{"id":4790,"date":"2020-03-18T11:35:38","date_gmt":"2020-03-18T15:35:38","guid":{"rendered":"http:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=4790"},"modified":"2020-03-18T11:35:38","modified_gmt":"2020-03-18T15:35:38","slug":"se-nan-tet-pwason-komanse-pouri","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=4790","title":{"rendered":"Se nan t\u00e8t pwason k\u00f2manse pouri"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>GRENN PWONMENNEN<\/strong><\/span><\/p>\n<ul style=\"text-align: left;\">\n<li><span style=\"color: #000000;\"><strong>Se nan t\u00e8t pwason k\u00f2manse pouri\u00a0<em>pa Grenn Pwomennen<\/em><\/strong><\/span><\/li>\n<\/ul>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">\u00abC\u2019est par la t\u00eate que pourrit le poisson ! \u00bb Se sa pwov\u00e8b franse a di. San z atann, nou k\u00f2manse gen plis limy\u00e8 sou jan bagay yo ap dewoule ann Ayiti, sitou sou kesyon vagabonday ka p f\u00e8t nan peyi a. Mounn ki te kw\u00e8 sa ch\u00e8f pati PHTK a te di a se jw\u00e8t pral oblije detwonpe t\u00e8t yo. Wi, li se youn \u00abBandi legal\u00bb e se sou li tout l\u00f2t bandi yo kopye pou f\u00e8 nenp\u00f2t vye zak. Lalwa pa egziste pou yo. T\u00e8t pwason an gate ! San dout, nou gen tan pran nouv\u00e8l la.Youn senat\u00e8 PHTKlapolis arete nan youn machin yo t ap suiv depi 2 sem\u00e8n. Paske se menm klas machin sa a yo te sisp\u00e8k nan plizy\u00e8 ka kidnapin. Se youn machin gri, mak Prado, ki pa gen plak men ki gen gwo limy\u00e8 anl\u00e8 machin nan,menmjan akmachin polis yo, osnon sa nou konn w\u00e8 sou t\u00e8t anbilans yo. Kivedise machin ki gen priyorite l\u00e8 yo pran nan trafik.Yo annik pase limy\u00e8 yo ak sir\u00e8n pou yo pase tout boulin. Machin espesyal pou f\u00e8 kidnapin, n\u00e8spa ?<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Enben, jou jedi 12 mas la, demen ap f\u00e8 8 jou, lapoliste arete senat\u00e8 Kedl\u00e8 Ogisten (Kedlaire Augustin) ant 2 e 3 z\u00e8 nan lapr\u00e8-midi, nan z\u00f2n Puis Blain, anwo D\u00e8lma, nan vwatisa a yo t ap chache a. Yo wonfle msye anba kou, yo fese l at\u00e8, yomare l ak k\u00f2d tankou yo konn f\u00e8 pou v\u00f2l\u00e8 bannann l\u00e8 yo kenbe yo. Le landmen, nan deklarasyon pa l, senat\u00e8 a di li te f\u00e8 polisye yo konnen ke se senat\u00e8 li ye. Se senat\u00e8 Kedl\u00e8 Ogisten ! Yo kontinye maltrete l, paske yo pa ta ka kw\u00e8 ke se youn senat\u00e8 ki ak gwo b\u00f2t nan pye l, chemiz lage dey\u00f2 pantalon l jan vagabon yo mache nan lari a. Polisye yo mare msye kou krab epi yo mennen l nan komisarya Polis ki nan D\u00e8lma 33 a, la a nan P\u00f2toprens.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Sanble ke polisye yo resevwa youn nouvo mod\u00f2d. M ap mande si se Premye minis la, Joz\u00e8f Jout (Joseph Jouthe), ki di Lapolis f\u00e8t pou fouke toutmounn yo jwenn k ap f\u00e8 sa k pa sa. F\u00f2 n pa bliye ke antan ke Premye minis, se li menm ki k\u00f2mandan an ch\u00e8f CSPN (Conseil sup\u00e9rieur de la Police nationale). N\u00e8spa vr\u00e8 ke Joz\u00e8f Jout di li se \u00abPremye polisye\u00bb nan peyi a?<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Antouka, pa genmanti nan sa. Semachin sa amenmLapolist ap chache depi 2 sem\u00e8n, paske li te mele nan 9 zak kidnapin. Sa k touye senat\u00e8 a n\u00e8t se paw\u00f2l kest\u00e8 (questeur) Sena a. Antan ke kest\u00e8, ki anchaj finans nan Sena a. Se Ralf Fety\u00e8 (Ralph Fethi\u00e8re) ki te f\u00e8 vit pou wete Sena a nan eskandal la. Li kouri ekri sou menm kote premye enf\u00f2masyon an te par\u00e8t la pou l di : \u00abPlak machin nan ak papye l nan Sena a depi 2 sem\u00e8n\u00bb. Kivedi, pa gen mank nan sa, machin Lapolis kenbe a se machin senat\u00e8 Kedl\u00e8 Ogisten an.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Men 18 \u00e8 d tan te gen tan pase anvan paw\u00f2l la te pran lari. Jounalis Gari Py\u00e8 P\u00f2l Chal (Gary Pierre Paul Charles) se premye mounn ki te met koze a dey\u00f2 nan Scoop Fm ni an. Vennkatr \u00e8 pita, prezidan l\u00f2t 9 senat\u00e8 yo, ki toujou an fonksyon, mete youn kominike dey\u00f2, swa dizan pou defann k\u00f2l\u00e8g li. Se nan dat 14 mas li te met koze a dey\u00f2 pou l di keLapolis maltrete senat\u00e8 a menm l\u00e8 yo te konnen se youn senat\u00e8 Repiblik la li ye. Li estomake fopaplis.<\/span><\/p>\n<div id=\"attachment_4775\" style=\"width: 250px\" class=\"wp-caption alignleft\"><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" aria-describedby=\"caption-attachment-4775\" class=\"wp-image-4775 \" src=\"http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2020\/03\/HO18March2020sildo-1-300x186.jpg\" alt=\"\" width=\"240\" height=\"149\" \/><p id=\"caption-attachment-4775\" class=\"wp-caption-text\">F Silido<\/p><\/div>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">N ap bay, an franse, n\u00f2t ki gen siysati prezidan Sena a, Py\u00e8 Franswa Sild\u00f2 (Pierre Fran\u00e7ois Sildor), e n ap di Vant B\u00e8finfinfo m\u00e8si. Men kominike a : \u00abLe bureau du s\u00e9nat de la r\u00e9publique condamne avec la derni\u00e8re rigueur ce comportement inqualifiable d\u2019une patrouille polici\u00e8re oublieuse de sa mission de prot\u00e9ger et servir, et prenant un plaisir malsain \u00e0 terroriser et molester les honn\u00eates citoyens, surtout un membre du pouvoir l\u00e9gislatif couvert par l\u2019inviolabilit\u00e9 de l\u2019article 114 de la constitution ha\u00eftienne. \u00ab Il demande \u00e0 l\u2019inspection g\u00e9n\u00e9rale de la police nationale d\u2019Ha\u00efti (IGPNH) et au conseil sup\u00e9rieur de la police nationale d\u2019Ha\u00efti (CSPN) de diligenter une enqu\u00eate pour identifier ces policiers encagoul\u00e9s auteurs de telles d\u00e9rives susceptibles de ternir la r\u00e9putation du corps tout entier et de cr\u00e9er une psychose de peur envers les chevaliers de l\u2019ordre public\u00bb.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Pou fini, Biwo Sena a di piblikman la p prezante senpati pou senat\u00e8 Kedl\u00e8 Ogisten. An plis de sa, prezidan Sena a mande pou gen youn reinyon prese prese ak tout senat\u00e8 yo pou yo pran youn pozisyon ansanmansanmsou zak sa a, epi tou desizyon pou yo pran pou gen reparasyon ak redresman ki neses\u00e8. Kidonk,senat\u00e8 yo konprann k\u00f2mandman Polis la pral oblije pini polisye yo ki te arete e bat senat\u00e8 a, san dout pou yo prezante l eskiz e menm dedomaje l, pet\u00e8t youn milyon dola pou senate-kidnap\u00e8 a. Senat\u00e8 yo ka menm mande pou polisye yo met ajenou devan senat\u00e8 a epi k\u00f2m gwo pinisyon se pou yo ranvwaye yo, yo pa ka nan polis la ank\u00f2.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Pandan ke senat\u00e8 yo kouri pran pou k\u00f2l\u00e8g yo ki sanble nan kidnapin, osnon ki zanmi kidnap\u00e8, gen youn gwoup j\u00e8n gason ak fanm nan P\u00f2dpe (Port de Paix) ki mete k\u00e8k verite dey\u00f2. K\u00f2m nou konnnen senat\u00e8 Kedl\u00e8 Ogisten se younn nan reprezantan depatman N\u00f2dw\u00e8s nan Sena a e P\u00f2dpe se kapital depatman an. Se youn l\u00e8t byen long yo ekrisenat\u00e8 a. Menm si yo adrese msye \u00abHonorable s\u00e9nateur\u00bb,sa yo ekri a pa ditou \u00abonorab\u00bb.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Se gwoup \u00ab J\u00e8n Je Klere \u00bb ki bay k\u00e8k presizyon ke m ap pataje ak nou. Premy\u00e8man, mesye ki responsab kominikasyon pou senat\u00e8 a se Denis Louis Alex, ki gen ti non Don Diego. Msye se youn dep\u00f2te ki te pran prizon Ozeta-Zini anvan yo te pimpe l ann Ayiti. Don Diego te pran youn kout prizon ann Ayiti tou, paske li te mele nan youn kesyon dw\u00f2g epi zam ilegal nan zaf\u00e8 Alain D\u00e9sir a. Se l\u00e8 tranblemannt\u00e8 12 janvye 2010 la ke Don Diego te sot nan Penitansye Nasyonal la, gras a senat\u00e8 M\u00e9lius Hyppolite.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Yo di senat\u00e8 a konn tr\u00e8 byen se pa li s\u00e8lman ki kondui machin nan. Byen souvan Don Diego soti ak machin nan. Okontr\u00e8, selon sa Lapolis di, te gen youn l\u00f2t gason av\u00e8 l nan machin nan l\u00e8 yo te arete l la, men yo pa bay non l, ni yo pa disi msye te arete tou e sa k pase av\u00e8 l. San dout se te Don Diego. Epi tou, yo pase pran senat\u00e8 a sou youn l\u00f2t pwen. Yo f\u00e8 l sonje ke li te f\u00e8 patisenat\u00e8 yo ki te resevwa san mil dola (100 000,00 $) nan men Fritz William Michel pou vote pou li k\u00f2m Premye minis. Kidonk, devan grinbak, senat\u00e8 Kedl\u00e8 Ogisten pa f\u00e8 bak.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Yo di senat\u00e8 a pa ka pran yo pou egare. Ban m ban nou koze a jan yo bay li a : \u00abIl ne faut pas prendre les enfants du bon Dieu pour desimb\u00e9ciles\u00bb. Selon tou sa j\u00e8nPodpe yo di, yo konnen senat\u00e8 Kedl\u00e8 Ogisten byen. Se pa konsa konsa li pranDonDiego foure anba fal li. Nou menm, nou ta di \u00abZwazo menm plimaj vole ansanm\u00bb. Kidonk, anvan pou to ta menm mennen senat\u00e8 a nan tribinal, yo di l koupab.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Men prezidan Sena a, Py\u00e8 FranswaSild\u00f2, gen tan di ke selon atik 114 Konstitisyon an, polisye pa t gen dwa met men sou senat\u00e8 a epi bimen l jan yo bimen l nan. Senat\u00e8 gen iminite, s\u00e8tadi yo ka f\u00e8 nenp\u00f2t bagay, lapolis pa ka arete yo.Youn l\u00f2tfason nou ka di l : Yo se \u00abBandi legal\u00bb, lalwa pa gen f\u00f2s sou yo. Yo m\u00e8t v\u00f2l\u00e8 lajan Leta, jan prezidan PHTK a te f\u00e8 jouk li bati youn chato b\u00f2 lanm\u00e8 pou 9 milyon dola (9 000 000,00$), p\u00e8sonn pa ka manyen l. Okontr\u00e8, li konprann li pral tounen pou vin f\u00e8 plis dega toujou. Se li menm ki trase egzanp pou tout l\u00f2t PHTKis yo. E senat\u00e8 Kedl\u00e8 Ogisten pa w\u00e8 okenn mal nan sa si l antre nan kidnapin, osnon prete machin ni pou al f\u00e8 kidnapin, men pa pou granmesi. Se polisye yo ki pa nan w\u00f2l yo vin leve men sou li, fese l at\u00e8, mare l kou krab. F\u00f2k yo peye sa ch\u00e8 !<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Youn polisye, \u00abAgent 3\u00bb, ki bay non, Joz\u00e8f D\u00f2vilyen (Joseph Dorvillien), di li te la l\u00e8 arestasyon senat\u00e8 Kedl\u00e8 Ogisten an. Li pare pou l temwaye sou kesyon an. Li konplimante j\u00e8n mesye dam Podpe yo ki bay anpil enf\u00f2masyon sou senat\u00e8 depatman yo a. Asireman, yo menm tou, yo pare pou temwaye. Al\u00f2, pou kisa y ap eseye kase f\u00e8y kouvri sa a menm ? Peyi a fin pouri, paske mounn yo ki alat\u00e8t li yo se tankou pwason t\u00e8t pouri. Se konsa tout k\u00f2 a, s\u00e8tadi peyi a, pa ka nan anyen ki bon. Li fin pouri tou.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">S\u00e8l sa k pou soveAyiti, se j\u00e8n tankou j\u00e8n Podpe yo ki pa nan sere kras pou p\u00e8sonn; se j\u00e8n Petrochallengers yo ki di yo p ap d\u00f2mi jouk yo jwenn bout bann v\u00f2l\u00e8 yo ki dispar\u00e8t plis pase 4 milya dola (4 000 000 000,00$) ki te ka chanje vizaj tout Ayiti; se polisye eklere, ki pa respekte v\u00f2l\u00e8, menm l\u00e8 yo se ch\u00e8f ki gen im nite. Wi, se sou yo nou ka konte pou bagay yo chanje. Li l\u00e8, li tan, pou n kwape tout v\u00f2l\u00e8 ak kidnap\u00e8 ki konprann nou se youn bann enbesil. \u00ab Il ne faut pas prendre les enfants du Bon Dieu pour des imb\u00e9ciles ! \u00bb <strong>Grenn Pwonmennen 18 mas 2020<\/strong><\/span><\/p>\n<hr \/>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Cet article est publi\u00e9 par l\u2019\u00e9dition de l\u2019hebdomadaire Ha\u00efti-Observateur du 18 mars 2020 VOL. L No. 10, et se trouve en <strong>P. 6<\/strong> \u00e0\u00a0: <a style=\"color: #000000;\" href=\"http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2020\/03\/H-O-18-March-2020-1.pdf\">http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2020\/03\/H-O-18-March-2020-1.pdf<\/a><\/span><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>GRENN PWONMENNEN Se nan t\u00e8t pwason k\u00f2manse pouri\u00a0pa Grenn Pwomennen \u00abC\u2019est par la t\u00eate que pourrit le poisson ! \u00bb Se sa pwov\u00e8b franse a di. San z atann, nou k\u00f2manse gen plis limy\u00e8 sou jan bagay yo ap dewoule&#8230; <\/p>\n","protected":false},"author":2,"featured_media":4759,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[24,25,30],"tags":[260,1452,1495,1781,1823,2527,2904],"class_list":["post-4790","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-gwenp","category-haiti","category-kreyol","tag-augustin","tag-grenn-pwomennen","tag-haiti-observateur","tag-kedler","tag-koupab","tag-phtk","tag-sena"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/4790","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/users\/2"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcomments&post=4790"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/4790\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fmedia&parent=4790"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcategories&post=4790"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Ftags&post=4790"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}