{"id":11071,"date":"2023-10-25T07:11:08","date_gmt":"2023-10-25T11:11:08","guid":{"rendered":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=11071"},"modified":"2023-10-25T07:11:08","modified_gmt":"2023-10-25T11:11:08","slug":"apre-arestasyon-badyo-a-kisa-ki-pral-vini","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=11071","title":{"rendered":"Apre Arestasyon Badyo a kisa ki pral vini? \u00a0"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: left;\">\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>GRENN PWONMENNEN! <\/strong><\/span><\/p>\n<ul>\n<li style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>Apre Arestasyon Badyo a kisa ki pral vini? <\/strong>\u00a0<\/span><\/li>\n<\/ul>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Jedi pase, nan dat 19 okt\u00f2b, arestasyon Joz\u00e8f Feliks Badyo (Joseph F\u00e9lix Badio) lak\u00f2z vant anpil mounn ap bouyi, paske msye konsidere k\u00f2m pi gwo pilye nan ansasinay Prezidan Jovn\u00e8l Moyiz la (Jovenel Mo\u00efse). Men anyen pa t janm rive l depi plis pase 2 lane apre gwo zak sa a, menm l\u00e8 yo te di Lapolis t ap chache l toupatou. S\u00e8 ke msye souche gwo kote, li te gen gwo bwa d\u00e8y\u00e8 bannann ni, jan yo di paw\u00f2l la. Al\u00f2, n ap mande kisa ki chanje ki f\u00e8 Lapoli\u00e8s resi arete msye?<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">L\u00e8 nouv\u00e8l la te f\u00e8k tonbe, yo te di se pandan msye te nan youn soup\u00e8mak\u00e8t nan Petyonvil, polisye te arete l san bri, san kont. Yo di se Konmis\u00e8 Polis \u00c8ns D\u00f2f\u00e8y (Ernst Dorfeuille) ki te arete msye, san douta k l\u00f2t polisye ki te av\u00e8 l. Tout bagay f\u00e8t, san bri san kont. Gen mounn ki te kw\u00e8 se youn pwason davril yo t ap ban nou nan mitan mwa okt\u00f2b la, men Gari Derozye (Garry Desrosiers), ki se p\u00f2tpaw\u00f2l Polis Nasyonal la (PNH), te klarifye sa byen vit, l\u00e8 li te anonse nouv\u00e8l la, epi nou w\u00e8 foto Badyo ak menn\u00f2t nan pony\u00e8t li vre. Pa gen manti nan sa.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">La tou, gen youn bann paw\u00f2l k ap sikile ki f\u00e8 anpil mounn ap reflechi sou kisa ki pral pase apre sa. Pa egzanp, yo di arestasyon an f\u00e8t pandan Premye Minis defakto a, Dokt\u00e8 Ary\u00e8l Anri (Ariel Henry), pa nan peyi a. Se vre, msye te Otawa, nan kapital Kanada, kote li te f\u00e8 pati delegasyon ch\u00e8f CARICOM yo, kivedi gwoup peyi nan Karayib la ke Ayiti ladan l nan tou. Yo te nan youn gwo wounble diran 2 jou ak Premye Minis kanadyen an, Justin Trudeau. De la, nan vandredi, 20 okt\u00f2b, Premye Minis la te deplase l al toudwat nan peyi Meksik pou l te asiste youn l\u00f2t konferans, sou envitasyon prezidan Meksik la.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>Maler\u00e8zman pou Badyo, pwotekt\u00e8 l pa t nan peyi a l\u00e8 yo pran l nan<\/strong><\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Poukisa Lapolis tann se pandan Premye Minis la dey\u00f2 pou yo arete Badyo, ki sanse gen pwoteksyon ch\u00e8f sipr\u00e8m nan, Ary\u00e8l Anri li menm? Asireman, se san konsantman msye yo arete Badyo. Nou poze kesyon an, paske se pa youn sekr\u00e8 pou p\u00e8sonn ke Badyo se mounn Premye Minis la. Gade kijan jounal <em>New York Times<\/em> vi n tounen ak koze a, pou di ke jou ansasinay prezidan an, Badyo te nan konv\u00e8sasyon ak Dokt\u00e8 Anri, anvan e apre ansasen yo te konm\u00e8t zak yo a, la anndan chanm akouche prezidan an, san yo pa t jwenn okenn rezistans, malgre te gen plis pase 40 polisye ki te sanse ap bay rezidans prezidan an pwoteksyon. Pa youn s\u00e8l pa t menm grafouyen.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Okontr\u00e8, selon enf\u00f2masyon ki te deja soti, depi davans, Badyo te sanse distribye 80 mil dola (80 000.00 $) bay polisye yo pou yo pa t f\u00e8 anyen kont ansasen yo. Apa de lajan Badyo te distribye a, te gen l\u00f2t aranjman \u00a0tou. Selon enf\u00f2masyon ki te bay depi menm jou ansasinay la, Leyon Chal (L\u00e9on Charles), ki te ch\u00e8f PNH la, pa t reponn telef\u00f2n prezidan an ki te rele l jou swa 6 jiy\u00e8 2021 an, pou di l li anba gwo danje, vin pote l sekou. Men, apre tout deblozay sa yo, vwala ke se menm Leyon Chal sa a ke Premye Minis la te voye pou reprezante l nan ansyen p\u00f2s anbasad\u00e8 l la, nan \u00d2ganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), nan Wachintonn nan, kote msye ye jouk kounnye a.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Diran 2 lane ki sot pase yo depi ansasinay prezidan an, se pa ni younn ni 2 fwa ke Badyo an konv\u00e8sasyon an Premye Minis la, ki toujou jwen youn fason pou ba l pwoteksyon. Li te jwenn fason chape poul li plis pase youn fwa, ak\u00f2z sa Premye Minis la te f\u00e8 pou li antan ke zanmi. \u00a0Al\u00f2, mwen konprann poukisa <em>New York Times<\/em> te ekri gen aranjman k ap f\u00e8t pou Ameriken vin pran Badyo byen vit, anvan yo voye msye al nan peyi san chapo.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Gen plizy\u00e8 gwo t\u00e8t ki pa al\u00e8z ditou av\u00e8k youn Badyo ki ka devwale anpil sekr\u00e8 sou kijan ansasinay prezidan an te f\u00e8t, ki mounn ki te nan konplo a, kil\u00e8s ki te bay lajan pou sa f\u00e8t. Nou kw\u00e8 tou ke menm Ameriken gen ti paw\u00f2l pa yo pou pale ak Badyo pou ranje bouch li, paske yo menm tou te ka gen mounn pa yo ki te patisipe nan ansasinay la. Nou w\u00e8 poukisa mwen di vant anpil mounn ap bouyi, n\u00e8spa?<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Premy\u00e8man, amwens ke y ap kontinye ak politik ipokrit yo a, frape mounn b\u00f2 isit, men pa touche mounn b\u00f2 l\u00f2tb\u00f2, Ary\u00e8l Anri ta f\u00e8t pou arete tou. Selon sa n konnen, se msye, antan ke Premye Minis, ki te bay Feliks Badyo tout pwoteksyon li te genyen an. Epi jan nou w\u00e8 l la, se pandan msye pa t ann Ayiti, Lapolis met men sou Badyo. Kil\u00e8s ki d\u00e8y\u00e8 arestasyon an menm?<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>Gwo bwa nan Kominote Ent\u00e8nasyonal la nan youn jw\u00e8t ipokrizi <\/strong><\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Y ap f\u00e8 paw\u00f2l sou ent\u00e8n\u00e8t la, k\u00f2msi se Mich\u00e8l Joz\u00e8f Mateli (Michel Joseph Martelly), ki rele t\u00e8t li \u00ab\u00a0Bandi Legal\u00a0\u00bb, ki ta pase konmis\u00e8 Polis \u00c8ns D\u00f2f\u00e8y (Ernst Dorfeuille) l\u00f2d pou arete Badyo, espesyalman pou l bay Ary\u00e8l Anri plis traka, paske l di se Premye Minis la ki bay youn bann manti sou li ki f\u00e8 Nasyon Zini lage 2 gidon d\u00e8y\u00e8 l, mete gwo akizasyon sou li sou kesyon gang ann Ayiti ke l te \u00f2ganize. Kidonk, av\u00e8k arestasyon Badyo a, se pa li menm ase k ap nan pwobl\u00e8m, bra anpil l\u00f2t mounn ap pran nan moulen tou. Gade kijan Lapolis deja arete 3 avoka ki t ap konseye Badyo. Epi yo debake lakay msye, nan z\u00f2n F\u00e8mat av\u00e8 l pou al fouye kay msye a. Jan nou w\u00e8 l la, se regleman k ap f\u00e8t av\u00e8k vagabon ofisy\u00e8l!<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Sa f\u00e8 m reflechi sou gwo otorite nan Kominote Ent\u00e8nasyonal la, ki kore Ary\u00e8l Anri byen djanm depi yo te mande CORE Gwoup la, sa m rele sendika diplomat yo a nan P\u00f2toprens lan, pou nonmen l nan plas Premye Minis la epi prezidan alafwa, menm l\u00e8 yo te konnen ki w\u00f2l msye te jwe nan ansasinay Jovn\u00e8l Moyiz la.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">La tou, m ap f\u00e8 n sonje ke se apre prezidan defakto a te louvri bra l bay peyi Larisi ke Ameriken yo te twouve msye se youn endividi danjere, f\u00f2k yo debarase yo de li. Nou deja eksplike sa plizy\u00e8 fwa l\u00e8 n te bay detay kijan anbasad\u00e8 Larisi nan peyi Venezwela te vin P\u00f2toprens nan dat 2 jen 2021, pou prezante l\u00e8t kreyans li bay Jovn\u00e8l Moyiz nan Pal\u00e8 Nasyonal, s\u00e8tadi li te vin anbasad\u00e8 peyi Larisi ann Ayiti tou.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Epi 2 sem\u00e8n pita, men Prezidan Moyiz, ansanm ak madanm ni Martine, alat\u00e8t youn delegasyon, ki te gen plis pase 20 mounn ladan l, Loran Lam\u00f2t (Laurent Lamothe) pami yo, ki te debake nan peyi Tiki (Turquie), pou patisipe nan youn gwo wounble. Se la li te nan fwote z\u00e8p\u00f2l ap plizy\u00e8 gwo diplomt Larisi. Epi men msye k ap retounen P\u00f2toprens ozanj, nan dat 19 jen 2021, paske li te jwenn tou sa l te bezwen, a 25 pou san (25%), gras a diplomat Larisi yo, ki te ent\u00e8vni pou li ak ofisy\u00e8l peyi Tiki yo. Larisi t ap peye 50 pou san (50%) b\u00f2dwo a. Epi ofisy\u00e8l peyi Tiki yo f\u00e8 youn gwo j\u00e8s, te retire youn l\u00f2t 25% pou li.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>Soti nan plan kidnaping, rantre nan plan ansasinay<\/strong><\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Enben menm jou 19 jen an yo te f\u00e8t pou kidnape Prezidan Moyiz osito li te debake nan ayewop\u00f2 Tousen Louv\u00e8ti, nan P\u00f2toprens, pou y al av\u00e8 l nan youn l\u00f2t peyi yo pa t janm di kil\u00e8s ladan yo. Men sa te pase mal, paske pou youn rezon nou pa janm konnen, avyon ki te pou vin pran l nan p at debake al\u00e8. Se konsa prezidan an te chape anba plan kidnaping nan. Men nan dat 7 jiy\u00e8, mwens ke 3 sem\u00e8n pita, plan kidnaping nan te vin tounen plan ansasinay. Nou konn r\u00e8s la. Antouka, mwen pa egare, epi m pa p\u00e8 ekri, ni pale pou m di bagay yo jan m konprann yo! Si m ap bay manti, m ap tann pou yo vin demanti m.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Vwala pouki sa mwen di m pa konnen kisa ki pral vini apre arestasyon Badyo a. \u00c8ske mesyedam Kominote Ent\u00e8nasyonal la fin f\u00e8 tou sa yo te bezwen f\u00e8 av\u00e8k Ary\u00e8l Anri ke yo te kore byen djam nan? \u00c8ske msye plis reprezante youn pwa lou kounnye a pou pwoch\u00e8n etap ki pral antreprann nan, menm ak f\u00f2s peyi etranje, sou direksyon peyi Kenya, ann Ayiti? Si sa resi f\u00e8t vre!<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Antouka, sa pa b\u00e8l ditou, an k\u00f2mansan pou Premye Minis la, ki gen gwo danje pandye sou t\u00e8t li nan kesyon arestasyon Joz\u00e8f Feliks Badyo sa a. L\u00e8 vant fin bouyi mezi kont li, se pral operasyon vant mennen. Sa pral f\u00e8 yo t\u00e8lman fennen, y ap tou al bwa chat san z atann. Mwen voye dlo m pa mouye p\u00e8sonn. Men chak mounn, an tan ke m\u00e8t paw\u00f2l, ka ranmase sa k pou yo nan tout koze sa a. M ale wi!<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>TiRenm\/Grenn Pwonmennen, nan <em>raljo31@yahoo.com<\/em><\/strong><\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>cet article est publi\u00e9 par l\u2019hebdomadaire Ha\u00efti-Observateur, VOL. LIII, No.38 \u00c9dition sp\u00e9ciale Canada du 25 octobre 2023, et se trouve en P.7 \u00e0<\/strong> \u00a0: <a href=\"https:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2023\/10\/special-h-o-25-oct-2023.pdf\">special h-o 25 oct 2023<\/a><\/span><\/p>\n\n\t\t<style type=\"text\/css\">\n\t\t\t#gallery-1 {\n\t\t\t\tmargin: auto;\n\t\t\t}\n\t\t\t#gallery-1 .gallery-item {\n\t\t\t\tfloat: left;\n\t\t\t\tmargin-top: 10px;\n\t\t\t\ttext-align: center;\n\t\t\t\twidth: 100%;\n\t\t\t}\n\t\t\t#gallery-1 img {\n\t\t\t\tborder: 2px solid #cfcfcf;\n\t\t\t}\n\t\t\t#gallery-1 .gallery-caption {\n\t\t\t\tmargin-left: 0;\n\t\t\t}\n\t\t\t\/* see gallery_shortcode() in wp-includes\/media.php *\/\n\t\t<\/style>\n\t\t<div id='gallery-1' class='gallery galleryid-11071 gallery-columns-1 gallery-size-large'><dl class='gallery-item'>\n\t\t\t<dt class='gallery-icon portrait'>\n\t\t\t\t<a href='https:\/\/haiti-observateur.ca\/?attachment_id=11048'><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" width=\"754\" height=\"1024\" src=\"https:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2023\/10\/special-h-o-25-oct-2023P7-754x1024.jpg\" class=\"attachment-large size-large\" alt=\"\" aria-describedby=\"gallery-1-11048\" srcset=\"https:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2023\/10\/special-h-o-25-oct-2023P7-754x1024.jpg 754w, https:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2023\/10\/special-h-o-25-oct-2023P7-221x300.jpg 221w, https:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2023\/10\/special-h-o-25-oct-2023P7-768x1044.jpg 768w, https:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2023\/10\/special-h-o-25-oct-2023P7.jpg 900w\" sizes=\"auto, (max-width: 754px) 100vw, 754px\" \/><\/a>\n\t\t\t<\/dt>\n\t\t\t\t<dd class='wp-caption-text gallery-caption' id='gallery-1-11048'>\n\t\t\t\tP7\n\t\t\t\t<\/dd><\/dl><br style=\"clear: both\" \/>\n\t\t<\/div>\n\n<p style=\"text-align: center;\"><span style=\"color: #000000;\"><a style=\"color: #000000;\" href=\"https:\/\/borrow.bklynlibrary.org\/iii\/encore\/record\/C__Rb11140309__Shaiti-observateur__Orightresult__X6;jsessionid=E6C3A1CDFDAB23856076ED5DC17C954D?lang=eng&amp;suite=def\"><strong>Ha\u00efti-Observateur<\/strong><\/a>\u00a0\/\u00a0<a style=\"color: #000000;\" href=\"http:\/\/tm9qt7lg9g.search.serialssolutions.com\/ejp\/?libHash=TM9QT7LG9G#\/search\/?searchControl=title&amp;searchType=title_code&amp;criteria=HA23OBS&amp;language=en-US&amp;titleType=ALL\"><strong>ISSN: 1043-3783<\/strong><\/a><\/span><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>GRENN PWONMENNEN! Apre Arestasyon Badyo a kisa ki pral vini? \u00a0 Jedi pase, nan dat 19 okt\u00f2b, arestasyon Joz\u00e8f Feliks Badyo (Joseph F\u00e9lix Badio) lak\u00f2z vant anpil mounn ap bouyi, paske msye konsidere k\u00f2m pi gwo pilye nan ansasinay Prezidan&#8230; <\/p>\n","protected":false},"author":2,"featured_media":11058,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[22,24,25,40],"tags":[4931,4932,4930,4929,1452,4933],"class_list":["post-11071","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-flash","category-gwenp","category-haiti","category-politique","tag-arestasyon","tag-ayiti","tag-badyo","tag-feliks","tag-grenn-pwomennen","tag-kidnaping"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/11071","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/users\/2"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcomments&post=11071"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/11071\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":11072,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/11071\/revisions\/11072"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/media\/11058"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fmedia&parent=11071"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcategories&post=11071"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Ftags&post=11071"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}