{"id":3167,"date":"2018-11-07T16:51:14","date_gmt":"2018-11-07T21:51:14","guid":{"rendered":"http:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=2730"},"modified":"2018-11-07T16:51:14","modified_gmt":"2018-11-07T21:51:14","slug":"2730","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=3167","title":{"rendered":"K\u00f2m nou te deja di, manifestasyon 17 Okt\u00f2b la te f\u00e8 anpil mounn sezi"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>Krey\u00f2l<\/strong><\/span><\/p>\n<ul>\n<li style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>GRENN PWONMENNEN<\/strong> <em>pa Grenn Pwonmennen<\/em><\/span><\/li>\n<\/ul>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">K\u00f2m nou te deja di, manifestasyon 17 Okt\u00f2b la te f\u00e8 anpil mounn sezi. Okontr\u00e8, se otorite yo, mounn nan gouv\u00e8nman an, ki te pi sezi. Gen ladan yo kit e menm bw\u00e8 te v\u00e8venn. Yo te konprann se nan bouch mounn t ap pale, menm jan ak prezidan an ki toujou ap f\u00e8 pwom\u00e8s san anyen pa janm f\u00e8t. Enben, fwa sa a Ayisyen te f\u00e8 anpil plis pase sa yo te espere. Yo te f\u00e8 youn manifestasyon kont k\u00f2ripsyon ki kouvri tout peyi a, ki te fokis sou lajan PetwoKaribe a. Se te youn manifestasyon pasifik, youn bagay ki te siprann anpil mounn. Paske l\u00e8 w tande yo di manifestasyon ann Ayiti, byen souvan se boule kawotchou, kout w\u00f2ch, piye biznis mounn, kase bank, elatriye. Fwa sa a \u00f2ganizat\u00e8 yo ak manifestan yo merite 10 sou 10.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">K\u00f2m nou te rap\u00f2te, Prezidan Jovn\u00e8l Moyiz (Jovenel Mo\u00efse) te kouri revoke 18 anplwaye Pal\u00e8, menm direkt\u00e8 kabin\u00e8 a av\u00e8k sekret\u00e8 jeneral la. Men 2 mesye sa yo ki vin ranplase direkt\u00e8 kabin\u00e8 a ak sekret\u00e8 jeneral Pal\u00e8 a se mounn ki t ap travay ak Sofia\u00a0<\/span><span style=\"color: #000000;\">Mateli epi ki te opal\u00e8 depi sou Jan-Klod Divalye (Jean-Claude Duvalier). Se Na\u00f2m D\u00f2vil (Nahom me Dorvil) ak Jan Ilb\u00e8 Lebren (Jean Hilbert Lebrun). Kivedi se menmman par\u00e8yman. An palan de sa, gen mounnn ki te revoke nan lendi epi ki te reprann plas yo le landmen, tankou Gicha Dore (Guichard Dor\u00e9), younn nan p\u00f2t-paw\u00f2l prezidan an.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Men sa k pi b\u00e8l la, nan madi, 23 okt\u00f2b, Premye Minis Jan Anri Seyan (Jean-Henry C\u00e9ant) te anonse l ap monte youn komisyon pou travay sou kesyon PetwoKaribe a. K\u00f2m nou konnen, prezidan Chanm Depite a, Gari Bodo (Gary Bodeau) te di li pa dak\u00f2 av\u00e8k kesyon youn l\u00f2t ko misyon, paske Sena a gen tan travay sou dosye a epi yo menm gen tan voye sa bay <em>\u201cLa Cour superieure des comptes et du Contentieux administratif\u201d <\/em>(CSC\/CA), youn branch nan gouv\u00e8nman an ki responsab pou kontwole kijan lajan depanse nan travay Leta.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Se pa s\u00e8lman Depite Bodo ki pa dak\u00f2 pou Premye Minis la vin ak youn l\u00f2t komisyon pou etidye sa k pase ak lajan PetwoKaribe a. Premy\u00e8man, Asosyasyon jounalis yo di Premye Minis la \u201cnon, m\u00e8si\u201d pou envitasyon pou yo patisipe nan komisyon an. Se tou 2 asosyasyon jounalis yo ki di yo pa ladan l. Gwoup k ap defann dwa mounn, sa yo rele an franse <em>\u201cGroupe des droits humains\u201d, <\/em>di yo pa nan kras ko mi syon. F\u00f2 m di nou Legliz Ka to lik nan gwoup sa a. Re pre zan tan Sosyete Sivil di yo pa ladan l. Kolektif 4 Desanm di non m\u00e8si. Eksetera era!<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Gwo verite ki sot nan bouch k\u00e8k p\u00e8sonalite sou kesyon an se tankou l\u00f2. Nan m\u00e8kredi, s\u00e8tadi lan dmen deklarasyon Premye Minis la sou kesyon komisyon li pral monte a, Patris Dimon (Patrice Dumont) te bay opinyon l sou kesyon an. Nan you <em>\u201ctwit\u201d <\/em>sou ent\u00e8n\u00e8t la, senat\u00e8 a ekri: <em>\u201cDesizyon pou kreye komisyon sou PetwoKaribe a vle di PM lan ak tout Prezidan an pa menm vle pran poz ke yo kwe nan Leta\u201d.<\/em><\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Asireman, nou konprann sa Senat\u00e8 Dimon vle di. Komisyon Etik e Aniti-k\u00f2ripsyon Sena a deja f\u00e8 2 rap\u00f2 byen detaye sou PetwoKaribe. Gen ase enf\u00f2masyon ladan rap\u00f2 yo pou gouv\u00e8nmman a te renm\u00e8t Lajistis dosye a depi lontan. Osnon, li ta ka ret tann rap\u00f2 <em>\u201cLa Cour superieure des comp tes\u201d <\/em>lan. N\u00e8spa vr\u00e8 ke Prezidan Jovn\u00e8l Moyiz (Jovenel Mo\u00ef se) te di kijan li te mannevre pou rap\u00f2 a te soti nan men Sena a pou l t al nan <em>La Cour Superieure. <\/em>F\u00f2 prezidan an pa bliye sa l te di konpatyriy\u00f2t yo an Frans le 12 desanm 2017. Se li ki te ranje ak senat\u00e8 yo pou yo te voye dosye a bay <em>La Cour superieure. <\/em>Epi <em>La Cour superieure <\/em>deja di l ap bay rezilta yo nan mwa janvye, nan mwens ke 3 mwa.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Epi kounnye a Premye Minis la ap vini ak youn l\u00f2t komisyon ki pral pran youn bann tan pou swadizan f\u00e8 travay ki deja fin f\u00e8t. Yo pral depanse milyon dola, si se pa milya, lajan ke gouv\u00e8nman an pa menm genyen. Paske si yo te gen lajan vre, yo ta peye anplwaye Leta aletranje yo ki gen 4 mwa yo pa touche. Jan noun kon prann jw\u00e8t la, se k\u00f2m si Sena a av\u00e8k tout <em>La Cour superieure des comptes <\/em>la se youn bann enkonpetan k ap manje lajan Leta san f\u00e8 anyen.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Gen l\u00f2t mounn ki bay b\u00e8l rez\u00f2nman sou kesyon an tou. Jounalis Wob\u00e8sonn Jefra (Roberson Geffrard) vin ak <em>\u201ctwit\u201d <\/em>pa l ki te pibliye nan dat 25 okt\u00f2b. Msye poze Premye Minis la k\u00e8k kesyon ki f\u00e8 anpil sans. M ap bay koze a an krey\u00f2l e an franse, jan jounalis la bay li a: <em>\u201cBonjou PM @Jeanhenryceant: Svp, est-ce que les pays de l\u2019Amerique Latine et la Rep. Dominicaine avaient cree des commissions pour faire la lumiere sur Odebrecht ? Est-ce que le Bresil avait form\u00e9 une commission au sein de la societe sur le Petrobas ? Je veux juste savoir, mesi wi\u201d.<\/em><\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">San dout, nou sonje ke isit la, nan Grenn Pwonmennen, nou te esplike kijan mouvman kont k\u00f2ripsyon an pase pran k\u00e8k gwo bwa nan Amerik Latin nan. Nou te pale de Ajantin, Brezil, Ekwat\u00e8, Gwatemala, Pewou, kote prezidan, vis-prezidan, pitit fi prezidan, elatriye, nan prizon apre ank\u00e8t te vin dekouvri kijan yo t ap kale t\u00e8t peyi yo tank yo v\u00f2l\u00f2. Nou te esplike tou kijan konpayi Brezil yo rele <em>Odebrecht <\/em>la te grese pat plizy\u00e8 ofisy\u00e8l Dominiken ki te penm\u00e8t konpayi a jwenn gwo kontra a vil pri.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Tout peyi sa yo pa t monte okenn komisyon sou l\u00e8 kote. Yo te renm\u00e8t Lajistis dosye a dir\u00e8k dir\u00e8k. San Repiblik Dominik\u00e8n pa t monte okenn komisyon, Lajis tis te f\u00e8 travay li. Se konsa plizy\u00e8 ofisy\u00e8l ap domi-leve nan pri zon. Epi nan peyi Brezil, ansyen prezidan <em>Luiz Inacio Lula da Silva, <\/em>n\u00e8g popil\u00e8 fo pa plis, ap kanni nan prizon pou k\u00f2ripsyon. Nan peyi Pewou, ansyen prezidan Alberto Fujimori nan prizon depi 2007 pou k\u00f2ripsyon ak vyolasyon dwa mounn. M\u00e8kredi sem\u00e8n pase a (31 okt\u00f2b) se pitit fi l, Keiko Fujimori, ki anchan opozisyon politik nan peyi Pe wou, ke yo f\u00e8men nan prizon tou, ann atandan jijman pou koripsyon tou. Otorite nan peyi Brezil pa t monte okenn komisyon brid-soukou pou yo te pran b\u00f2t non plis pou yo te f\u00e8 jijman ansyen prezidan Luiz Inacio Lula da Silva, n\u00e8g ki te popil\u00e8 fo pa plis. Li nan prizon depi mwa davril. Sa pral pi r\u00e8d toujou o Brezil, paske n\u00e8g ki pase k\u00f2m prezidan nan eleksyon dimanch pase an wo a se Jair Bolsonaro, politisyen ekstr\u00e8m dwat, ki te di li pral kontinye netwaye peyi a, pou Brezil vin kiln n\u00e8t.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Ann Ayiti, nou gen de istwa n aprann l\u00e8 n te ti mounn ke n pa janm bliye. Pa egzanp, pran Bouki ak Malis. Byen souvan otorite yo konprann se yo menm ki Malis epi nou tout se Bouki. Donk, l\u00e8 yo ranje zaf\u00e8 yo pou bay move kou, yo konprann nou p ap dekouvri yo. Enben, kesyon ko misyon sa a sanble ak youn kout Ma lis y ap f\u00e8 pou pa janm gen jijman PetwoKaribe a. Men sa k vin rive yo, s\u00e8 ke Bouki al nan gwo iniv\u00e8site, Bouki gen PhD. Bouki vin f\u00f2 nan dekouvri move kou. S\u00e8 ke Bouki li nan gwo liv, l aprann youn bann bagay ke nou ka aplike nan kesyon Petwo Karibe a.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">K\u00f2m se an franse yo te di bay gay yo, m ap ban nou l jan l ye a: <em>\u201cQuand on veut enterer un probleme, on cree une commission\u201d. <\/em>Se paw\u00f2l J\u00f2j Klemanso (Georges Clemenceau), ansyen Premye Minis an Frans (1917-1920) ki te gen ti non badnen l yo<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">rele <em>Tig la.<\/em>Paw\u00f2l la te t\u00e8lman b\u00e8l, Marechal Degol (De Gaulle), menm Degol ki te anchaj twoup franse yo diran 2\u00e8m g\u00e8 mondyal la, te adopte filozofi sa a. Se k\u00f2m si Premye Minis lakay la ta vle kopye sou sa J\u00f2j Klemanso te di a, gen l00 lane de sa! L ap vin ak youn komisyon pou antere kesyon PetwoKaribe a. N\u2019est-ce pas vrai Monsieur Thiery Mayard-Paul ? Merci pour le rappel.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>Mann\u00e8v de div\u00e8syon nan kesyon PetwoKaribe a<\/strong><\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Toudenkou, PetwoKaribe vin popil\u00e8. Kijan nou koprann ke youn otorite ki te di pa gen okenn kesyon de PetwoKaribe vin konprann pou l foure bouch li nan kesyon an. K\u00f2m si l ta vle pran devan tout mounn antan ke gwo konmis\u00e8 gouv\u00e8nman nan P\u00f2toprens. Wi, m ap pale de Klame-Oknam Dameyis (Clam\u00e9-Ocnam Dam\u00e9us).<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Selon plizy\u00e8 l\u00e8t nou te w\u00e8 ki te par\u00e8t sou ent\u00e8n\u00e8t la, bagay ofisy\u00e8l n\u00e8t, konmis\u00e8 gouv\u00e8nman an te mande pou s\u00e8ten mounn vin nan biwo l pou kesyon PetwoKari be a. Premy\u00e8man, se te 2 ansyen Premye Minis: Loran Lam\u00f2t (Laurent Lamothe) ak Madan Mich\u00e8l Divivye Py\u00e8-Lwi (Mi ch\u00e8le Duvivier Pierre-Louis). Mesye Lam\u00f2t te bay youn rezon ki f\u00e8 li pa t ka par\u00e8t. M kw\u00e8 avoka l pa t disponib. M pa konn kisa Madan Divivye-Py\u00e8-Lwi te di. Gen l\u00e8t ki t al jwenn mounn ki nan gwo bizinis, tankou Madam Youri Mevs, Rejinal V\u00f2B (R\u00e9ginald Vorbe) e menm ansyen candida pou prezidan Jid Selesten (Jude C\u00e9lestin).<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Men apre tout youn semen de pi l\u00e8t yo t ap sikile sou ent\u00e8n\u00e8t la, vwala ke Minist\u00e8 Lajistis te mete youn n\u00f2t dey\u00f2 sou ent\u00e8n\u00e8t la nan lendi 28 okt\u00f2b la, pou yo di ke se pa konmis\u00e8 gouv\u00e8nman an, M\u00e8t Klame-Oknam Dameyis, ki te voye l\u00e8t yo. Se mounn k ap f\u00e8 fw\u00f2d elektwonik ki responsab. Si se te ofis li ki te f\u00e8 sa, li di tout anons yo t ap f\u00e8t selon jan lalwa di pou sa f\u00e8t. San dout, se uisye, otorite ki la pou sa, ki t ap vin pote papye tenbre bay mounn yo lakay yo. Antouka, biwo konmis\u00e8 a di l ap mennen ank\u00e8t pou jwenn mounn k ap f\u00e8 vye travay sa a. Yo pral devan Lajistis pou yo pran sa yo merite. Tankou paw\u00f2l franse a di: <em>\u201cIl n\u2019est que d\u2019attendre!\u201d <\/em>Antouka, n espere nou p ap tann jouk nou tounen pwa tann.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Donk, konmis\u00e8 gouv\u00e8nman an di tout mounn ke non yo site nan fo l\u00e8t yo pa bezwen bat k\u00f2 yo. <em>Il n\u2019en n\u2019est rien! <\/em>Men poukisa konmis\u00e8 a pa t mete n\u00f2t la dey\u00f2 depi premye jou yo te w\u00e8 l\u00e8t yo sou ent\u00e8n\u00e8t la. Si m te ka w\u00e8 l\u00e8t yo jouk nan Nouy\u00f2k, pa gen rezon pou li menm, osnon tout ekip k ap travay pou li a di m yo pa t w\u00e8 l\u00e8t yo. Okontr\u00e8, mounn jouk nan Ginen te w\u00e8 yo depi pre mye jou yo te soti a! Apa Loran Lam\u00f2t te gen tan di li gen anpechman pou l vini. Bagay la pa kl\u00e8. Tou sa se div\u00e8syon pou kase elan mouvman PetwoKaribe a.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Menm arestasyon ansyen Direkt\u00e8 Polis Nasyonal la, G\u00f2d sonn Orelis (Godson Or\u00e9lus), p ap rive wete atansyon nou sou PetwoKaribe a. M pa ba yo bouch, men si yo kite 18 novanm jwenn yo nan monte komisyon, jw\u00e8t la ap gate bon jan gate. Se <em>\u201cA peine si les plus justes seront sauves\u201d. <\/em>Kidonk, <em>larivye aveti pa touye kokobe!<\/em><\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>Grenn Pwonmennen, 7 novanm 2018<\/strong><\/span><\/p>\n<hr \/>\n<p>atik sila a pibliy\u00e9 nan ebdomad\u00e8 Ha\u00efti-Observateur \u00e9disyon 7 mwa novanm 2018, e li shita nan\u00a0<strong>P. 6<\/strong>\u00a0la a :\u00a0<a href=\"http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2018\/11\/H-O-07-nov-2018-1.pdf\">http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2018\/11\/H-O-07-nov-2018-1.pdf<\/a><\/p>\n<div id=\"attachment_2702\" style=\"width: 182px\" class=\"wp-caption alignleft\"><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" aria-describedby=\"caption-attachment-2702\" class=\"wp-image-2702 \" src=\"http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2018\/11\/HO7novembre2018bataylegliz-1-1-300x253.jpg\" alt=\"\" width=\"172\" height=\"145\" \/><p id=\"caption-attachment-2702\" class=\"wp-caption-text\">Youn viktim batay nan l\u00e9gliz la.<\/p><\/div>\n<div id=\"attachment_2707\" style=\"width: 186px\" class=\"wp-caption alignleft\"><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" aria-describedby=\"caption-attachment-2707\" class=\"wp-image-2707\" src=\"http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2018\/11\/HO7novembre2018dorvil-1-2-300x247.jpg\" alt=\"\" width=\"176\" height=\"145\" \/><p id=\"caption-attachment-2707\" class=\"wp-caption-text\">Naom D\u00f2vil.<\/p><\/div>\n<div id=\"attachment_2703\" style=\"width: 176px\" class=\"wp-caption alignleft\"><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" aria-describedby=\"caption-attachment-2703\" class=\"wp-image-2703\" src=\"http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2018\/11\/HO7novembre2018bataylegliz-1-12-1-300x262.jpg\" alt=\"\" width=\"166\" height=\"145\" \/><p id=\"caption-attachment-2703\" class=\"wp-caption-text\">Youn l\u00f2t vitim nan legliz la.<\/p><\/div>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Krey\u00f2l GRENN PWONMENNEN pa Grenn Pwonmennen K\u00f2m nou te deja di, manifestasyon 17 Okt\u00f2b la te f\u00e8 anpil mounn sezi. Okontr\u00e8, se otorite yo, mounn nan gouv\u00e8nman an, ki te pi sezi. Gen ladan yo kit e menm bw\u00e8 te&#8230; <\/p>\n","protected":false},"author":2,"featured_media":2724,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[22,25,30,40],"tags":[211,380,1450,1495,1813,1854,2227,2319,2383,2458,2513,2729,3095,3226],"class_list":["post-3167","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-flash","category-haiti","category-kreyol","category-politique","tag-antouka","tag-bezwen","tag-grenn-pronmenen","tag-haiti-observateur","tag-komise","tag-lalwa","tag-moun","tag-noukok","tag-orelis","tag-pawol","tag-petwokaribe","tag-rejinal","tag-toudenkou","tag-vorbe"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/3167","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/users\/2"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcomments&post=3167"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/3167\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fmedia&parent=3167"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcategories&post=3167"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Ftags&post=3167"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}