{"id":4645,"date":"2020-02-19T15:06:45","date_gmt":"2020-02-19T20:06:45","guid":{"rendered":"http:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=4645"},"modified":"2020-02-19T15:06:45","modified_gmt":"2020-02-19T20:06:45","slug":"ki-diferans-ki-geyen-ant-ti-vole-ak-gwo-vole","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=4645","title":{"rendered":"Ki diferans ki geyen ant ti v\u00f2l\u00e8 ak gwo v\u00f2l\u00e8 ? pa grenn pwomenen"},"content":{"rendered":"<p><span style=\"color: #000000;\"><strong>Krey\u00f2l<\/strong><\/span><\/p>\n<ul>\n<li><span style=\"color: #000000;\"><strong>GRENN PWONMENNEN<\/strong><\/span><\/li>\n<li><span style=\"color: #000000;\"><strong>Ki diferans ki geyen ant ti v\u00f2l\u00e8 ak gwo v\u00f2l\u00e8 ?<\/strong><\/span><\/li>\n<\/ul>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Sem\u00e8n pase a gen youn nouv\u00e8l ki te atire atansyon m anpil. San dout, si nouz\u00f2t k ap li m kounnye a te w\u00e8 l tou, san dout nou te bat bravo pou otorite k ap f\u00e8 travay yo, k ap arete v\u00f2l\u00e8 ki lak\u00f2z peyi an nan sitiyasyon li ye a, Paske se ak\u00f2z bann aloufa sa yo k ap pran sa ki pou t al soulaje malere ki f\u00e8 lamiz\u00e8 blayi nan peyi a konsa.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Gen youn nouv\u00e8l ki par\u00e8t jedi, 13 fevriye a, ki, selon mwenmenm, pa f\u00e8 tout bri li ta dwe f\u00e8. Se Juno7.ht ki te vin av\u00e8k enf\u00f2masyon an, epi \u00a0JJJ Communications, toujou sou ent\u00e8n\u00e8t la, te lage koze a. Gwo tit Juno a di : \u00ab\u0100 Mirebalais, la police saisit une cargaison de riz d\u00e9tourn\u00e9 par un suppos\u00e9 employ\u00e9 du MICT\u00bb. Jan nou tande l la, se youn swa-dizan anplwaye minist\u00e8 Entery\u00e8 ak Kolektivite t\u00e8ritoryal yo ke Lapolis kenbe nan v\u00f2l\u00f2. Alapap\u00f2t n ap rem\u00e8sye jounalis Pierre Lunick Revange ki f\u00e8 bon jan rep\u00f2tajsou kesyon an.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Selon sa jounalis la di, se kat (4) mounn yo kenbe, av\u00e8k youn fanm pami yo. Li pa bay non, men li di gen younn ladan yo ki gen youn \u00ab badge \u00bb, kivedi youn plak, ki montre ke msye se \u00abCharg\u00e9 de mission\u00bb pou minist\u00e8 Entery\u00e8 ak Kolektivite t\u00e8ritoryal. Se pa youn bagay jounalisla envante, paske li di se komis\u00e8 gouv\u00e8nman nan Tribinal premy\u00e8 enstans, kivedi premye tribinal nan Mibal\u00e8, ki ba l enf\u00f2masyon a. Yo rele msye Elion\u00e9 Sainfleur. Mounn ki vle tcheke gen kont enf\u00f2masyon pou yo f\u00e8 travay yo.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Vwala ke 4 mounn sa yo, ke Lapolis te arete yo, gen plis pase 229 sak diri nanmen yo. Se restan youn gwo kagezon ki te sot P\u00f2toprens men ki sanble dispar\u00e8t. Jan nou konprann kesyon an, p\u00e8sonn nan otorite Mibal\u00e8 yo pa vr\u00e8man konnen ki kantite diri a te ye oparavan. Yo te s\u00e8lman fouke mesyedam yo ak ti r\u00e8s la, s\u00e8lman 229 sak. Asireman se sak 100 liv, menm si yo pa di sa. Kidonk, se diri pou ta soulaje anpil mounn nan z\u00f2n nan.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Antouka, Lapolis te f\u00e8men mounn yo nan prizon pandan komis\u00e8 gouv\u00e8nman an te kontakte minisLajistis ak Sekirite piblik la, Jean Roudy Aly, nan P\u00f2toprens, pou esplike l sa k ap pase nan Mibal\u00e8. Epi, selon sa jounalis, se mounn FAES yo ki esplike minis la kesyon an lat\u00e8t o pye. Antretan, nou pa konn ki dispozisyon Minis Aly pran. San dout, li pral oblije mennen ank\u00e8t pou l konnen de ki prevyen 229 sak diri sa yo vin ateri nan mache Mibal\u00e8. Konbyen sak an tou ki te genyen? San dout se diri ke FAES, (Fonds d\u2019assistance \u00e9conomique et sociale) te anchaj pou distribye bay malere ki nan bezwen.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\"><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" class=\"size-medium wp-image-4629 alignleft\" src=\"http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2020\/02\/ho19fev2020estime-1-246x300.jpg\" alt=\"\" width=\"246\" height=\"300\" \/>F\u00f2 m di nou ke FAES se youn \u00f2ganizasyon Leta ki sanse travay nan tout peyi a pou ede chanje sitiyasyon malere, pou mounn yo sispann rete nan lamiz\u00e8. Apa de katye jeneral FAES, ki nan P\u00f2to- prens, FAES gen biwo etabli nan F\u00f2 Lib\u00e8te pou depatman N\u00f2d\u00e8s, nan Jan Rab\u00e8l, pou N\u00f2dw\u00e8s, nan Hench pou Sant osnon Plato San- tral, nanAken pou depatman Sid, Jakm\u00e8l pou Sid\u00e8s epi Leog\u00e0n pou depatman Lw\u00e8s. Jan gouv\u00e8nman te konsevwa FAES se lag\u00e8 menm ki te deklare kont lamiz\u00e8. M ap kite nou reflechi sou sitiyasyon tout z\u00f2n sa yo. \u0112ske sitiyasyon yo pa pi mal kounnye a pase anvan FAES te deklare lag\u00e8 kont lamiz\u00e8 ? Enben se klas bagay ki sot pase Mibal\u00e8 a ki lak\u00f2z, paske anyen pa janm rive jwenn malere yo jan sa dwa. Gwo zotobre ranje ak s\u00e8ten anplwaye Leta pou yo f\u00e8 dap piyan sou sa k te f\u00e8t pou al jwenn malere yo. Sa se gwo mechanste, si n pa vle di krim.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Pi gwo nouv\u00e8l FAES nou janmtande se lanm\u00f2 2mounn enp\u00f2tan ki t ap travay nan FAES la ki mouri. Swa-dizan yo swiside t\u00e8t yo a youn moman ke paw\u00f2l PetwoKaribe a te k\u00f2manse gaye nan peyi a epi aletranje tou. San dout, n ap sonje kijan yo te jwenn kadav Klaus Eberwein, ansyen direkt\u00e8 FAES sou gouv\u00e8nman Mich\u00e8l Mateli a, nan youn chanm lot\u00e8l nan Miami nan dat 11 jiy\u00e8 2017. Otorite ki responsab otopsi dimsyemouri ak youn bal nan t\u00e8t li te bay pw\u00f2p t\u00e8t li.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Se menm jan an tou, youn lane pita, yo pral jwenn kadav Caroline Estim\u00e9 (Karolin Estime), ki te sekret\u00e8 Klaus Eberwein, mouri menm jan an, nan youn chanm lot\u00e8l nan Miami. Anfen, bouch yo f\u00e8men pou vitam et\u00e8nam, se pa yo ki ka di anyen sou kantite lajan PetwoKaribe a ki te pase nan FAES, men ki pa t janm f\u00e8 travay li te sipoze f\u00e8 pou soulaje grangou p\u00e8p la. M ap mande si bann atouf\u00e8 yo, ki responsab krim sa yo, ka d\u00f2mi k\u00e8 poze ! Labib disa w f\u00e8 se sa w pral peye. M\u00e8t paw\u00f2l ranmase paw\u00f2l ou !<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Kounnye a, ann retounen sou eskandal diri nan Mibal\u00e8 a, jedi sem\u00e8n pase a. Depi nouv\u00e8l la te fin bay, nou pa tande anyen ank\u00f2. Minis Lajistis la, Mesye Aly, rete bouch be depi eskandal la te vin ateri nan biwo l. Paske, jan jounalisla di, FAES te mete minis la \u201cau parfum\u201d. Kivedi, minis Lajistis la gen tout enf\u00f2masyon FAES ba li sou kesyon diri a.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Se pa s\u00e8lman tir\u00e8s 229 sak yo, men sou tout kantite diri ki te sot P\u00f2toprens pou al jwenn malere nan tout z\u00f2n Plato Santral la e l\u00f2t kote tou. M espere pa gen youn \u00abkase f\u00eay kouvri sa\u00bb l\u00e8 gwo non k\u00f2manse site. Nou ka remake jiska prezan non okenn mounn pa janm soti. E si mesye ak dam Lapoliste arete yo te eksplike pou di se pa pou t\u00e8t yo y ap travay, men yo gen l\u00f2t gwo bwa d\u00e8y\u00e8 bannan yo ! Epi la tou, si yo pa gen tan viktim \u00ab ekip f\u00e8men bouch la \u00bb, yo ka gen tan f\u00e8 gwo dega ! Al\u00f2 minis la kapab byen okipe ap monte youn \u00abOperasyon kase f\u00e8y kouvri sa\u00bb.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Se konsa n ap vini ak youn bon jan egzanp kijan bagay yo f\u00e8t annAyiti. Si mesye-dam eskandal Mibal\u00e8 yo a t ap operae pou kont yo, yo t ap pase tankou ti v\u00f2l\u00e8. Asireman si nou janm f\u00e8 youn ti tan andey\u00f2, nan sa yo rele lary\u00e8 peyi a, nou ka konprann sa m pral di a. L\u00e8 otorite yo arete v\u00f2l\u00e8 bannann, v\u00f2l\u00e8 poul ak l\u00f2t bagay konsa, yo mare yo 2 bra d\u00e8y\u00e8 do, yo bat yo, pandan yo soumil\u00e8t osnon chwal yo, epi yo pralf\u00e8men ti v\u00f2l\u00e8 yo nan kacho san yo pa menm bezwen w\u00e8 jij. Epi byen souvan yo voye kle a jete, yo bliye malere yo nan kacho a. Se konsa otorite trete ti v\u00f2l\u00e8. Pa egzanp v\u00f2l\u00e8 diri nan Mibal\u00e8 yo te ka jwenn tretman ti v\u00f2l\u00e8,si yo t ap boule pou kont yo. Asireman, yo gen pi gwo bwa d\u00e8y\u00e8 yo. Ann tann pou n w\u00e8 sa Minis Jean Roudy Aly pral di epi kisa li pral f\u00e8 nan kesyon sa a.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Al\u00f2, sa ban m anpil a reflechi jan bagay yo f\u00e8t an n Ayiti. Ti v\u00f2l\u00e8 diri, bannann, poul, elatriye, se anba k\u00f2d yomete sa.Se allage yo nan youn kacho prizon kote yo bliye yo. Men gwo v\u00f2l\u00e8, gran N\u00e8g ak gran N\u00e8g\u00e8s devan Let\u00e8n\u00e8l, l\u00e8 w anfas yo, se koube byen ba pou montre yo resp\u00e8.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">M ap pran youn egzanp ke nou tout konnen. E mwen pran l paske pa gen okenn mwayen pou mounn vin di m se pa vre. Si m te gen milyon, mwen ta menm parye milyon ke sa m pral di a se bon jan verite. M ap kite Jovn\u00e8l Moyiz (Jovenel Mo\u00efse) an repo fwa sa a. Se pa paske m bliye l non. Menmap ba l youn ti kanpo. M ap konsantre sou pi gwo ch\u00e8f la, \u00abBandi legal la\u00bb. Mezanmi, \u00e8ske msye pa youn bon pr\u00e8v ke gwo v\u00f2l\u00e8 pa gen memn tretman ak ti v\u00f2l\u00e8 ? Anvan Mateli \u00abSwit Mimi\u00bb, te vin poze kandidati l k\u00f2m prezidan, msye te nan malsite. Li te oblije kriye fayit sou 3 kay li te genyen. Mwen ta ka rantre nan l\u00f2t koze tou pou m montre nou ke msye te youn avadra, men m ap kite sa pou le moman. S\u00e8l sa m ka di, ekonomikman, af\u00e8 Mich\u00e8l Mateli pa t bon ditou !<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Episa k rive l\u00e8 l pran rezidans nan Pal\u00e8 a, menm si se Pal\u00e8 anba tant ? Li k\u00f2manse mete an pratik sa l te gen nan t\u00e8t li a. San okenn lwa, piske se li k lalwa, li deside pou l milyonn\u00e8 pou tout r\u00e8slavi l. E pa li menm s\u00e8lman, men tout fanmi an tou. Premye konbinezon li deside pou l f\u00e8 milyon l yo, ti milyon pou k\u00f2manse, se te nan vwayaj aletranje. Li pase l\u00f2d ke \u00abp\u00e8diy\u00e8m\u00bb nise 20mil dola ameriken epi 10 mil dola pou madanm ni. Nou konn sa k \u00ab p\u00e8diy\u00e8m \u00bb nan, pa vre ? Pou mounn ki pa konnen,se kantite lajan pou prezidan an depanse, e madanm ni tou, pou chak jou yo pase nan vwayaj aletranje.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Enben,se konsa prezidan Michel Mateli ak madanm ni Sofya se koup prezidansy\u00e8l ki te \u00e8 plis vwayaj aletranje diran 5 an yo pase nan Pal\u00e8 a. Pou \u00ab Swit Mimi \u00bb ase, li te f\u00e8 plis pase 3 milyon dola v\u00e8t nan \u00abp\u00e8diy\u00e8m\u00bb. Pandanstan, p\u00e8p la ap desann nan lamiz\u00e8 pi r\u00e8d. Grangou ap pete fy\u00e8l malere. An menm tan, pou pete mounn ki pakonnen, Sofya lage l nan \u00f2ganizasyon tankou \u00abTi Manman cheri\u00bb ak youn bann l\u00f2tsimilak, pandan l ap plen p\u00f2ch li. \u0112ske tou sa se pa konbinezon v\u00f2l\u00e8, gwo v\u00f2l\u00e8, ki pa gen kont pou rann bay p\u00e8sonn.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Ti sal\u00e8 10 mil dola ameriken pa mwa pa ta ka ase pou prezidan an vin milti-milyonn\u00e8. Kijan m konnen li milti-milyonn\u00e8 a ? Menm jan nou tout nou konnen l nan. Ank\u00f2, se pa mwen ki di. Evidans la la devan je nou tout. Kote prezidan an jwenn lajan pou l bati youn chato b\u00f2 lanm\u00e8, pa tw\u00f2 lwen Sen Mak, pou 9 milyon dola ? Pandanstan an pou l ale nan chato a, f\u00f2k li pase devan Kanaan, pi gwo bidonvil ki egziste depi apre tranbleman d t\u00e8 12 janvye 2010 la. \u0112ske se pa youn krim sa ? Malere, ki te p\u00e8di tou sa yo te genyen, oblije ap rete anba kay pay, l\u00f2tse ak tach yo kouvri ti pye-t-at\u00e8 yo, ki ka twonpe sol\u00e8y, men ki pa ka bay lapli manti. Epi prezidan tout p\u00f2v yo ap banbile nan chato l ki pa menm 10 kilom\u00e8t de gwo bidonvil la. Li reyisi nan tou sa, paske li se GWO V\u014cL\u0112 !<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Anon, sa se tw\u00f2p at\u00f2 ! F\u00f2k yo jije ! Men pou sa rive f\u00e8t, f\u00f2k tout sitir\u00e8z v\u00f2l\u00e8 yo rache many\u00f2k yo epi bay t\u00e8 a blanch. Sa p ap fasil, men paw\u00f2l la disi gen volonte pa gen anyen nou p ap rezoud. Donk, nou tout k ap li m kounnye a m ap mande nou met gason ak fanm sou nou. Li l\u00e8 li tan pou n sispann f\u00e8 diferans ant ti v\u00f2l\u00e8 ak gwo v\u00f2l\u00e8 !An verite, gwo v\u00f2l\u00e8 yo lak\u00f2z peyi a nan sitiyasyon l ye a. Gwo v\u00f2l\u00e8 pa enkyete pou anyen, pa menm pou kidnaping k ap f\u00e8t tou le jou kounnye a. Yo konnen pa gen okenn kidnap\u00e8 k ap rive sou yo. Yo ranmase milyon pou yo te bay p\u00e8p la manje ak sekirite. Men sa pa regade yo.<\/span><\/p>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Pou konbyen tan ank\u00f2 n ap sip\u00f2te v\u00f2l\u00e8 nan t\u00e8t peyi a ? \u0112ske n pa w\u00e8 se yo menm ki mete n nan sitiyasyon nou ye a ? F\u00f2k nou k\u00f2manse trase youn egzanp ke p\u00e8sonn p ap ka bliye. F\u00f2k nou f\u00e8 gwo v\u00f2l\u00e8 konnen nou nan fifti-wann (fifety-one) yo. L\u00e8 yo pa atann yo konsa, y ap santi f\u00f2s p\u00e8p la ! <strong>Grenn Pwonmennen 19 fevriye 2020<\/strong><\/span><\/p>\n<hr \/>\n<p><span style=\"color: #000000;\">Cet article est publi\u00e9 par l\u2019hebdomadaire Ha\u00efti-Observateur, \u00e9dition du 19 f\u00e9vrier 2020\u00a0<strong>VOL.L, No.7,\u00a0<\/strong>New York, et se trouve en\u00a0<strong>P. 6<\/strong>\u00a0\u00e0 :\u00a0<a style=\"color: #000000;\" href=\"http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2020\/02\/H-O-19-february-2020-1.pdf\">http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2020\/02\/H-O-19-february-2020-1.pdf<\/a><\/span><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Krey\u00f2l GRENN PWONMENNEN Ki diferans ki geyen ant ti v\u00f2l\u00e8 ak gwo v\u00f2l\u00e8 ? Sem\u00e8n pase a gen youn nouv\u00e8l ki te atire atansyon m anpil. San dout, si nouz\u00f2t k ap li m kounnye a te w\u00e8 l tou,&#8230; <\/p>\n","protected":false},"author":2,"featured_media":4625,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[24,25,30],"tags":[404,1200,1451,1477,1495,1813,1982,2152,2227],"class_list":["post-4645","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-gwenp","category-haiti","category-kreyol","tag-blanch","tag-faes","tag-grenn-pwomenen","tag-gwo-vole","tag-haiti-observateur","tag-komise","tag-lunick-revange","tag-mict","tag-moun"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/4645","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/users\/2"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcomments&post=4645"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/4645\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fmedia&parent=4645"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcategories&post=4645"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Ftags&post=4645"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}