{"id":4826,"date":"2020-03-25T21:56:11","date_gmt":"2020-03-26T01:56:11","guid":{"rendered":"http:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=4826"},"modified":"2020-03-25T21:56:11","modified_gmt":"2020-03-26T01:56:11","slug":"sof-si-w-pa-sou-late-pou-di-m-ou-pa-tande-pale-de-coronavirus-osnon-covid-19","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=4826","title":{"rendered":"S\u00f2f si w pa sou lat\u00e8 pou di m ou pa tande pale de \u00abCoronavirus\u00bb, osnon COVID-19"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>KREY\u00d2L <\/strong><em>pa GRENN PWOMENNEN<\/em><\/span><\/p>\n<ul>\n<li style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><strong>S\u00f2f si w pa sou lat\u00e8 pou di m ou pa tande pale de \u00abCoronavirus\u00bb, osnon COVID-19<\/strong><\/span><\/li>\n<\/ul>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Se lemonn antye ka p pale de youn s\u00e8l bagay : \u00abCoronavirus\u00bb ke \u014eganizayon mondyal Lasante rele COVID-19. Se youn maladi ki gen tan enfekte 307 627 epi touye 13 050 mounn atrav\u00e8 lemonn, depi li te par\u00e8t nan peyi Lachin nan mitan mwa desanm nan. Kivedi se pa ti ravaj li gen tan f\u00e8, e se kounnye a li f\u00e8k ap par\u00e8t nan s\u00e8ten peyi, tankouAyiti. Jouk kib\u00f2 li prale e konbyen kretyen vivan l ap blayi at\u00e8 anvan yo jwenn bout li ? Jiskaprezan, se youn mist\u00e8. Youn nouv\u00e8l nou pa tande souvan, gen 95 797 ki geri. F\u00f2 m di nou chif sa yo se chif \u014eganizasyon mondyal Lasante e se chif samdi pase. Men, machin lanm\u00f2 a an pl\u00e8n vit\u00e8s.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Enben sem\u00e8n sa a Grenn Pwonmennen pral ban nou youn ti moso nan sa l aprann nan plizy\u00e8 kote l pase, sa l w\u00e8, sa l tande, epi bay k\u00e8k ti kons\u00e8y ki ka ede n f\u00e8 fas ak l\u00e9nmi sa a ki pa konn ni rich ni p\u00f2v, ni okenn nasyonalite. Menm j\u00e8n mounn pa alabri, jan yo te kw\u00e8 oparavan. Okontr\u00e8, te gen youn paw\u00f2l dey\u00f2 a ke se granmounn ki gen plis pase 60 an ki pou veye k\u00f2 yo, paskemaladi a fonse sou yo pi vit. Enben, k\u00f2manse an Frans, maladi a te f\u00e8 youn koub pase pran mounn ki gen mwens ke 40 an. Rive Etazini, li pa nan paspouki, se tout mounn ki pou veye zo yo.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Asireman, nou deja tande ki- jan pou n rekonn\u00e8t maladi a. Li sanble k\u00f2m si w ap anrimen, g\u00f2j f\u00e8 mal, youn ti tous byen s\u00e8k epi lafy\u00e8v. Se pr\u00e8ske menm jan l\u00e8 mounn gen flou (flu ann angle). Men sa a se pa flou, tande. Se pou w rele lopital tou swit epi mande si w ka vini tou, osnon si y ap voye anbilans vin pran w. Okontr\u00e8, gouv\u00e8nman federal la, Ozetazini, pa t pran sa oserye, l\u00e8 l te f\u00e8k par\u00e8t nan peyi Lachin epi l te k\u00f2manse blayi k\u00f2 l nan peyi Kore di Sid, Iran ak Japon. Epi, sanz atann, li debake ann Ew\u00f2p, sitou nan peyi Itali, ki pa t pare pou ansasen sa a. Enben, se nan peyi sa a li f\u00e8 plis ravaj. Rive dimanch ki sot pase a, 22 mas, maladi a deja enfekte 53 576 mounn ann Itali e ltouye 4 825.Nan 3 jou s\u00e8lman 732 mounn mouri. Epi se konsa ke gen plis mounn mouri ann Itali pase sa Lachin di ki te mouri nan peyi kote viris la te k\u00f2manse f\u00e8 dega a.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Gen mounn ki mande kouman f\u00e8 se ann Itali plis mounn mouri. Enben, se kilti Itali a ki f\u00e8 sa, kivedi jan mounn yo viv. Nan youn s\u00e8l gwo kay ka genyen 3 jenerasyon, kivedi pran depi gran paran vin sou pitit pitit rete ansanm. Epi, selon etid ki f\u00e8t, se Itali ki gen plis granmounn pase tout l\u00f2t kote. E selon tout enf\u00f2masyon, maladi a frape granmounn plis. Antouka, otorite ann Itali f\u00e8men peyi a epi mete bon r\u00e8g pou mounn nan peyi a rete lakay yo, pa soti ! Se vr\u00e8man youn katastw\u00f2f.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Men se sou isit, Etazini, nou pral chita av\u00e8 w pou youn ti moman pou n bay k\u00e8k detay de COVID-19 la, paske anpil nan nou z\u00f2t lekt\u00e8 se Etazini nou ye. Premy\u00e8man, nou p ap bliye ke l\u00e8 maladi a te f\u00e8k par\u00e8t nan peyi Lachin, prezidan ameriken an, Donal Twonp (Donald Trump), pa t ba l enp\u00f2tans. Konsa, li pa tf\u00e8 okenn preparasyon pou f\u00e8 fas a sa ke l rele kounnye a \u00abyoun l\u00e9nmi envizib byen mechan\u00bb.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Nan sitiyasyon sa a, samdi ki sot pase a, se plis pase vennkat mil (24 000) ka ki deja deklare nan tout 50 eta peyi b\u00f2 isit, pr\u00e8ske la mwatye nan eta Nouy\u00f2k. Epi nan plis ke 11 000 nan eta Nouy\u00f2k la, 70 % se nan lavil Nouy\u00f2k, nan tout komin yo, kivedi Manatann, Bwonks, Bwouklin, Kwinz ak Statenn Aylann. Sitiyasyon Nouy\u00f2k t\u00e8lman grav, gouv\u00e8n\u00e8 Andrew Cuomo pase l\u00f2d pou tout bizinis f\u00e8men nan Nouy\u00f2k, menm restoran. Se k\u00f2mande ou ka k\u00f2mande nan s\u00e8ten restoran pou yo vin delivre ba w lakay, men pa gen chita, pran plezi nan restoran ank\u00f2. Lavil Nouy\u00f2k, ki gen plis teyat pase tout l\u00f2t vil Ozetazini, enben tout f\u00e8men. Yo rele sa youn \u00abGhost Town\u00bb (vil san nanm). Tou samdi la a te rive samdi swa, l\u00e8 m t ap ekri. Asireman, rive jodi m\u00e8kredi a, bagay yo inn pi grav. Nou ka jwenn plis ti detay, ki rive jouk ay\u00e8 madi a, nan NOUVELLES BR\u0112VES yo, nan paj 16.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Ekonomi peyi Etazini pran gwo kou ki pral lak\u00f2z gwo twoublay pi devan. Se pa milyon, mounn p\u00e8di travay yo, paske youn bann biznis oblije f\u00e8men. Tout lek\u00f2l f\u00e8men. Se plis pase karant milyon (40 000 000) etidyan ki oblije ret lakay yo, epi milyon pwofes\u00e8 tou. Sa kimontre kijan peyi a afekte ekonomikman, se sa yo rele Bous Nouy\u00f2k la, Dow Jones. Se la tout gwo konpayi opere tankou youn gwo mache. Kliyan achte sa yo rele \u00abaksyon\u00bb e yo vann tou. Depann de kijan konpayi a ap f\u00e8 pwogr\u00e8, pri aksyon l yo vin pi ch\u00e8. Dizon ke w te achte aksyon a 5 dola, epi aksyon konpayi a monte byen wo, 5 dola w la ka rivemenm100 dola. Sa depann. Konsa tou ou ka p\u00e8di,si youn sitiyasyon vin kreye ensekirite pou konpayi a ki k\u00f2manse bese.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Antouka, sa k sot rive Dow Jones nan 2 sem\u00e8n ki sot pase yo se youn gwo leson. Lav\u00e8y prezidan Twonp te pran pouvwa a, le 19 janvye 2017, Dow Jones la te nan 19 804. F\u00f2 m di nou se depi sou prezidan Obama li t ap monte. Men pandan prezidan Twonp la a, depi 2017 la, Bousla te kontinye monte, jouk li rive piwo pase tout tan : 29 551,42 nan dat 12 fevriye 2020, mwa pase a. Enben, vandredi pase, 20 mas la, li tonbe jouk nan 19 173.98, youn ti kras pi ba pase jan l te ye l\u00e8 l te monte k\u00f2m prezidan. Jan l te bat lestonmak li, di ke se li menm ki f\u00e8 Dow Jones la monte tout wot\u00e8 sa a, m panko tande l di anyen pou jan l tonbe a. Eksepte l ap plede joure \u00abviris Chinwa a\u00bb, youn \u00abl\u00e9nmi envizib byen mechan\u00bb.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Pou m fini av\u00e8k sa k ap pase Ozetazini, se plizy\u00e8 eta ki nan \u00ablockdown\u00bb. Nou byen konnen, ann Ayiti, paske nou pase nan \u00abpeyi lock\u00bb. Se California ki te k\u00f2manse. Men nan vandredi a, Illinois, ki gen gwo vilChikago a, rantre nan won.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Epi New York ak Connecticut tou. Lavil Las Vegas, nan Nevada, kapital je daza, tounen youn vil tou mouri. Nan New Jersey,se Atlantic City ki kapital je daza. Enben sa f\u00e8men tou. Kanta pou Eta Washington, kote maladi a te debake an premye Ozetazini, lif\u00e8men depi youn bon ti bout tan. Epi n oblije f\u00e8 youn ti kout pye lakay, kote COVID-19 debake sem\u00e8n pase a, l\u00e8 gouv\u00e8nman te di yo te dekouvri 2 ka, youn mesye peyi B\u00e8ljik ki te gen youn ofelina nan Sen Mich\u00e8l Latalay, epi yo te di youn franse, san dout youn pwofes\u00e8 nan Iniv\u00e8site Manmlad la, tou le 2 nan n\u00f2 peyi a. Enben anbasad Lafrans P\u00f2toprens kouri mete youn kominike dey\u00f2 pou di pa gen krassitwayen franse ki pote okenn maladi vin Ayiti. Epi se prezian Jovn\u00e8l Moyiz menm ki te di sa. Kidonk, Coronavirus lak\u00f2z friksyon diplomatik. Pi devan pi tris. San dout, yo t ap pale Roudy, chant\u00e8 ayisyen an ki te sot an Frans sem\u00e8n pase ak maladi a. Nou konnen jan msye popil\u00e8, asireman li gen tan pase viris la bay plizy\u00e9 fanatik.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" class=\"alignleft wp-image-4808 size-medium\" src=\"http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2020\/03\/HO25march2020Dmeza-1-300x183.jpg\" alt=\"Aguste D'Meza\" width=\"300\" height=\"183\" \/>Ayiti pa vr\u00e8man prepare pou f\u00e8 fas a maladisa a ki debake nan peyi a. Nou bay Auguste D\u2019Meza rezon pou kesyon l poze yo. M ap bay li an franse, jan nou w\u00e8 l sou WhatsApp la : \u00abDeux questions \u00e0 la ministre de la sant\u00e9 : \u00e0<\/span><\/p>\n<ul style=\"text-align: left;\">\n<li><span style=\"color: #000000;\">\u00abPourquoi ne pas rendre fonctionnel l\u2019h\u00f4pital construit par les Turcs \u00e0 la Croix des Bouquets ? Pour le mat\u00e9riel, allez \u00e0 la douane, il y a un stock d\u2019\u00e9quipement disponible pour d\u00e9faut de paiement. Arr\u00eatez de les vendre aux ench\u00e8res pour faire plaisir \u00e0 un T\u00e8t Kale. \u2022\u00abPourquoi ne pas terminer en urgence l\u2019h\u00f4pital Simbi, \u00e0 Martissant? Arr\u00eatez de quemander. L\u2019argent de la BID vous int\u00e9resse plus que la sant\u00e9 de la population. \u00abEnfin proposez \u00e0 votre president de demander \u00e0 la BNC de financer ces travaux a partir des plus de 4 milliards de profits accumul\u00e9s appartenant \u00e0 l\u2019ensemble des citoyens. Pour une fois, mettez vous debout\u00bb.<\/span><\/li>\n<\/ul>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Se tr\u00e8 z enp\u00f2tan sa nou w\u00e8 av\u00e8k p\u00f2tre k\u00f2m akonpayman : \u00abMartelly f\u00e8 zanmi l yo rich. <strong>Zero Lopital<\/strong> ! Epi yo pase pran Laurent Lamothe tou ak plis pase 600 milyon dola PetwoKaribe li te pran an. Zero Lopital !Av\u00e8k tout l\u00f2t par\u00e8y li yo.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">Monsieur, le Pr\u00e9sident de la R\u00e9publique ! K\u00f2m yo di, se sa w ye toujou. Si w pa vle COVID-19 la vin fini av\u00e8 w vre, mete gason sou ou, jan w di w ap f\u00e8 ak \u00abPloutocracie\u00bb a, al chache lajan PetwoKaribe a kote w konnen ou ka jwenn li an, pou w f\u00e8 tout travay ou gen pou f\u00e8 yo, jan kanmarad Augusste D\u2019Meza di a.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\"><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" class=\"alignleft wp-image-4816 size-medium\" src=\"http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2020\/03\/HO25march2020zerolopital-12-1-300x166.jpg\" alt=\"Laurent Lamothe\" width=\"300\" height=\"166\" \/>Epi sispann tout ipokrizi sa a, ap pibliye kominike pou w di tout mounn rantre lakay, pa soti. Kib\u00f2 pou y ale a ? Nan f\u00e8 nwa, yo pa menm gen youn ti gaz pou youn ti t\u00e8t gridap, san kouran eletrik pou sa yo ki genyen l youn l\u00e8 konsa, san bon dlo pou yo bw\u00e8, san anyen pou yo manje ! W ap voye yo mouri anvan COVID-19 1a rive sou yo ? Nan l\u00f2t peyi kote yo f\u00e8 moun yo rantre lakay yo, otorite yo deplwaye Gad nasyonal, Lame, Marin pou pote manje, medikaman, dlo,tou samounn yo bezwen pandan yo f\u00e8men lakay yo. Sise kopye w ap kopye, f\u00f2 w byen kopye. Tout jw\u00e8t se jw\u00e8t, men kw\u00f2ch\u00e8t pa ladan l. Jw\u00e8t pou ou, tande ! Grenn Pwonmennen, 25 mas 2020<\/span><\/p>\n<hr \/>\n<p style=\"text-align: left;\"><span style=\"color: #000000;\">cet article est publi\u00e9 par l&rsquo;hebdomadaire Ha\u00efti-Observateur, <strong>VOL. L No.11<\/strong> <em>New-York<\/em>, \u00e9dition du 25 mars 2020 et se trouve en <strong>P.6<\/strong> \u00e0 :\u00a0<a style=\"color: #000000;\" href=\"http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2020\/03\/H-O-25-march-2020-1.pdf\">http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2020\/03\/H-O-25-march-2020-1.pdf<\/a><\/span><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>KREY\u00d2L pa GRENN PWOMENNEN S\u00f2f si w pa sou lat\u00e8 pou di m ou pa tande pale de \u00abCoronavirus\u00bb, osnon COVID-19 Se lemonn antye ka p pale de youn s\u00e8l bagay : \u00abCoronavirus\u00bb ke \u014eganizayon mondyal Lasante rele COVID-19. Se&#8230; <\/p>\n","protected":false},"author":2,"featured_media":4815,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[25,30,60,53],"tags":[788,825,1452,1495,1950,2513],"class_list":["post-4826","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-haiti","category-kreyol","category-sante","category-usa","tag-covid-19","tag-d-meza","tag-grenn-pwomennen","tag-haiti-observateur","tag-lopital","tag-petwokaribe"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/4826","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/users\/2"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcomments&post=4826"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/4826\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=\/"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fmedia&parent=4826"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcategories&post=4826"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti-observateur.ca\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Ftags&post=4826"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}