{"id":11276,"date":"2024-01-25T23:42:39","date_gmt":"2024-01-26T04:42:39","guid":{"rendered":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=11276"},"modified":"2024-01-27T23:54:52","modified_gmt":"2024-01-28T04:54:52","slug":"kijan-sa-pral-fini-nou-panko-konnen-men-sa-pral-fini-mal-pa-tirenm-grenn-pwonmennen","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=11276","title":{"rendered":"Kijan sa pral fini, nou panko konnen, men sa pral fini mal! pa TiRenm\/Grenn Pwonmennen"},"content":{"rendered":"<p><span style=\"color: #000000;\"><strong>Kijan sa pral fini, nou panko konnen, men sa pral fini mal!<\/strong><\/span><\/p>\n<ul>\n<li style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>24 janvye 2024<\/strong><\/span><\/li>\n<li style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><em>pa TiRenm\/Grenn Pwonmennen<\/em><\/span><\/li>\n<\/ul>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Jodi 24 janvye sa a, ke nou repar\u00e8t ak jounal la ki gen 4 sem\u00e8n depi l pa t pibliye, f\u00f2 m di mounn ki pa t resevwa n\u00f2t mwen te voye bay anpil nan lekt\u00e8 yo, nan dat 27 desanm 2023, pou anonse ke maladi nan staf jounal la, s\u00e8tadi pami mounn ki responsab pou prepare jounal la, chak sem\u00e8n, pou voye l nan enprimri, t ap lak\u00f2z jounal la p ap par\u00e8t jouk nan dat 24 janvye 2024 la. Antouka, tout bagay regle, tout mounn sou 2 pye milit\u00e8 yo ank\u00f2. Nou kenbe paw\u00f2l nou. Al\u00f2 n ap kontinye frape, mete tout verite dey\u00f2, san sere kras pou p\u00e8sonn.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Tou dab\u00f2, mwen p ap di n anyen nou pa konnen. Vwala ke dat 7 fevriye a ap mache prese prese sou nou. Rete s\u00e8lman 15 jou pou l rive. Sa k pral pase menm, sitou ke nou w\u00e8 Premye Minis defakto a, Ariel Henry (Ary\u00e8l Anri), chita toujou, li panko f\u00e8 mal\u00e8t li, ranmase tout tchanpan l yo pou l met dey\u00f2, jan l te di sa depi dat 21 desanm 2022. Asireman, nou sonje ke se nan dat sa a, li te siyen papye yo rele <em>\u00ab\u00a0Accord du 21 d\u00e9cmbre 2022\u00a0\u00bb, <\/em>epi li te monte sa <em>yo<\/em> rele <em>\u00ab\u00a0Haut Conseil de la Transition\u00a0\u00bb <\/em>(HCT)<strong><em>,<\/em><\/strong> ki te gen Madan Mirlande Manigat (Milann Maniga), reprezantan pati politik yo, k\u00f2m prezidan pami 3 mounn ki te nan \u00ab\u00a0Conseil\u00a0\u00bb la. L\u00f2t 2 manm yo, se te Calixte Fleuridor, ki te prezidan \u00ab\u00a0F\u00e9d\u00e9ration protestante\u00a0\u00bb la\u00a0te sanse reprezante sosyete sivil, epi Laurent St. Cyr, youn \u00f2m daf\u00e8 te nonmen, pou f\u00e8 biznismann ak medam ki nan konm\u00e8s yo plezi.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>Yo pran nan \u00ab\u00a0<em>Trahison\u00a0\u00bb<\/em> olye de \u00ab\u00a0<em>Transition\u00a0\u00bb<\/em> \u00a0<\/strong><\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Mwen pran nou menm lekt\u00e8 k\u00f2m temwen, ke nou pa t pran nan py\u00e8j Ary\u00e8l Anri a. Non s\u00e8lman nou pa t kw\u00e8 se youn bagay serye, men nou te ekri byen kl\u00e8 pou di se pa kras <em>\u00ab\u00a0Haut Conseil de la Transition<strong>\u00a0\u00bb<\/strong>,<\/em> men <em>\u00ab\u00a0Haut Conseil de la <strong>Trahison\u00a0\u00bb<\/strong><\/em><strong>.<\/strong> <strong>\u00a0<\/strong><\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Enben, apa li papa! Nou tout konstatate ke Ary\u00e8l Anri, dokt\u00e8 chirijyen, kivedi msye se dokt\u00e8 ki f\u00f2 nan f\u00e8 operasyon, youn jennonm ki te leve nan youn fanmi advanntis, papa l te menm past\u00e8, vwala ke li vin tounen youn gwo tr\u00e8t, mounn ki pa kenbe paw\u00f2l li. Li trayi pw\u00f2p siyati l anba Ak\u00f2 21 desanm 2022 a. N\u00e8spa ke l te di, av\u00e8k sip\u00f2 <em>\u00ab\u00a0Haut Conseil\u00a0\u00bb<\/em> li a, li te pral f\u00e8 eleksyon diran lane 2023 a, pou l renm\u00e8t pouvwa a, nan dat 7 fevriye 2024, bay prezidan ak tout ekip ke p\u00e8p la t ap chwazi nan bonjan eleksyon diran lane 2023 a? Kounnye a, 15 jou anvan 7 fevriye rive sou nou, nad marinad!<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Sa t\u00e8lman l\u00e8d, Madan Maniga, ki pa nan sere kras pou Premye Minis, di msye pa f\u00e8 sa pou l te f\u00e8, jan l te di a. Pout\u00e8t sa, rive 7 fevriye, li menm l ap rale k\u00f2 l nan <em>\u00ab\u00a0Haut Conseil de la Transition an\u00a0\u00bb. <\/em>Eskize m<em>, mwen vle di \u00ab\u00a0Haut Conseil de la <strong>Trahison<\/strong>.\u00a0<\/em>S\u00e8 ke l te kw\u00e8 se vre te pral gen \u00ab\u00a0Transition\u00a0\u00bb. Men sa vin tounen youn <strong>\u00ab\u00a0Trahison\u00a0\u00bb.<\/strong> Antretan, mwen pa tande l\u00f2t 2 konpay\u00e8l li yo.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">San nou pa bay t\u00e8t nou tw\u00f2p lwanj, n ap di nou toujou w\u00e8 bagay yo byen kl\u00e8 lontan anvan sa rive. Gade kijan sa nou te di a vin rive vre. Ary\u00e8l Anri twonpe yo tout. S\u00f2f nou menm, ki pa t janm kw\u00e8 msye se youn mounn de paw\u00f2l. Depi l te bay premye koutba a, nan mwa novanm 202l, apre Sendika diplomat <em>Core Groupe<\/em> la te mete l chita nan Primati a, nou te konnen msye te pral kontinye bay move kou. Paske tout bagay t ap pare pou eleksyon te f\u00e8t nan mwa novanm 2021, men l pa t \u00f2ganize kras eleksyon, jan sa te dwe f\u00e8t.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Jan nou konnen an, l\u00e8 mwa novanm te rive, msye te di gen tw\u00f2p gang, eleksyon pa ka f\u00e8t. L\u00e8 sa a se sitou Matisan ki te sou kontw\u00f2l gang depi dat premye jen 2021, anvan yo te ansasinen Prezidan Jovenel Mo\u00efse (Jovn\u00e8l Moyiz). Se 4 depatman \u2013Sid, Sid\u00e8s, Grandans ak Nip\u2014epi 3 gwo vil nan depatman Lw\u00e8s \u2013Leog\u00e1n, Grangwav ak Tigwav&#8211; ki depann de P\u00f2toprens dir\u00e8teman, ki te koupe nan kominikasyon pa rout ak kapital la. Pou youn chof\u00e8, ki te ase temer\u00e8 pase Matisan sot nan tout z\u00f2n Sid peui a, f\u00f2k li te debouse gwo k\u00f2b bay gang anvan l ka pase.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>Ary\u00e8l Anri nan konfyolo ak gang pou l ka ret opouvwa avi!<\/strong><\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Epi ki sa nou w\u00e8 depi Mouche Ary\u00e8l chita nan Primati a? Li pa regle keyon gang Matisan an. Okontr\u00e8, gang vin blayi toupatou. Yo izole kapital la ak tout r\u00e8s peyi a, pa s\u00e8lman ak z\u00f2n ki rele \u00ab\u00a0le Grand Sud\u00a0\u00bb, men av\u00e8k \u00ab\u00a0Le Grand Nord\u00a0\u00bb tou epe \u00ab\u00a0Plateau Central\u00a0\u00bb. Menm Rout Laboul, piwo Petyonvil la, se py\u00e8j, gang an kontw\u00f2l.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Gen mounn ki w\u00e8 nan jw\u00e8t Ary\u00e8l Anri an. Toutotan gen gang blayi toupatou, pa ka gen eleksyon. E k\u00f2m msye di se s\u00e8lman bay youn prezidan ke p\u00e8p la chwazi nan bonjan eleksyon l ap renm\u00e8t pouvwa. Se b\u00e8l mo franse ase l konnen\u00a0: <em>\u00ab\u00a0\u00c9lections d\u00e9mocratiques et participatives\u00a0!<\/em> \u00bb, men tou sa se gwo mo pou touye ti chen. Li pa nan renm\u00e8t kras pouvwa. \u00a0Kivedi, msye la avi, paske sa byen kl\u00e8 ke l\u00a0 \u00a0nan f\u00e8 anyen kont gang, Okontr\u00e8, toutotan gen plis gang, pa ka gen eleksyon. E nou menm, depi 8 septanm 2021, nou te lanse youn slogan ki di\u00a0: <strong><em>\u00ab\u00a0Toutotan kesyon gang nan pa regle, anyen pa ka regle ann Ayiti\u00a0\u00bb.<\/em><\/strong><\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Epi, men youn Ary\u00e8l Anri, san ke okenn Ayisyen pa t vote pou li nan kras eleksyon, se Premye Minis ak Prezidan avi, Ch\u00e8f Sipr\u00e8m menm, paske pa gen Lachanm ank\u00f2. Bliye sa k rele Senat\u00e8 ak Depite. Bliye tou sa k rele Majistra pou vil yo ak bouk yo. Pa gen kesyon de Az\u00e8k ak Kaz\u00e8k pou z\u00f2n lakanpay, sa yo rele peyi andey\u00f2 yo.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Poutan, Mesye Defakto a gen 30 mwa sou pouvwa. Li pa janm f\u00e8 anyen pou pwoteje lavi ak byen sitwayen yo, jan Konstitisyon peyi a mande pou youn ch\u00e8f nasyon an f\u00e8. Ata fatra nan lari msye pa montre li anmezi pou f\u00e8 ranmase sa. Se pout\u00e8t sa gwo pil fatra ap kreve je nou menm nan kapital la e nan l\u00f2t vil yo tou. Men msye di se pa Ayisyen ki te vote l mete l kote l ye a. Li pa gen s\u00e8vis pou l bay kras mounn.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>Men b\u00f2s Defakto a ap vin pote l sekou nan ranmase fatra, men gen diplis <\/strong><\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Men sa t\u00e8lman l\u00e8d, b\u00f2s li yo deside f\u00e8 kich\u00f2y, an k\u00f2mansan ak kesyon fatra a. Selon youn dekouv\u00e8t Ha\u00efti-Observateur a, fr\u00e8 m \u00a0Leo Joseph, f\u00e8 vwala ke Ameriken pran responsablite netwaye vil yo ann Ayiti ak youn pwogram ki rele <em>VIL,<\/em> ki vini ak tout slogan l: <em>\u201cEnsemble, Nettoyons les villes\u00a0\u00bb \u00ab\u00a0Ansanm, ann Netwaye Vil yo\u00a0\u00bb, <\/em>epi ann angle<em> \u00ab\u00a0Together let\u2019s clean the Cities.\u201d <\/em><\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Ou ta kw\u00e8 yo ta k\u00f2manse nan P\u00f2toprens, kote ki gen plis fatra k ap kreve je mounn, ki anpeche mounn ak vwati sikile jansadwa. O non, yo k\u00f2manse nan 2 vil peyi a, ki pa anba kontw\u00f2l gang, ki se dezy\u00e8m ak twazy\u00e8m vil nan peyi a apre P\u00f2toprens:Nan Okap Ayisyen, nan N\u00f2, ak nan Okay Difon, nan Sid. Nou ka ent\u00e8prete sa, jan nou vle, men pou mwen menm, mwen kw\u00e8 Ameriken yo, ki kanpe djanm d\u00e8y\u00e8 Defakto a, ap voye youn mesaj. Y ap k\u00f2manse nan vil ki pa gen pwobl\u00e8m ensekirite menm jan ak P\u00f2toprens, anvan yo anvayi plis l\u00f2t vil, jouk yo rive sou P\u00f2toprens.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Se pa youn envazyon ak solda, jan sa te f\u00e8t nan lane1915, paske fwa sa se ak mounn USAID, \u00f2ganizasyon ameriken ki deja ann Ayiti, ki finanse plizy\u00e8 l\u00f2t pwogram nan peyi a, yo k\u00f2manse. Kounnye a, yo k\u00f2manse nan pran responsablite pou pw\u00f2pte vil yo, ki se responsablite gouv\u00e8nman an atrav\u00e8 majistra yo, ke Premye Minis la nonmen, Yo pa \u00a0vr\u00e8man depann de p\u00e8p la, ki te vote pou mete yo la. Konsa, b\u00f2s Ameriken Ary\u00e8l Anri yo ap eseye f\u00e8 msye par\u00e8t b\u00e8l, pandan y ap pran kontw\u00f2l Ayiti, youn vil apre l\u00f2t.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Al\u00f2, mwen di se l\u00e8 n pran toutbon n ap konnen, paske si yo jwenn okenn rezistans, dizon ke gang ta atake younn nan gwo anplwaye USAID yo, solda ameriken ap debake nan z\u00f2n kote sa rive a, pou bay sekirite jansadwa. Epi anvan nou f\u00e8men je nou, se p ap s\u00e8lman USAID ki pral an pozisyon ann Ayiti, men twoup ameriken, sou kontw\u00f2l Pentagon ak Depatman Deta. Epi san nou pa atann, sa vin tounen youn l\u00f2t 1915.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Men jan Edit\u00e8 Leo di a, vwala ke Guy Philippe (Gi Filip) deja ap mobilize p\u00e8p la pou gen bonjan \u201cRevolisyon\u201d ann Ayiti. Se pout\u00e8t sa mwen te di depi nan k\u00f2mansman atik la, \u00ab\u00a0Nou pa konn kijan sa pral fini!\u00a0\u00bb Kanmenm, sanble nou rive nan youn Kafou ki pa s\u00e8lman Kafou 4 Chemen (Carrefour des Quatre Chemins) nan Okay, osnon Bary\u00e8 Bout\u00e8y (Barri\u00e8re Bouteille) nan Okap.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Antouka, pa gen tw\u00f2p tan ki rete pou gwo deblozay la pete. Pinga p\u00e8sonn di mwen pa t av\u00e8ti yo. <em>Pye kout, pran devan!<\/em><\/span><\/p>\n<ul>\n<li style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>TiRenm\/Grenn Pwonmennen, nan <em>raljo31@yah<\/em><em>oo.com<\/em><\/strong><\/span><\/li>\n<\/ul>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>cet article est publi\u00e9 par l\u2019hebdomadaire Ha\u00efti-Observateur, \u00c9dition sp\u00e9ciale Canada du 24 janvier 2024,<\/strong><\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: center;\"><span style=\"color: #000000;\"><a style=\"color: #000000;\" href=\"https:\/\/borrow.bklynlibrary.org\/iii\/encore\/record\/C__Rb11140309__Shaiti-observateur__Orightresult__X6;jsessionid=E6C3A1CDFDAB23856076ED5DC17C954D?lang=eng&amp;suite=def\"><strong>Ha\u00efti-Observateur<\/strong><\/a>\u00a0\/\u00a0<a style=\"color: #000000;\" href=\"http:\/\/tm9qt7lg9g.search.serialssolutions.com\/ejp\/?libHash=TM9QT7LG9G#\/search\/?searchControl=title&amp;searchType=title_code&amp;criteria=HA23OBS&amp;language=en-US&amp;titleType=ALL\"><strong>ISSN: 1043-3783<\/strong><\/a><\/span><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Kijan sa pral fini, nou panko konnen, men sa pral fini mal! 24 janvye 2024 pa TiRenm\/Grenn Pwonmennen Jodi 24 janvye sa a, ke nou repar\u00e8t ak jounal la ki gen 4 sem\u00e8n depi l pa t pibliye, f\u00f2 m&#8230; <\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":11285,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[24,25,40],"tags":[4932,1337,1452,4973,2950,4972],"class_list":["post-11276","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-gwenp","category-haiti","category-politique","tag-ayiti","tag-gang","tag-grenn-pwomennen","tag-pwal-fini","tag-slogan","tag-tiren"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/11276","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcomments&post=11276"}],"version-history":[{"count":4,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/11276\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":11284,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/11276\/revisions\/11284"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/media\/11285"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fmedia&parent=11276"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcategories&post=11276"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Ftags&post=11276"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}