{"id":3084,"date":"2018-05-19T23:49:20","date_gmt":"2018-05-20T03:49:20","guid":{"rendered":"http:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=2086"},"modified":"2018-05-19T23:49:20","modified_gmt":"2018-05-20T03:49:20","slug":"kiles-ki-anchaj-nan-peyi-dayiti","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=3084","title":{"rendered":"Kil\u00e8s ki anchaj nan peyi Dayiti ?"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: left;\"><strong>Kr\u00e9y\u00f2l <\/strong><em>pa Grenn Pwonmennen<\/em><\/p>\n<ul style=\"text-align: left;\">\n<li><strong>Kil\u00e8s ki anchaj\u00a0nan peyi Dayiti ?<\/strong><\/li>\n<\/ul>\n<p style=\"text-align: left;\">Selon sa n konnen, gen youn prezidan ak youn Premyeminis ki ta\u00a0dwe anchaj peyi Dayiti. Men selon nouv\u00e8l n ap resevwa soti nan\u00a0plizy\u00e8 z\u00f2n nan peyi a, koumanse\u00a0nan P\u00f2toprens, sanble se gang\u00a0ame ak gwo zam fann fwa ki\u00a0ch\u00e8f.Jan sa prale a,sitiyasyon an\u00a0kapab depase gouv\u00e8nman ki tabli\u00a0nan P\u00f2toprens la. Ann koumanse sou sa k ap\u00a0pase nan z\u00f2n Matisan, B\u00f2l\u00f2s, Gran Ravin, Site Let\u00e8n\u00e8l, elatriye. San yo pa f\u00e8 okenn deklarasyon ofisy\u00e8l, gang yo kontwole\u00a0z\u00f2n sa yo. Nou gen bon jan egzanp de sa, sitou ke jiskaprezan\u00a0gouv\u00e8nman an pa ka bay youn\u00a0rap\u00f2 sou kijan jounalis-fotograf\u00a0Vladjimi Legay\u00e8 (Vladjimir\u00a0 Legagneur) dispar\u00e8t depi le 14\u00a0mas nan z\u00f2n Gran Ravin nan. Se\u00a0vre ke Lapolis di yo arete k\u00e8k\u00a0endividi, ke yo jwenn telef\u00f2n\u00a0jounalis la nan men youn N\u00e8g\u00a0nan z\u00f2n Gran Ravin nan ki t ap\u00a0sikile al\u00e8z nan P\u00f2toprens. Men\u00a0jiska prezan, okenn rap\u00f2 ofisy\u00e8l\u00a0de kisa k te pase menm.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Okontr\u00e8, m tande ke Lapolis\u00a0ap mande konkou FBI (Fed\u00eferal\u00a0Bureau of Investigation) jouk\u00a0Ozeta-Zini pou analize zosman\u00a0yo jwenn nan z\u00f2n Gran Ravin\u00a0pou konnen sise zosman jounalis\u00a0la. L\u00f2t bagay n aprann tou se pa\u00a0zosman youn s\u00e8l mounn yo\u00a0jwenn. \u0112ske nou tande de koze ?\u00a0Kif\u00e8 z\u00f2n nan vin tounen youn simity\u00e8 san okenn kontw\u00f2 ! Kadav\u00a0lage at\u00e8 pou chen manje ! \u0112ske\u00a0yo pa konn ke bagay konsa ka\u00a0vin lage enfeksyon nan z\u00f2n nan\u00a0ki ka gaye l\u00f2t kote tou ? Sanble sa\u00a0pa regade yo, paske yo gen bonsekirite k ap siveye yo kote yo\u00a0chita nan Pal\u00e8, nan Primati, nan\u00a0minist\u00e8, nan katye jeneral Lapolis. Men enfeksyon konn vwayaje byen lwen. Pi ta sa ka pi tris.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Ann f\u00e8 youn kout pye l\u00f2t\u00a0kote, tankou nan z\u00f2n Ty\u00f2t (Thiote), seksyon nan Sid\u00e8s, b\u00f2 Jakm\u00e8l. Le 27 avril, gang nan z\u00f2n\u00a0nan te kwape 14 polisye ak 2\u00a0apant\u00e8 ki te vin ak youn s\u00e8ten\u00a0Mesye Jak Bl\u00e8k (Jacques Bleck)\u00a0pou vin reklame t\u00e8 fanmi l nan\u00a0z\u00f2n nan. Gang yo memn arive\u00a0boule 2 machin polis epi yo pran anpil zam polisye yo te kouri kite\u00a0d\u00e8y\u00e8. Bondye f\u00e8 okenn polisye\u00a0pa mouri. Se k\u00e8k sitwayen bon\u00a0k\u00e8 ki te bay polisye yo pwoteksyon jouk yo te ka tounen lakay\u00a0yo anvi.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Apre chwal fin sove yo kouri\u00a0di f\u00e8men bary\u00e8. Nou tande otorite nan P\u00f2toprens di yo arete youn anplwaye nan minist\u00e8 Entery\u00e8 ki\u00a0te pran lajan sou kote nan men\u00a0Jak Bl\u00e8k pou l te ka gen pwoteksyon polisye ki t al av\u00e8 l nanTy\u00f2t\u00a0pou f\u00e8 reklamasyon t\u00e8 yo. Si se\u00a0konsa reklamasyon ap f\u00e8t an gwo\u00a0pony\u00e8t, san Lajistis pa nan ke syon an, toutal\u00e8 peyi a pral tounen flanm dife ke yo p ap ka\u00a0etenn. Sitou l\u00e8 n konnen ponpye\u00a0pa pr\u00e8ske egziste, menm nan\u00a0P\u00f2toprens ki kapital peyi a. Pa di\u00a0m ap bay manti. Nou gen bon\u00a0egzanp devan nou ak sa k te pase\u00a0nan gwo mache f\u00e8 a nan mitan\u00a0lavil la pandanmounn t ap banbile nan Kanaval nasyonal la, nan\u00a0mwa fevriye a.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">L\u00e8 n kite depatman Sid\u00e8s la, nou pase nan z\u00f2n N\u00f2 a, nan kapital la menm, Okap Ayisyen. Sa\u00a0byen fre, paske se tou l\u00f2t jou, nan\u00a0dat 28 avril ke bandi te atake \u00ab\u00a0Caf\u00e9Trio \u00bb kote senat\u00e8 Youri Lat\u00f2ti (Latortue) ak k\u00f2l\u00e8g li Jak\u00a0Sov\u00e8 Jan (Jacques SauveurJean)\u00a0t ap f\u00e8 youn chita ak sitwayen ak\u00a0sitway\u00e8n yo ki te enterese konnen sa k pase lajan PetwoKarib\u00a0la, 3milya 800milyon dola v\u00e8t ki\u00a0dispar\u00e8t sou gouv\u00e8nman defin\u00a0prezidan Rene Preval (Ren\u00e9 Pr\u00e9val) ak prezidan Mich\u00e8l Mateli\u00a0(Michel Martelly). M tande yo di\u00a0gouv\u00e8nman tranzisyon Josl\u00e8m\u00a0Priv\u00e8 a (Jocelerme Privert) te\u00a0menm pichkannen nan lajan an\u00a0tou. Antouka, gen 2 rap\u00f2 Sena a\u00a0sou v\u00f2l sa a ki pa kanmarad\u00a0okenn v\u00f2l nan istwa peyi Dayiti.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Kisa k te pase gwo midi, pandan te gen polisye la pou bay\u00a0pwoteksyon pou reyinyon an te\u00a0f\u00e8t san bri san kont ? Enben, bandi t\u00e8worisf\u00e8mmen p\u00f2t klib la\u00a0epi yo atake ak grenad lakrimoj\u00e8n. Youn sitwayen ke tout moun\u00a0konnen,Jak Dibwa (Jacques Dubois), mouri toufe. Plizy\u00e8 l\u00f2tmounn blese nan chape poul yo. E yo kouri debake ak youn douz\u00e8n konsa nan Lopital Jistinyen\u00a0pou ba yo swen presto-presto\u00a0dekwa pou yo pa t trepase.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Prezidan an ak Premye minis\u00a0la kouri voye kondoleyans bay\u00a0fanmi Dibwa epi deklare senpati\u00a0yo poumounn ki te sibi anba atak\u00a0sa a. Prezidan an temenmmande\u00a0pou gen bon jan envestigasyon\u00a0f\u00e8t pou konnen sa k pase a e pou\u00a0koupab yo jwenn pinisyon yo\u00a0merite. Apre twa (3) senmenn, men Lapolis di polisye yo te\u00a0byen aji, ke te gen plis pasemil (1000) mounn anndan \u00abCaf\u00e9 Trio\u00bb\u00a0a, youn kote ki pou ta pran s\u00e8lman san (100) mounn. Kivedi se\u00a0mil mounn nan ki f\u00e8 grenad lapete a ? Kijan k f\u00e8 Lapoliste kite\u00a0tout mounn sa yo rantre ? Nou pa\u00a0w\u00e8 kijan yo te byen aji a.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Antouka, kil\u00e8s ki te responsab zak t\u00e8worissa a ? Selon enf\u00f2masyon teledy\u00f2l,Lapoliste sanse\u00a0arete chof\u00e8 delege depatman N\u00f2\u00a0a. Kivedi, se delege a ki te voye\u00a0mounn pa l pou atake reyinyon\u00a0senat\u00e8z yo t ap f\u00e8 a. Men pa gen\u00a0okenn rap\u00f2 ofisy\u00e8l pou di bagay\u00a0yo jan sa dwa, eksepte rap\u00f2\u00a0Lapolisla ki di polisye yo te byen\u00a0aji. Ok, yo te byen aji, men kil\u00e8s\u00a0ki responsab ? \u0112ske se vre chof\u00e8\u00a0delege a anba k\u00f2d ? \u0112ske yo\u00a0kesyonnen delege a ?<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">S\u00e8l sa nou konnen s\u00e8 ke\u00a0jounalis Elia Jozye (Elia Josu\u00e9), ki te f\u00e8 youn emisyon sou Radyo\u00a0Plan\u00e8t, kote l te bay enf\u00f2masyon\u00a0sou kijan atak la te f\u00e8t, nan kache. Li f\u00e8 konnen ke delege N\u00f2 amennase lavi l. Bagay ki pi enteresan s\u00e8 ke Konat\u00e8l (CONATEL), branch Leta ki anchaj bay\u00a0lisans pou tout estasyon radyio ak\u00a0television, f\u00e8men radyio Plan\u00e8t\u00a0la. Men sa pa gen anyen pou w\u00e8\u00a0ak enf\u00f2masyon jounalis la ki te\u00a0pase sou radyo a, men ke radyo a\u00a0t ap opere anba chal, san lisans. Depi konbyen tan konsa ? O !<br \/>\nDepi 2 zan ! Konsa menm pou\u00a0Konat\u00e8l konprann li ka pran nou\u00a0pou Bouki. Pa posib, paske\u00a0Bouki f\u00e8 gwo etid, Bouki gen\u00a0Ph.D, Bouki pa egzigste ank\u00f2. Donk, N\u00e8g Konat\u00e8l la pa ka pran\u00a0p\u00f2z Malis li ak p\u00e8sonn.An palan\u00a0de babouk\u00e8t, yo soti pou mare\u00a0bouch bouch jounalis, minist\u00e8\u00a0Lajistis di jounalis pa f\u00e8t pou bay\u00a0bandi mikwo. San dout se yo ki\u00a0pral deside kil\u00e8s ki bandi ak kil\u00e8s\u00a0ki bon sitwayen. Antouka, s\u00e8l sa\u00a0nou ka disou rap\u00f2 jounalisJozye\u00a0a, lafimen pa leve san dife !<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Jan bagay yo ap f\u00e8t nan peyi\u00a0Dayiti, sanble ke gen bandi ofisy\u00e8l tou. Paske sise pa bandi ofisy\u00e8l ki te f\u00e8 atak gwo midi nan\u00a0Okap la, nou pa w\u00e8 pou kisa\u00a0otorite yo pa ka bay youn rap\u00f2\u00a0sou kesyon an. Epi, anpalan de\u00a0sa, grenad, osnon bonm lakrimoj\u00e8n, se pa bagay nenp\u00f2t mounn\u00a0ka achte nan boutik menm jan\u00a0nou ka achte biskuit ak manba. Se Lapolis, av\u00e8k otorizasyon minist\u00e8 Entery\u00e8 ak Kolektivite teritoryal yo e menm minist\u00e8 Lajistis, ki ka gen zam chimik konsa a\u00a0dispozisyon yo. Yo pa bezwen\u00a0okenn FBI pou ede yo jwenn kote zam chimik sa yo te soti. Amwens ke yo te voye chache sa\u00a0nan peyi Siri, kote prezidan\u00a0Bacha al Asad (Bashar al-Assad)\u00a0gen izin pou fabrike zam chimik\u00a0(pwazon gaz) ke l te itilize kont\u00a0popilasyon sivil. Kidonk, N\u00e8g\u00a0lakay an kontak ak t\u00e8woris ent\u00e8- nasyonal ! Pi ta pi tris!<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Gen youn l\u00f2t kesyon m ap\u00a0mande. Kote gang yo jwenn tout\u00a0zam ak minisyon y ap itilize pou\u00a0konm\u00e8t tout gwo zak sa yo nan\u00a0peyi a ? \u0112ske se nan zam ke ansyen Premye minis Loran Lam\u00f2t\u00a0(Laurent Lamothe) te k\u00f2mande\u00a0nan peyiIzra\u00e8l l\u00e8 l te an fonksyon\u00a0? Paw\u00f2lsa a te pale nan Obs\u00e8vat\u00e8\u00a0l\u00e8 zam sa yo te rantre ann Ayiti. Men otorite yo pa t janm bay\u00a0okenn esplikasyon sou kisa k te\u00a0rive ak zam sa yo. Asireman Lapolis konnen tout zam ki gen\u00a0dey\u00f2 a, s\u00e8tadi zam ki otorize. E\u00a0bann l\u00f2t zam yo \u2014 bonm osnon\u00a0grenad lakrimoj\u00e8n tou \u2014 k ap\u00a0sikile san otorizasyon, kib\u00f2 yo\u00a0soti ? Si Polis nasyonal la (PNH)\u00a0pa ka f\u00e8 travay kontw\u00f2l zam ilegalsa yo ki nan peyi a, yo ta dwe\u00a0pran kons\u00e8y Mesye Vensan Dej\u00e8\u00a0a (Vincent Degert) te bay l\u00e8 l te f\u00e8\u00a0diskou 9 me a nan f\u00e8t peyi\u00a0Lew\u00f2p yo nan ot\u00e8l Montana a. Anbasad\u00e8 peyi Ew\u00f2p yo ann\u00a0Ayiti te di f\u00f2k gouv\u00e8man ayisyen\u00a0an te pwofite de prezans Misyon\u00a0Nasyon Zini pou apiye Lajistis\u00a0ann Ayiti a, sa yo rele MINUJUSTH \u2014 pa MINIJUP \u2014 pou\u00a0ede l mete e ranf\u00f2se baz sist\u00e8m\u00a0Lajistis la pou l ka travay jan sa\u00a0dwa, san anyen kwochi pa mele\u00a0epi av\u00e8k tout endepandans.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Jan nou tande l la, sist\u00e8m\u00a0Lajistis, ki responsab Lapolis, pa\u00a0f\u00e8t pou sou kontw\u00f2l l\u00f2t mounn k\u00a0ap rale fis\u00e8l yo pa d\u00e8y\u00e8 pou f\u00e8 sa\u00a0yo vle. Anbasad\u00e8 Dej\u00e8 bay bon\u00a0kons\u00e8y, men konesan otorite\u00a0lakay, ki nan ti koulout, yo ka di\u00a0msye ap foure bouch nan sa k pa\u00a0regade l. Apa sa administrasyon\u00a0Moyiz-Lafontan an (Mo\u00efse-Lafontant) te di l\u00e8 Souzann Pej (Susan Page), reprezantan sekret\u00e8\u00a0jeneral Nasyon Zini an, te bay\u00a0kons\u00e8y sou sa k dwe f\u00e8t pou konbat k\u00f2ripsyon ? M ap tann pou m\u00a0w\u00e8 kil\u00e8 y ap mande Vensan Dej\u00e8\u00a0pou l rache many\u00f2k li, bay t\u00e8 a\u00a0blanch !<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">An palan de sa, asireman nou\u00a0konnen ke Souzann Pej pran\u00a0pwomosyon. F\u00f2 m bay sa ann\u00a0angle, pou n tande gwo titsekret\u00e8\u00a0jeneral la bay fanmdiplomatsa a. Nan dat 4 me, men sa k te par\u00e8t\u00a0nan sit Ent\u00e8n\u00e8t Nasyon Zini an :\u00a0\u00ab United Nations Secretary-General Antonio Guteres has\u00a0appointed Susan D. Page of the\u00a0United States of America as his\u00a0Special Adviser on Rule of Law, Global Focal Point Review Implementation \u00bb. Nou tande koze a. Kounnye a se sou Souzann\u00a0Pej sekret\u00e8 jeneral Nasyon Zini\u00a0an konte pou ba l bon kons\u00e8y\u00a0kijan pou yo aplike sa k rele \u00ab\u00a0R\u00e8g Lalwa \u00bb, epi se pa s\u00e8lman\u00a0pou youn ti peyi k\u00f2m Ayiti s\u00e8lman, men se youn kesyon \u00abglobal \u00bb, sa vle di toupatou nan\u00a0lemonn kote Nasyon Zini gen\u00a0operasyon li. Anplis, se Madan\u00a0Pej tou ki pou di kijan y ap met\u00a0tout bagay an pratik. Kivedi, se\u00a0pa s\u00e8lman pale anpil met la, di\u00a0men sa k pral f\u00e8t. Se pou bagay\u00a0yo f\u00e8t jan sa dwa<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Ou kw\u00e8 z\u00f2t konprann sa k\u00a0pase la a ? Souzann Pej te f\u00e8 travay li t\u00e8lman byen ann Ayiti, sekret\u00e8 jeneral la mete l anchaj\u00a0tout l\u00f2t kote, tankou Ayiti \u2014 e\u00a0Ayiti ladan l tou \u2014 ki merite pou\u00a0Nasyon Zini vin w\u00e8 kijan bagay\u00a0yo ap f\u00e8t. E si yo pa f\u00e8t jan sa\u00a0dwa, kisa y ap oblije f\u00e8 nan youn\u00a0sitiyasyon konsa. Se konsa bagay\u00a0la ye, tande ! Gwo viktwa m\u00a0tande ke prezidan Jovn\u00e8l Moyiz\u00a0ranp\u00f2te l\u00e8 l te di li pa ka boule ak\u00a0reprezantan sekret\u00e8 jeneral la, ki\u00a0foure bouch nan politik Ayiti, enben se boust\u00e8 li te bay Souzann\u00a0Pej. Kivedi se ret tann sa yo rele\u00a0kou an retou a. Paske jan paw\u00f2l\u00a0la di, premye so pa so !<br \/>\nGrenn Pwonmennen<br \/>\n16 me 2018<\/p>\n<hr \/>\n<p style=\"text-align: left;\">atik sa non edisyon jounal Ha\u00efti-Observateur num\u00e9wo 16 mwa me, wou ka jwen li l\u00e0 a :\u00a0<a href=\"http:\/\/haiti-observateur.org\/wp-content\/uploads\/2018\/05\/H-O-16-Mai-2018.pdf\">http:\/\/haiti-observateur.org\/wp-content\/uploads\/2018\/05\/H-O-16-Mai-2018.pdf<\/a><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Kr\u00e9y\u00f2l pa Grenn Pwonmennen Kil\u00e8s ki anchaj\u00a0nan peyi Dayiti ? Selon sa n konnen, gen youn prezidan ak youn Premyeminis ki ta\u00a0dwe anchaj peyi Dayiti. Men selon nouv\u00e8l n ap resevwa soti nan\u00a0plizy\u00e8 z\u00f2n nan peyi a, koumanse\u00a0nan P\u00f2toprens, sanble&#8230; <\/p>\n","protected":false},"author":2,"featured_media":2095,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[25,57,30,49],"tags":[407,1433,1448,1495,1754,1865,2510,3027,3213],"class_list":["post-3084","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-haiti","category-international","category-kreyol","category-societe","tag-bleck","tag-gran-ravin","tag-gren-promennen","tag-haiti-observateur","tag-jovnel","tag-lapolis","tag-petrokaribe","tag-suzane-page","tag-vladimir-legagneur"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/3084","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/users\/2"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcomments&post=3084"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/3084\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fmedia&parent=3084"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcategories&post=3084"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Ftags&post=3084"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}