{"id":2351,"date":"2018-07-08T10:11:40","date_gmt":"2018-07-08T14:11:40","guid":{"rendered":"http:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=2351"},"modified":"2018-07-08T10:11:40","modified_gmt":"2018-07-08T14:11:40","slug":"anvan-l-pase-2-zan-opouvwa-y-ap-prepare-depa-l-menm-franswa-nikola","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=2351","title":{"rendered":"Anvan l pase 2 zan\u00a0opouvwa, y ap prepare depa l\u00a0Menm Franswa Nikola&#8230;"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: left;\"><strong>Kr\u00e9y\u00f2l <\/strong><em>par Grenn Pwomennen<\/em><\/p>\n<ul>\n<li style=\"text-align: left;\"><strong>Anvan l pase 2 zan\u00a0<\/strong><strong>opouvwa, y ap prepare depa l\u00a0<\/strong><strong>Menm Franswa Nikola Jan-Klod\u00a0<\/strong><strong>Divalye II rantre nan won !<\/strong><\/li>\n<\/ul>\n<p>Sitiyasyon peyi a t\u00e8lman an\u00a0degraba ke nou pa menm konnen\u00a0si prezidan Jovn\u00e8l Moyiz (Jovenel Mo\u00efse) ap kapab boukle senk\u00a0(5) lane l la opouvwa. Sa k pir\u00e8d, s\u00e8 ke se mounn ki ta sipoze nan\u00a0menm kan av\u00e8 l k ap prepare pou\u00a0pouse do l. Vin mete ak l\u00f2t\u00a0mounn ki te deja nan lopozisyon, sa ka tounen youn mouvman ki\u00a0pa piti. Nou espere prezidan an\u00a0konprann nan ki sa l pran la a e\u00a0kisa l pral f\u00e8 pou anpeche youn\u00a0dezas jeneral.<\/p>\n<p>Vwala ke Franswa Nikola\u00a0Jan-Klod Divalye II (Fran\u00e7ois\u00a0Nicolas Jean-Claude Duvalier II), pitit Jan-Klod, pitit pitit Franswa, bay gwo ent\u00e8vyou nan Lavwa d\u00a0Lamerik jedi ki te 21 jen an epi li\u00a0f\u00e8 plizy\u00e8 deklarasyon ki montre l\u00a0ap rale k\u00f2 l sous 2 prezidan T\u00e8t\u00a0Kaleyo: Jovn\u00e8l Moyiz ak Mich\u00e8l\u00a0Mateli (Michel Martelly). Franswa Nikola di li pa t nan gouv\u00e8nman Mateli a, menm l\u00e8 gen\u00a0mounn ki konnen li te gen biwo\u00a0nan Pal\u00e8. L\u00e8 jounalis Jaklen Beliz\u00e8 (Jacquelin B\u00e9lizire) te poze l\u00a0kesyon sou Jovn\u00e8l Moyiz, msye<br \/>\nte di li pa konn prezidan an, li pa\u00a0janm rankontre l. Plistoujou, li di\u00a0jan sitiyasyon peyi sa a ye kounnye a, tout mounn konsyan dwe\u00a0f\u00e8 youn bagay pou wete peyi a\u00a0nan sa l ye a.<\/p>\n<p>Epi msye lage paw\u00f2l at\u00e8. Kijan ou konprann tout bann j\u00e8n\u00a0sa yo ap kouri kite peyi a pou al\u00a0chache lavi l\u00f2t kote ! Se pa posib. Limenm li pralf\u00e8 tou sa l konnen\u00a0pou j\u00e8n yo rete nan peyi yo. L\u00e8 yo\u00a0fin f\u00e8 etid yo, f\u00f2k yo jwenn travay\u00a0k ap tann yo. Kijan li pral f\u00e8 sa la\u00a0a ? Li pral pran pouvwa, n\u00e8spa ?\u00a0O, li pa t konprann se konsa paw\u00f2l la sonnen ! Men si w pral f\u00e8\u00a0sa w konnen pou chanje sitiyasyon j\u00e8n yo, sa vle di f\u00f2k ou an\u00a0pozisyon politik pou w rive f\u00e8 sa.<\/p>\n<p>Men se pa kesyon j\u00e8n yo s\u00e8lman\u00a0ki montre ke Franswa\u00a0Nikola ap wete k\u00f2 lsou rejim T\u00e8t\u00a0Kale a. Gen kesyon kantite lajan\u00a0peyi a mesye yo v\u00f2l\u00f2. V\u00f2l l ap\u00a0denonse a se PetwoKarib. L\u00e8 jounalis Beliz\u00e8 te mande msye sa l ta\u00a0f\u00e8 sou kesyon sa a.si l ta rive gen\u00a0pouvwa a nan men l, msye pa t\u00a0ezite youn segonn, li di : \u00ab La reddition des comptes. Il faut la reddition des comptes ! F\u00f2k nou konnen sa k te pase \u00bb. Jan n tande l la,\u00a0Franswa Nikola Divalye rantre\u00a0nan kesyon an tou. F\u00f2k nou konnen sa k pase ak Fon PetwoKarib\u00a0la. Twa (3) milya ui san milyon\u00a0dola v\u00e8t ! (3 800 0000 000,00 $).<\/p>\n<p>Enben, vandredi pase, 29 jen\u00a0an, mwen te nan Lavwa d\u00a0Lamerik tou epi mesye Beliz\u00e8 te\u00a0f\u00e8 m remake ke ni opozisyon\u00a0demokratik la ni Franswa Nikola, tout dak\u00f2 sou pwen sa a. Kijan m\u00a0esplike sa ? Mwen te reponn ke\u00a0toutmounn gen z\u00f2r\u00e8y pou tande e\u00a0yo limenm rap\u00f2 yo, yo tout w\u00e8 sa\u00a0k dwe f\u00e8t. Men s\u00e8 twouve ke\u00a0sekt\u00e8 demokratik la te toujou ap\u00a0frape kont k\u00f2ripsyon e PetwoKarib la se pi gwo dosye k\u00f2rip- syon ki genyen. Men Franswa\u00a0Nikola f\u00e8k rantre nan batay la\u00a0av\u00e8k deklarasyon ke l te f\u00e8 nan\u00a0dat 21 jen an.<\/p>\n<p>Men li pa ka foure k\u00f2 l tw\u00f2p\u00a0nan kesyon an. Paske msye ta vle\u00a0rete sou d\u00e8nye gouv\u00e8nman sa yo\u00a0ki responsab pou lajan petw\u00f2l\u00a0venezwelyen an. L\u00e8 jounalisla te\u00a0vin sou aksyon lajistis ki toujou\u00a0sou do papa l, msye te reponn \u00ab Sa\u00a0se youn zaf\u00e8 p\u00e8son\u00e8l \u00bb. K\u00f2mpapa\u00a0l deja mouri \u2014 e granp\u00e8 l tou \u2014, pa gen fason pou trennen yo nan\u00a0tribinal. Toujou sou kesyon \u00ab rann\u00a0kont la \u00bb, jounalis la te mande\u00a0\u00ab \u00c8ske reddition des comptes la pa\u00a0ta f\u00e8t pou monte jounk nan lane\u00a01957 ? \u00bb<\/p>\n<p>S\u00e8tadi, k\u00f2m granp\u00e8 msye te\u00a0monte opouvwa le 22 okt\u00f2b\u00a01957, f\u00f2k ta gen envestigasyon\u00a0pou konnen tou sa k te pase ak\u00a0lajan peyi a l\u00e8 sa a.<\/p>\n<p>Enben, Franswa Nikola, ki te\u00a0pale byen vit sou lajan PetwoKarib la, te ezite k\u00e8k segonn anvan l te di : \u00ab Enben wi, yo kapab\u00a0dekouvri anpil bagay ! \u00bb Epi l\u00a0kouri kite sij\u00e8 a. Nenp\u00f2t mounn k\u00a0ap analize jan bagay la te pase, pitit pitit Franswa Divalye a tou\u00a0di,san l pa dil akl\u00e8, ke sa k te pase\u00a0depisou granp\u00e8 l pa alam\u00f2d ank\u00f2. Menm jan li te di papa l deja\u00a0mouri e kesyon aksyon lajistis\u00a0kontli paka kontinye ank\u00f2. Paske\u00a0\u00ab C\u2019est personnel \u00bb. Se pral\u00a0menm jan tou pou granp\u00e8 l. Nou\u00a0pakab al detere m\u00f2a pou mennen<br \/>\nl nan tribinal.<\/p>\n<p>Antouka, l\u00e8 m te gen op\u00f2tinite nan ent\u00e8vyou mwen te f\u00e8 nan\u00a0dat 29 jen an, mwen te f\u00e8 remake\u00a0ke gen anpil enf\u00f2masyon sou\u00a0kantite lajan Jan-Klod Divalye ak\u00a0Mich\u00e8l Benn\u00e8t te ranmase. Se te\u00a0n\u00e8f san milyon dola (900 000\u00a0000,00 $). Mwen te mande youn\u00a0eksp\u00e8 nan kesyon an pou di m de\u00a07 fevriye 1986 rive kounnye a\u00a0konbyen 9 sanmilyon an ta vo. Li\u00a0rale konpit\u00e8 l, an 2 tan 3 mouvman, li ban m chif la : 2 milya 70\u00a0milyon dola (2 070 000 000,00\u00a0$). Donk, v\u00f2l\u00e8 ofisy\u00e8l yo f\u00e8 mezi\u00a0kont yo, kit se nan PetwoKarib, kit se nan \u00ab phase \u00e9conomique\u00a0Jan-Klod la. Se pa milya yo ranmase lajan p\u00e8p la,se pa milyon !<\/p>\n<p>Jan nou w\u00e8 l la, Jan Klod\u00a0Divalye te vr\u00e8man f\u00e8 sa l te di li te\u00a0pral f\u00e8 a. Papa D\u00f2k te di li menm\u00a0li te f\u00e8 \u00ab la phase explosive de la\u00a0r\u00e9volution \u00bb, epi Bebe D\u00f2k, li\u00a0menm, te di \u00ab Je ferai la r\u00e9volution \u00e9conomique \u00bb. An bon krey\u00f2l, Franswa Divalye te di mwen\u00a0touye tout mounn ki te sou wout\u00a0mwen. L\u00f2t yo te kouri chape poul\u00a0yo, y al ann egzil. Se nan \u00ab phase\u00a0explosive \u00bb la, Divalye te voye\u00a0gwo kamyon bwat al chache\u00a0mounn an pwovens vin P\u00f2toprens nan dat 22 ke lte deside : 22\u00a0deptanm, 22 okt\u00f2b ou 22 avril. Se\u00a0pou yo te vin rele \u00ab Divalye avi \u00bb, vin ba l tout on\u00e8 nan P\u00f2toprens. Epi yo pa janm retounen mennen<br \/>\nmounn yo nan peyi yo. Se konsa\u00a0bidonvil koumanse nan P\u00f2toprens. Epimakout te f\u00e8 sa yo te pi\u00a0pito. Se konsa Franswa te krazebrize diran kat\u00f2z (14) an. K\u00f2m\u00a0jounalis la te mande, \u00e8ske papa\u00a0Franswa Nikola te esplike l bagay\u00a0sa yo ? Li te vag kesyon an ak\u00a0youn repons ki pa vr\u00e8man di\u00a0anyen. O, li te aprann anpil nan\u00a0men papa l ak manman l.<\/p>\n<p>L\u00e8 \u00ab prezidan avi \u00bb a te santi\u00a0li pral mouri, li te pran ti gason l\u00a0nan, alaj 19 an, li mete 2 men l\u00a0sou z\u00e8p\u00f2l ti tonton an ki te chita\u00a0sou youn ch\u00e8z boure epi li deklare : \u00ab Men j\u00e8n lid\u00e8 mwen t ap prepare pou nou an ! \u00bb Antan ke ch\u00e8f\u00a0sipr\u00e8m, Franswa f\u00e8 chanje konstitisyon an, li bese laj pou youn\u00a0mounn prezidan a dizuit (18) an. Sekonsa Jan-Klod, \u00ab Bebe D\u00f2k \u00bb, pase 15 an k\u00f2m \u00ab prezidan avi \u00bb. Avr\u00e8 di, li pa t touye otan ke papa\u00a0l. Tout opozan te deja ann egzil. Kanta pou mwen, depi sou Franswa mwen te kondane a m\u00f2 nan\u00a0lane 1968 e yo te retire nasyonalite m. Mwen pase 18 an ap vwayaje ak youn ti livr\u00e8 Depatman<br \/>\nLajistis Eta-Zini te ban m, paske\u00a0mwen te rezidan. Se nan paj ti\u00a0livr\u00e8 sa a yo te met viza l\u00e8 m t al\u00a0an vwayaj aletranje. Se te youn \u201cRe-Entry Permit\u201d, kivedi mwen\u00a0te ka tounen Ozeta-Zini san pwobl\u00e8m l\u00e8 m te vwayaje aletranje. Nan espas kote pou yo mete\u00a0Nasyonalite, se te \u201cStateless\u201d, apatrid, ki pa sitwayen okenn\u00a0peyi. Se sou gouv\u00e8nman CNG\u00a0(Conseil national de gouvernement)\u00a0Anri Nanfi (Henri Namphy), defen an, ke m te vin gen\u00a0nasyonalite m bak.<\/p>\n<p>Ann tounen sou Bebe D\u00f2k ak\u00a0\u00ab phase \u00e9conomique \u00bb li a. De\u00a01971 a 1980, ti bonnonm prezidan avi a te sou l\u00e8z\u00f2d \u00ab ManmanD\u00f2k \u00bb, kivedi Sim\u00f2n Divalye (Simone Duvalier) av\u00e8k tout darati\u00a0k\u00f2n siye ke yo te rele dinoz\u00f2 yo. Antretan, Bebe a t ap monte f\u00f2s\u00a0represyon pa l, \u00ab Les L\u00e9opards \u00bb, b\u00e8t sovaj n\u00e8t.<\/p>\n<p>Epi Bebe vin tonbe\u00a0damou pou Mich\u00e8l Benn\u00e8t. Si se\u00a0te pou Manman D\u00f2k pa gen\u00a0maryaj ki t ap f\u00e8t. Antouka, n ap\u00a0koupe sou istwa a, paske li ta tw\u00f2\u00a0long si pou m ta rantre nan tout ti\u00a0detay. S\u00e8l sa mwen ka di n, l\u00e8\u00a0Mich\u00e8l rantre nan Pal\u00e8 se l\u00e8 sa a\u00a0Sim\u00f2n vin p\u00e8di tout pouvwa li te\u00a0gen sou Bebe a ki te vin granmounn. E Mich\u00e8l te jwi \u00ab phase\u00a0\u00e9conomique \u00bb la san gad d\u00e8y\u00e8. Mesyedam yo te menm achte\u00a0gwo apatman nan Mannhatann, nan \u00ab Trump Tower \u00bb pou plis\u00a0pase 2 milyon dola. Nou pa konn\u00a0konbyen vwati kous gwo pri Bebe D\u00f2k te achte. Epi pou l te ka\u00a0jwi yo jan l te vle, li te konstwi\u00a0Wout nasyonal Nimewo 1 al nan\u00a0N\u00f2 ak Nimewo 2 al nan Sid. Kanta pou Mich\u00e8l menm, li te\u00a0konn al nan vwayaj Nouy\u00f2k, a\u00a0Pari, kote se anmilyon l te dapanse. Bon jan revolisyon ekonomik\u00a0pou fanmi ak zanmi yo !\u00a0Epi men nou vin tonbe nan\u00a0Franswa Nikola Jan-Klod Divalye ki par\u00e8t sou nou tou cho tou\u00a0bouke. Li vin pou l sove Ayiti\u00a0anba grif k\u00f2ript\u00e8 yo. Li se youn\u00a0j\u00e8n gason 35 an k ap met ansanm\u00a0ak j\u00e8n nan peyi a pou f\u00e8 travay la. L\u00e8 jounalis la mande l eksperyans\u00a0li, li pale de papa l ki te prezidan\u00a0avi pou 15 an. Epi anvan sa, li di\u00a0pa bliye papa l te leve nan Pal\u00e8 a\u00a0kote se te youn l\u00f2t prezidan, s\u00e8tadi granp\u00e8 l, ki te opouvwa pou 14\u00a0an. Donk, papa l se mod\u00e8l l ap\u00a0suiv. Men tou li etidye Relasyon\u00a0ent\u00e8nasyonal av\u00e8k Jesyon, osnon\u00a0manajman \u00f2ganizsyon. Li byen\u00a0pare pou l pranmay\u00e8tla annAyiti. Menm av\u00e8k tout gwo chay kisou\u00a0do l av\u00e8k sa non Divalye a reprezante ! Poukwa pa ? Li pa t konn\u00a0anyen l\u00e8 l te kiteAyiti l\u00e8 l te gen 3\u00a0zan. S\u00e8lsa mov\u00e8z lang, mal palan\u00a0ta ka repwoche l, yo ta ka di li te\u00a0\u00ab v\u00f2l\u00f2 bibwon youn l\u00f2t bebe ! \u00bb<\/p>\n<p>Donk, Nikola Franswa, ki\u00a0benefisye de tout lajan papa l ak\u00a0manman l te v\u00f2l\u00f2, prezante t\u00e8t li\u00a0k\u00f2m sov\u00e8 p\u00e8p ayisyen an k ap\u00a0pase youn tray. E si peyi a nan eta\u00a0li ye a se pw\u00f2p granp\u00e8 l ak papa l\u00a0epi manman l ki lak\u00f2z. Se yo\u00a0menm ki te lak\u00f2z katreven pou\u00a0san (80 %) ent\u00e8lekty\u00e8l ak pwofesyon\u00e8l Ayiti te kouri kite peyi a, sitou nan lane 60 yo. Nou jwenn\u00a0yo nan anpil l\u00f2t peyi, an\u00a0 Afrik, o\u00a0Kanda, nan Eta-Zini, ann Ew\u00f2p e\u00a0menm nan peyi Lamerik Latin\u00a0yo. Se la y al ede prepare etidyan\u00a0l\u00f2t peyi, tandiske lakay yo p\u00e8p la\u00a0rete nan f\u00e8 nw\u00e8, Papa D\u00f2k ak\u00a0Bebe D\u00f2k pat enterese nan\u00a0montre p\u00e8p la li ak ekri, paske yo\u00a0ta vin konn tw\u00f2p bagay, yo ta ka\u00a0rev\u00f2lte. Tank p\u00e8p la pi egare se\u00a0mey\u00e8 fason pou kontwole l.<\/p>\n<p>Men kounnye a Nikola vire\u00a0lang li lanv\u00e8 pou l di li pa ka vin\u00a0ak youn l\u00f2t diktati, paske gen\u00a0evolisyon ki f\u00e8t. Men se li menm\u00a0ki te ekri gwo atik nan Le\u00a0Nouvelliste nan dat 19 avril 2013\u00a0pou l te lwanje granp\u00e8 l : \u201c An\u00a0memwa Dokt\u00e8 Franswa Divalye, prezidan avi \u00bb. Franswa\u00a0Nikola te di : \u00ab Li te itilize bon jan\u00a0 konnesans li te genyen pou l.<\/p>\n<hr \/>\n<p>cet article est publi\u00e9 par l&rsquo;hebdomadaire Ha\u00efti-Observateur, \u00e9dition du 4 juillet 2018, en <strong>P. 6,<\/strong> .section cr\u00e9ole, et, se trouve \u00e0 :\u00a0<a href=\"http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2018\/07\/H-O-4-juillet-2018-2.pdf\">http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2018\/07\/H-O-4-juillet-2018-2.pdf<\/a><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Kr\u00e9y\u00f2l par Grenn Pwomennen Anvan l pase 2 zan\u00a0opouvwa, y ap prepare depa l\u00a0Menm Franswa Nikola Jan-Klod\u00a0Divalye II rantre nan won ! Sitiyasyon peyi a t\u00e8lman an\u00a0degraba ke nou pa menm konnen\u00a0si prezidan Jovn\u00e8l Moyiz (Jovenel Mo\u00efse) ap kapab boukle&#8230; <\/p>\n","protected":false},"author":2,"featured_media":2333,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[25,40,49],"tags":[205,966,1451,1495,2114,2292,2601,3220],"class_list":["post-2351","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-haiti","category-politique","category-societe","tag-ann-afrik","tag-diktati","tag-grenn-pwomenen","tag-haiti-observateur","tag-meriken","tag-nicolas-duvalier","tag-pouvwa","tag-vole"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/2351","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/users\/2"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcomments&post=2351"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/2351\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fmedia&parent=2351"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcategories&post=2351"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Ftags&post=2351"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}