalite. Menm jèn mounn pa alabri, jan yo te kwè oparavan. Okontrè, te gen youn pawòl deyò a ke se granmounn ki gen plis pase 60 an ki pou veye kò yo, paskemaladi a fonse sou yo pi vit. Enben, kòmanse an Frans, maladi a te fè youn koub pase pran mounn ki gen mwens ke 40 an. Rive Etazini, li pa nan paspouki, se tout mounn ki pou veye zo yo.

Asireman, nou deja tande ki- jan pou n rekonnèt maladi a. Li sanble kòm si w ap anrimen, gòj fè mal, youn ti tous byen sèk epi lafyèv. Se prèske menm jan lè mounn gen flou (flu ann angle). Men sa a se pa flou, tande. Se pou w rele lopital tou swit epi mande si w ka vini tou, osnon si y ap voye anbilans vin pran w. Okontrè, gouvènman federal la, Ozetazini, pa t pran sa oserye, lè l te fèk parèt nan peyi Lachin epi l te kòmanse blayi kò l nan peyi Kore di Sid, Iran ak Japon. Epi, sanz atann, li debake ann Ewòp, sitou nan peyi Itali, ki pa t pare pou ansasen sa a. Enben, se nan peyi sa a li fè plis ravaj. Rive dimanch ki sot pase a, 22 mas, maladi a deja enfekte 53 576 mounn ann Itali e ltouye 4 825.Nan 3 jou sèlman 732 mounn mouri. Epi se konsa ke gen plis mounn mouri ann Itali pase sa Lachin di ki te mouri nan peyi kote viris la te kòmanse fè dega a.

Gen mounn ki mande kouman fè se ann Itali plis mounn mouri. Enben, se kilti Itali a ki fè sa, kivedi jan mounn yo viv. Nan youn sèl gwo kay ka genyen 3 jenerasyon, kivedi pran depi gran paran vin sou pitit pitit rete ansanm. Epi, selon etid ki fèt, se Itali ki gen plis granmounn pase tout lòt kote. E selon tout enfòmasyon, maladi a frape granmounn plis. Antouka, otorite ann Itali fèmen peyi a epi mete bon règ pou mounn nan peyi a rete lakay yo, pa soti ! Se vrèman youn katastwòf.

Men se sou isit, Etazini, nou pral chita avè w pou youn ti moman pou n bay kèk detay de COVID-19 la, paske anpil nan nou zòt lektè se Etazini nou ye. Premyèman, nou p ap bliye ke lè maladi a te fèk parèt nan peyi Lachin, prezidan ameriken an, Donal Twonp (Donald Trump), pa t ba l enpòtans. Konsa, li pa tfè okenn preparasyon pou fè fas a sa ke l rele kounnye a «youn lénmi envizib byen mechan».

Nan sitiyasyon sa a, samdi ki sot pase a, se plis pase vennkat mil (24 000) ka ki deja deklare nan tout 50 eta peyi bò isit, prèske la mwatye nan eta Nouyòk. Epi nan plis ke 11 000 nan eta Nouyòk la, 70 % se nan lavil Nouyòk, nan tout komin yo, kivedi Manatann, Bwonks, Bwouklin, Kwinz ak Statenn Aylann. Sitiyasyon Nouyòk tèlman grav, gouvènè Andrew Cuomo pase lòd pou tout bizinis fèmen nan Nouyòk, menm restoran. Se kòmande ou ka kòmande nan sèten restoran pou yo vin delivre ba w lakay, men pa gen chita, pran plezi nan restoran ankò. Lavil Nouyòk, ki gen plis teyat pase tout lòt vil Ozetazini, enben tout fèmen. Yo rele sa youn «Ghost Town» (vil san nanm). Tou samdi la a te rive samdi swa, lè m t ap ekri. Asireman, rive jodi mèkredi a, bagay yo inn pi grav. Nou ka jwenn plis ti detay, ki rive jouk ayè madi a, nan NOUVELLES BRĒVES yo, nan paj 16.

Ekonomi peyi Etazini pran gwo kou ki pral lakòz gwo twoublay pi devan. Se pa milyon, mounn pèdi travay yo, paske youn bann biznis oblije fèmen. Tout lekòl fèmen. Se plis pase karant milyon (40 000 000) etidyan ki oblije ret lakay yo, epi milyon pwofesè tou. Sa kimontre kijan peyi a afekte ekonomikman, se sa yo rele Bous Nouyòk la, Dow Jones. Se la tout gwo konpayi opere tankou youn gwo mache. Kliyan achte sa yo rele «aksyon» e yo vann tou. Depann de kijan konpayi a ap fè pwogrè, pri aksyon l yo vin pi chè. Dizon ke w te achte aksyon a 5 dola, epi aksyon konpayi a monte byen wo, 5 dola w la ka rivemenm100 dola. Sa depann. Konsa tou ou ka pèdi,si youn sitiyasyon vin kreye ensekirite pou konpayi a ki kòmanse bese.

Antouka, sa k sot rive Dow Jones nan 2 semèn ki sot pase yo se youn gwo leson. Lavèy prezidan Twonp te pran pouvwa a, le 19 janvye 2017, Dow Jones la te nan 19 804. Fò m di nou se depi sou prezidan Obama li t ap monte. Men pandan prezidan Twonp la a, depi 2017 la, Bousla te kontinye monte, jouk li rive piwo pase tout tan : 29 551,42 nan dat 12 fevriye 2020, mwa pase a. Enben, vandredi pase, 20 mas la, li tonbe jouk nan 19 173.98, youn ti kras pi ba pase jan l te ye lè l te monte kòm prezidan. Jan l te bat lestonmak li, di ke se li menm ki fè Dow Jones la monte tout wotè sa a, m panko tande l di anyen pou jan l tonbe a. Eksepte l ap plede joure «viris Chinwa a», youn «lénmi envizib byen mechan».

Pou m fini avèk sa k ap pase Ozetazini, se plizyè eta ki nan «lockdown». Nou byen konnen, ann Ayiti, paske nou pase nan «peyi lock». Se California ki te kòmanse. Men nan vandredi a, Illinois, ki gen gwo vilChikago a, rantre nan won.

Epi New York ak Connecticut tou. Lavil Las Vegas, nan Nevada, kapital je daza, tounen youn vil tou mouri. Nan New Jersey,se Atlantic City ki kapital je daza. Enben sa fèmen tou. Kanta pou Eta Washington, kote maladi a te debake an premye Ozetazini, lifèmen depi youn bon ti bout tan. Epi n oblije fè youn ti kout pye lakay, kote COVID-19 debake semèn pase a, lè gouvènman te di yo te dekouvri 2 ka, youn mesye peyi Bèljik ki te gen youn ofelina nan Sen Michèl Latalay, epi yo te di youn franse, san dout youn pwofesè nan Inivèsite Manmlad la, tou le 2 nan nò peyi a. Enben anbasad Lafrans Pòtoprens kouri mete youn kominike deyò pou di pa gen krassitwayen franse ki pote okenn maladi vin Ayiti. Epi se prezian Jovnèl Moyiz menm ki te di sa. Kidonk, Coronavirus lakòz friksyon diplomatik. Pi devan pi tris. San dout, yo t ap pale Roudy, chantè ayisyen an ki te sot an Frans semèn pase ak maladi a. Nou konnen jan msye popilè, asireman li gen tan pase viris la bay plizyé fanatik.

Aguste D'MezaAyiti pa vrèman prepare pou fè fas a maladisa a ki debake nan peyi a. Nou bay Auguste D’Meza rezon pou kesyon l poze yo. M ap bay li an franse, jan nou wè l sou WhatsApp la : «Deux questions à la ministre de la santé : à

  • «Pourquoi ne pas rendre fonctionnel l’hôpital construit par les Turcs à la Croix des Bouquets ? Pour le matériel, allez à la douane, il y a un stock d’équipement disponible pour défaut de paiement. Arrêtez de les vendre aux enchères pour faire plaisir à un Tèt Kale. •«Pourquoi ne pas terminer en urgence l’hôpital Simbi, à Martissant? Arrêtez de quemander. L’argent de la BID vous intéresse plus que la santé de la population. «Enfin proposez à votre president de demander à la BNC de financer ces travaux a partir des plus de 4 milliards de profits accumulés appartenant à l’ensemble des citoyens. Pour une fois, mettez vous debout».

Se trè z enpòtan sa nou wè avèk pòtre kòm akonpayman : «Martelly fè zanmi l yo rich. Zero Lopital ! Epi yo pase pran Laurent Lamothe tou ak plis pase 600 milyon dola PetwoKaribe li te pran an. Zero Lopital !Avèk tout lòt parèy li yo.

Monsieur, le Président de la République ! Kòm yo di, se sa w ye toujou. Si w pa vle COVID-19 la vin fini avè w vre, mete gason sou ou, jan w di w ap fè ak «Ploutocracie» a, al chache lajan PetwoKaribe a kote w konnen ou ka jwenn li an, pou w fè tout travay ou gen pou fè yo, jan kanmarad Augusste D’Meza di a.

Laurent LamotheEpi sispann tout ipokrizi sa a, ap pibliye kominike pou w di tout mounn rantre lakay, pa soti. Kibò pou y ale a ? Nan fè nwa, yo pa menm gen youn ti gaz pou youn ti tèt gridap, san kouran eletrik pou sa yo ki genyen l youn lè konsa, san bon dlo pou yo bwè, san anyen pou yo manje ! W ap voye yo mouri anvan COVID-19 1a rive sou yo ? Nan lòt peyi kote yo fè moun yo rantre lakay yo, otorite yo deplwaye Gad nasyonal, Lame, Marin pou pote manje, medikaman, dlo,tou samounn yo bezwen pandan yo fèmen lakay yo. Sise kopye w ap kopye, fò w byen kopye. Tout jwèt se jwèt, men kwòchèt pa ladan l. Jwèt pou ou, tande ! Grenn Pwonmennen, 25 mas 2020


cet article est publié par l’hebdomadaire Haïti-Observateur, VOL. L No.11 New-York, édition du 25 mars 2020 et se trouve en P.6 à : http://haiti-observateur.ca/wp-content/uploads/2020/03/H-O-25-march-2020.pdf