{"id":10958,"date":"2023-10-04T22:40:14","date_gmt":"2023-10-05T02:40:14","guid":{"rendered":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=10958"},"modified":"2023-10-04T23:05:50","modified_gmt":"2023-10-05T03:05:50","slug":"grenn-pwonmennen-ayisyen-ka-fe-youn-nouvo-revolisyon","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=10958","title":{"rendered":"GRENN PWONMENNEN!  Ayisyen ka f\u00e8 youn nouvo Revolisyon"},"content":{"rendered":"<p><strong>4 octobre 2023 \u2013 GRENN PWONMENNEN!<\/strong><\/p>\n<ul>\n<li><strong>Ayisyen ka f\u00e8 youn nouvo Revolisyon<\/strong><\/li>\n<\/ul>\n<p>Gen plis pase 2 sy\u00e8k, egzakteman 218 lane, nan dat premye janvye ki te louvri lane 2023 a, ke Jean-Jacques Dessalines (Jan-Jak Desalin), papa nasyon an, te deklare endepandans politik Ayiti. Sa te reyalize apre d\u00e8nye gwo batay<em> Verti\u00e8res<\/em> (V\u00e8ty\u00e8 a), tou pre Okap Ayisyen, nan dat 18 novanm 1803, l\u00e8 zans\u00e8t nou yo te bat gwo lame Napol\u00e9on Bonaparte la, pou met fen a lesklavaj.<\/p>\n<p>Vwala ke depi l\u00e8 sa a, Ayiti ap pase youn tray, paske gwo nasyon ann Ew\u00f2p yo ak Etazini ki te monte ekonomi yo sou do bann esklav Nwa ke yo t al kidnape ann Afrik, te di f\u00f2k yo f\u00e8 Ayisyen peye pou frekansite yo, paske yo te bat gwo lame Blan an pou vin tabli premye nasyon N\u00e8g nw\u00e8 nan lemon. Yo te di se youn move egzanp pou esklav nan tout l\u00f2t peyi yo, ke sa te pral afekte ekonomi yo.<\/p>\n<p>Efektivman, anpil l\u00f2t mounn te vin chache \u00e8d ann Ayiti pou delivre peyi yo, an k\u00f2mansan pa Simon Bolivar, ki te libere plizy\u00e8 peyi nan Lamerik Latin nan. Gen plizy\u00e8 ki rekonesan anv\u00e8 Ayiti pou a. Ou ka w\u00e8 sa nan drapo yo, ki kopye sou drapo ble-e-wouj Ayiti a, tankou drapo Venezwela, Kolonbi ak Ekwat\u00e8, ke Simon Bolivar te enfliyanse, apre drapo Venezwela a te deplwaye pou lapremy\u00e8 fwa nan Jakm\u00e8l, ann Ayiti, anvan li te pati ak bato, solda, zam pou al libere Venezwela, nan lane 1817.<\/p>\n<p>An plis de sa, gen plizy\u00e8 l\u00f2t peyi ki te vin libere apre sa, ki te adopte koul\u00e8 ble ak wouj la, menm l\u00e8 yo dispoze koul\u00e8 yo youn sans diferan. Men: Chili, Kiba, Kosta Rika, Repiblik Dominik\u00e8n, Panama, Paragwe, menm P\u00f2to Rikko. Kivedi yo santi enfliyans Ayiti pr\u00e8ske toupatou nan Lamerik la, menm nan peyi Gr\u00e8s, ke n te ede nan lane 1822.<\/p>\n<p>Anpil l\u00f2t peyi benefisye de sa Ayiti te f\u00e8 pou konbat lesklavaj, men de p\u00e8 an fis, pitit bann krimin\u00e8l ki te mete N\u00e8g an esklavaj pou yo viv al\u00e8z nan peyi pa yo, te kontinye toupizi Ayiti. Sa pa janm sispann.<\/p>\n<p><strong>Youn t\u00e8t ansanm pami Ayisyen ki sonje sa zans\u00e8t yo te f\u00e8<\/strong><\/p>\n<p>Men sanble nou sou wout pou n bay youn l\u00f2t leson ank\u00f2, apre tout lane sa yo. Se k\u00f2msi Ayisyen vle suiv egzanp zans\u00e8t nou yo, ki te f\u00e8 youn t\u00e8t ansanm a youn s\u00e8ten moman, pou yo te vin gen laviktwa sou Blan Franse ki te mete yo ann esklavaj. Tout gwoup ki t ap batay kont Blan yo, chak ti gwoup nan z\u00f2n pa yo, te f\u00e8 youn gwo wounble nan Lakay\u00e8, nan dat 18 me 1803. Desalin chire moso blan nan mitan drapo franse a, li bay Catherine Flon (Katrin Flon) koud 2 lot moso yo, ble ak wouj la, ki te vin tounen drapo batay nou. Nan 6 mwa, jou pou jou, nan dat 18 novanm, nou bat pi gwo lame ki te genyen nan ep\u00f2k sa a.<\/p>\n<p>Sanble Ayisyen toupatou ap f\u00e8 menm jan an tou dekwa pou n reyalize youn l\u00f2t Revolizyon. Fwa sa a se pral youn Revolisyon ekonomik ki pral f\u00e8 lemonn antye respekte nou. Se konsa mwen ent\u00e8prete mouvman <strong>KPK a, KANNAL LA PAP KANPE!<\/strong> Se premye fwa mwen w\u00e8 Ayisyen toupatou, kit se patizan Vodou, kit se pr\u00e8t Katolik, past\u00e8 Pwotestan, kanpe menm b\u00f2. Yo tout nan <strong>KPK<\/strong>. Epi, se lasosyete, an jeneral, swa ann Ayiti osnon aletranje, ke ki rantre nan mouvman an.<\/p>\n<p>Okontr\u00e8, la nan Bwouklin nan, isit nan Nouy\u00f2k, vandredi pase, 29 septanmn nan, Ayisyen pa t kite nouv\u00e8l gwo lapli, ki te sanse anvayi tout z\u00f2n nan, anpeche yo reyini pou pote sip\u00f2 pa yo bay <strong>KPK<\/strong>. Nou bat bravo pou Kenny Altidor (Kenni Altid\u00f2), ki te lanse envitasyon sa a, epi ki te kanpe byen djanm l\u00e8 nouv\u00e8l gwo lapli a sanse te pral gate tout bagay. Li te di: <strong><em>\u201cNou p ap f\u00e8 bak, reyinyon pou 5 \u00e8\u201d.<\/em><\/strong> Epi li te pase chache m\u00a0nan machin ni.<\/p>\n<p>Mezanmi, menm lanati te tande epi la tou li koopere. Depi v\u00e8 midi, tout lapli te sispann, tandiske nan nouv\u00e8l nan tout televizyon se te youn s\u00e8l paw\u00f2l: <strong><em>\u201cPinga p\u00e8sonn soti lakay yo, paske dlo pral anvayi tout kote an Nouy\u00f2k la!\u201d<\/em><\/strong>. Te menm gen youn paw\u00f2l dlo ka bwote mounn ale. La tou, gen l\u00f2t ki t ap di: <em>\u201c\u00c0 peine si les plus justes seront sauv\u00e9s!<\/em>\u201d<\/p>\n<p>Enben, depi v\u00e8 midi konsa, nan vandredi a, tout lapli sispann. Mwen pa t bezwen kras pwoteksyon pou lapli, pa menm youn ti parapli pou m te soti. Jan nou w\u00e8 l la, pou apiye mouvman <strong>KPK<\/strong> a, lanati rantre nan jw\u00e8t la, li byen koopere!<\/p>\n<p><strong>Se prezidan Dominiken an, Luis Abinader ki lak\u00f2z KPK<\/strong><\/p>\n<p>Asireman, mwen pa bezwen eksplike nou sa k <strong>KPK <\/strong>a, paw\u00f2l la gentan gaye toupatou. Se prezidean Dominiken an, Luis Abinader, ki responsab pou mouvman sa a. K\u00f2m nou konnen, nan dat 15 septanm, jou vandredi sa a ki te <strong><em>\u201cJou Ent\u00e8nasyonal Demokrasi\u201d<\/em><\/strong>, selon deklarasyon Nasyon Zini depi lane 2007, Mesye Abinader, te deklare fwonty\u00e8 peyi l ak Ayiti f\u00e8men. Vwayaj nan avyon ak nan bato ant 2 peyi yo sispann tou. Epi msye debake ak twoup nan fwonty\u00e8, sitou nan 4 gwo trav\u00e8se ki genyen an 2 peyi yo, fwonty\u00e8 Dajabon anfas Wanament la anpremye. Li deplwaye youn bann twoup lame nan fwonty\u00e8. Epi l di tout bagay pral ret konsa jiskaske Ayisyen yo sispann konstwi kannal y ap f\u00e8 a pou pran dlo nan Rivy\u00e8 Masak la pou wouze jaden ann Ayiti, sitou anwo nan gwo plenn Maribawou a, nan N\u00f2d\u00e8s peyi a.<\/p>\n<p>Ansyen prezidan Dominiken yo rele Leonel Fernandez la te kouri pale byen vit. Li te di sa Abinader f\u00e8 a, al deplwaye twoup nan fwonty\u00e8, <strong><em>\u201cSe youn deklarasyon lag\u00e8. . . . <\/em><\/strong><strong><em>Nou pa nan lag\u00e8 ak Ayisyen, ni nou pa vle nan lag\u00e8 ak Ayisyen!\u201d<\/em><\/strong> La tou, Ayisyen oblije kouri ap kite Repiblik Dominik\u00e8n an kantite, paske jw\u00e8t la make san, sitou dat 2 ale 4 okt\u00f2b la raple nou lane 1937, l\u00e8 diktat\u00e8 Dominiken yo rele Rafael Leonidas Trujillo y Molina a te f\u00e8 masakre anviwon 30 mil Ayisyen nan menm z\u00f2n fwonty\u00e8 sa a, paske li te di bann moun nw\u00e8 sa yo ap vin sal ras la.<\/p>\n<p>Antouka, Ayisyen di KANNAL LA PAP KANPE! Epi gen Dominiken ki k\u00f2manse w\u00e8 bagay la nan menm fason mwen te di sa pral tounen. Asireman, nou te li nan 2 nimewo jounal Ayiti-Obs\u00e8vat\u00e8 ki sot pase yo kote mwen te di: <em>\u201cF\u00e8men fwonty\u00e8, koupe tout kontak ak Ayiti se youn kouto 2 b\u00f2, 2 tranchan, kouto fanmasi! <\/em><em>Se pa Ayisyen ase ki pral sibi. Se Dominiken ki pral blese pir\u00e8d\u201d.<\/em><em>\u00a0<\/em><\/p>\n<p><strong>Mwen pral bay youn depite Dominiken pale<\/strong><\/p>\n<p>Selon sa nou w\u00e8 nan youn video k ap sikile sou Ent\u00e8n\u00e8t la, se youn Mesye Hector Diaz nou w\u00e8 k ap lage gwo verite at\u00e8. Epi youn Ayisyen, ki pa bay non l, ke nou pa menm w\u00e8 vizaj li, k ap ent\u00e8prete pou li, paske msye t ap pale nan lang Pany\u00f2l. Mwen pran tan m, mwen kopye tou sa msye di yo pou nou. Jan msye pale a, mwen men mwen di: <strong><em>\u201cApa li, papa, men y oblije adm\u00e8t Dominiken pa ka reyisi anyen san Ayisyen!\u201d<\/em><\/strong><\/p>\n<p>Mezanmi, se pa mwen ki di, se depite Dominiken, an, Hector Diaz, ki pa sere kras pou p\u00e8sonn, k ap pale nan lang peyi l. Msye di youn bann verite ki merite pou nou tout tande, si nou ka jwenn video a. Antretan, tradiksyon ki f\u00e8t la, ke m f\u00e8 2 z ou 3 koreksyon tou piti, baze sou konnesans mwen de lang lan, mwen rele sa youn <strong><em>Manman Penba<\/em><\/strong>. Pa bliye ke se ak Dominiken par\u00e8y li l ap pale. Kanmenm msye dak\u00f2 pou yo toupizi Ayisyen, men jan l di l la, si Ayisyen byen konprann, sa pral ede yo f\u00e8 sakilfo pou met Dominiken nan plas yo. Antouka, men msye:<\/p>\n<p><em>\u201cAnn pa f\u00e8 ipokrizi! <\/em><em>Kann isit la, Dominiken pa pral koupe l. Nou bezwen Ayisyen yo pou koupe kann nan pou nou. Plantasyon isit la ap tonbe, san Ayisyen. Endistri konstrisyon isit la tou, l ap tonbe, si Ayisyen yo pa la. Isit la gen youn lwa 820, imigran pa travay nan konstriksyon. Men, pa gen okenn antrepriz ki respekte lwa sa a. Al nan youn chantye, w ap jwenn 3 Dominiken yo mete k\u00f2m chef, epi w ap jwenn 75 Ayisyen k ap konstwi.<\/em><\/p>\n<p><em>\u201cAl\u00f2 se sa k f\u00e8 f\u00f2k nou sispann ipokrizi a, paske nou bezwen Ayisyen yo isit la. Nou bezwen yo pou peyi a<\/em><\/p>\n<p><em>a ka devlope. Ayisyen pa koupab. Se youn bann mounn byen brav. N ap eskize m, men f\u00f2k nou kite ipokrizi\u00a0<\/em><em>a\u201d.<\/em><\/p>\n<p><em>Epi gen youn mounn ki t ap tande msye, ki kouri di: \u201cMwen menm, mwen dak\u00f2 av\u00e8k sa w ap di a\u201d.<\/em><\/p>\n<p><em>Epi depite a reprann: \u201cNou gen peyi sa a b\u00f2 kote nou an, pou jan l p\u00f2v la, se youn benediksyon pou nou. E noun menm, an Repiblik Dominik\u00e8n, nou ka f\u00e8 ans\u00f2t ke pou n eksplwate yo, pou n f\u00e8 Repiblik Dominik\u00e8n vin pi rich toujou.<\/em><\/p>\n<p><em>\u201cNou ka f\u00e8 menm jan ak Etazini, ki eksplwate tout peyi ke l kapab. Sa pou n f\u00e8 kounnye a, menm jan ak youn gwo puisans, nou ka eksplwate tout peyi nou kapab. Annou eksplwate min l\u00f2 ki rele Ayiti, ki la sou kote nou an! Nou pa mounn s\u00f2t. <\/em><em>Se biznis! Wi, bagay la se youn biznis!\u201d<\/em><\/p>\n<p><strong><em>(Sa par\u00e8t nan Pati Info News sou Ent\u00e8n\u00e8t la)<\/em><\/strong><\/p>\n<p><strong>Youn d\u00e8nye paw\u00f2l apre sa m tande, sa nou menm nou li, ki sot nan bouch youn Dominiken<\/strong><\/p>\n<p>Mwen kw\u00e8 f\u00f2k mouvman KPK a tounen youn mouvman <strong><em>Revolisyon ekonomik<\/em><\/strong> pou Ayisyen. Pou nou f\u00e8 revolisyon sa a se pou n tounen nan travay lat\u00e8 ann Ayiti seriezman pou Ayiti ka pwodui tou sa l bezwen. Jan depite Dominiken an di, Ayisyen konn travay byen r\u00e8d. Day\u00e8, se yo menm ki f\u00e8 Repiblik Dominik\u00e8n pa kanmarad Ayiti. Apa se Ayisyen ki nan koupe kann depi Ameriken te bwote yo mennen yo l\u00f2tb\u00f2 a, pandan yo te okipe tou 2 peyi yo, Aytiti de 1915 a 1934; epi Repiblik Dominik\u00e8n, de 1916 a 1924. Se konsa, peyi l\u00f2tb\u00f2 a te vin tounen youn kapital sik pou anpil peyi, espesyalman ann Ew\u00f2p, Etazini ak, Kanada. Tou sa, sou do Ayisyen. Si nou ka f\u00e8 sa pou yo, nou ka f\u00e8 l pou lakay nou tou.<\/p>\n<p>Tout gwo building nou w\u00e8 an Repiblik Dominik\u00e8n yo, ki rale touris pa milyon chak lane vin l\u00f2tb\u00f2 a, se Ayisyen ki konstwi yo. Se pa mwen ki di, se depite Dominiken an ki adm\u00e8t sa. Enben, Ayisyen pral rantre nan konstriksyon nan pw\u00f2p peyi yo. Asireman, nou w\u00e8 kib\u00f2 m ap vin ak nou. Nou pral bezwen pou tout gwo zouzounn k ap pran lajan peyi a al envesti an Repiblik Dominik\u00e8n f\u00e8 youn kanpe, epi k\u00f2manse<\/p>\n<p>envesti lakay, pou nou kapab pwodui tou sa n bezwen, pou n pa nan achte pou plis pase youn milya dola (1 000 000 000.00 $) ) nan men Dominiken, pandan n ap vann yo s\u00e8lman pou 11 milyon (11 000 000.00$). Epi se pw\u00f2p fr\u00e8 n, s\u00e8 n ak ti kouzen\/kouzin nou y ap eksplwate pou vin toupizi nou pir\u00e8d.<\/p>\n<p>Sa vle di, f\u00f2k nou mete bon dirijan anchay peyi a, ki ka met bonjan sekirite, ki pa nan dw\u00e8t lonk sipery\u00e8 ak lajan peyi a. Pa ka gen plas pou okenn gang. Epi say o rele enpinite a n ap sispann sa. Tout gwo v\u00f2lo\u00e8, miltimilyonn\u00e8, p\u00e8p la pral mande pou ran kont.<\/p>\n<p>Enben, Ayiti, peyi byen p\u00f2v ki la, ki sou kote Repiblik Dominik\u00e8n nan, ki konsidere k\u00f2m \u201cyoun min l\u00f2\u201d pou Dominiken, pral sispann s\u00e8vi k\u00f2m peyi pou l\u00f2tb\u00f2 eksplwate pou l devni peyi byen rich. Paske l\u00e8 gen bonjan lagrikilti lakay ak travay nan tout l\u00f2t branch, sa pral debouche sou youn Revolisyon Ekonomik, ki pral osi enp\u00f2tan ke Revolisyon Politik 1804 la. Lemonn antye pral sezi.<\/p>\n<p>Al\u00f2, nou konprann poukisa Prezidan Abinader p\u00e8 kesyon pou n gen dlo lakay nou ak youn s\u00e8l kannal, pandan ke Dominiken deja gen 11 kannal. Li gentan w\u00e8 sa Ayisyen ka reyalize ak s\u00e8lman youn kannal. Pi devan, se pa s\u00e8lman sou Rivy\u00e8 Masak la, men f\u00f2k gen l\u00f2t kannal sou bann rivy\u00e8 ki nan peyi a pou f\u00e8 Ayiti<\/p>\n<p>vin tounen youn ti paradi. Epi nou pral w\u00e8 kijan touris pral debake pou vin w\u00e8 sa, anplis de tout l\u00f2t sa nou gen pou montre yo, tout gwo f\u00f2 zans\u00e8t nou yo te bati apre yo te kraze lesklavaj. Paske nou pa ka premye nan kraze lesklavaj epi pou n vin d\u00e8nye, peyi ki pi p\u00f2v nan z\u00f2n Lamerik la.<\/p>\n<p>Ann pran lavni nou nan men nou. Ann f\u00e8 sa n gen pou f\u00e8, sitou ak riches anba t\u00e8 ke Ayiti pa manke. Se pout\u00e8t sa n ap di: <strong>KPK net al kole<\/strong>! Men <strong><em>sa se tw\u00f2k\u00e8t la, chay la d\u00e8y\u00e8! Men nan men, T\u00e8t Ansanm<\/em><\/strong>. Se sa ki <strong><em>\u201cL\u2019Union fait la Force\u201d<\/em><\/strong> la.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><strong>TiRenm\/Grenn Pwonmennen, nan <a href=\"mailto:raljo31@yahoo.com\">raljo31@yahoo.com<\/a><\/strong><\/p>\n\n\t\t<style type=\"text\/css\">\n\t\t\t#gallery-1 {\n\t\t\t\tmargin: auto;\n\t\t\t}\n\t\t\t#gallery-1 .gallery-item {\n\t\t\t\tfloat: left;\n\t\t\t\tmargin-top: 10px;\n\t\t\t\ttext-align: center;\n\t\t\t\twidth: 33%;\n\t\t\t}\n\t\t\t#gallery-1 img {\n\t\t\t\tborder: 2px solid #cfcfcf;\n\t\t\t}\n\t\t\t#gallery-1 .gallery-caption {\n\t\t\t\tmargin-left: 0;\n\t\t\t}\n\t\t\t\/* see gallery_shortcode() in wp-includes\/media.php *\/\n\t\t<\/style>\n\t\t<div id='gallery-1' class='gallery galleryid-10958 gallery-columns-3 gallery-size-medium'><dl class='gallery-item'>\n\t\t\t<dt class='gallery-icon landscape'>\n\t\t\t\t<a href='https:\/\/haiti-observateur.ca\/?attachment_id=8022'><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" width=\"300\" height=\"164\" src=\"https:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2023\/06\/HO16jJuin2021Udmo3-300x164.jpg\" class=\"attachment-medium size-medium\" alt=\"\" srcset=\"https:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2023\/06\/HO16jJuin2021Udmo3-300x164.jpg 300w, https:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2023\/06\/HO16jJuin2021Udmo3.jpg 325w\" sizes=\"auto, (max-width: 300px) 100vw, 300px\" \/><\/a>\n\t\t\t<\/dt><\/dl>\n\t\t\t<br style='clear: both' \/>\n\t\t<\/div>\n\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>cet article est publi\u00e9 par l\u2019hebdomadaire Ha\u00efti-Observateur, VOL. LIII, No. \u00c9dition sp\u00e9ciale Canada du 4 octobre 2023, et se trouve en P&#8230;. \u00e0<\/strong> \u00a0: <a href=\"https:\/\/haiti-observateur.net\/wp-content\/uploads\/2023\/10\/specialho4octobre2023Printweb.pdf\">specialho4octobre2023Printweb<\/a><\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: center;\"><span style=\"color: #000000;\"><a style=\"color: #000000;\" href=\"https:\/\/borrow.bklynlibrary.org\/iii\/encore\/record\/C__Rb11140309__Shaiti-observateur__Orightresult__X6;jsessionid=E6C3A1CDFDAB23856076ED5DC17C954D?lang=eng&amp;suite=def\"><strong>Ha\u00efti-Observateur<\/strong><\/a>\u00a0\/\u00a0<a style=\"color: #000000;\" href=\"http:\/\/tm9qt7lg9g.search.serialssolutions.com\/ejp\/?libHash=TM9QT7LG9G#\/search\/?searchControl=title&amp;searchType=title_code&amp;criteria=HA23OBS&amp;language=en-US&amp;titleType=ALL\"><strong>ISSN: 1043-3783<\/strong><\/a><\/span><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>4 octobre 2023 \u2013 GRENN PWONMENNEN! Ayisyen ka f\u00e8 youn nouvo Revolisyon Gen plis pase 2 sy\u00e8k, egzakteman 218 lane, nan dat premye janvye ki te louvri lane 2023 a, ke Jean-Jacques Dessalines (Jan-Jak Desalin), papa nasyon an, te deklare&#8230; <\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":6,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[2,3,24,25,44],"tags":[3439,4886,4887,4885],"class_list":["post-10958","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-afrique-2","category-amerik","category-gwenp","category-haiti","category-rdamerik","tag-ayisyen","tag-dekirite","tag-dominiken","tag-grenn-promennen"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/10958","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcomments&post=10958"}],"version-history":[{"count":2,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/10958\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":10960,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/10958\/revisions\/10960"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/media\/6"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fmedia&parent=10958"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcategories&post=10958"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Ftags&post=10958"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}