GRENN PWONMENNEN! Ayisyen ka fè youn nouvo Revolisyon

4 octobre 2023 – GRENN PWONMENNEN!

  • Ayisyen ka fè youn nouvo Revolisyon

Gen plis pase 2 syèk, egzakteman 218 lane, nan dat premye janvye ki te louvri lane 2023 a, ke Jean-Jacques Dessalines (Jan-Jak Desalin), papa nasyon an, te deklare endepandans politik Ayiti. Sa te reyalize apre dènye gwo batay Vertières (Vètyè a), tou pre Okap Ayisyen, nan dat 18 novanm 1803, lè zansèt nou yo te bat gwo lame Napoléon Bonaparte la, pou met fen a lesklavaj.

Vwala ke depi lè sa a, Ayiti ap pase youn tray, paske gwo nasyon ann Ewòp yo ak Etazini ki te monte ekonomi yo sou do bann esklav Nwa ke yo t al kidnape ann Afrik, te di fòk yo fè Ayisyen peye pou frekansite yo, paske yo te bat gwo lame Blan an pou vin tabli premye nasyon Nèg nwè nan lemon. Yo te di se youn move egzanp pou esklav nan tout lòt peyi yo, ke sa te pral afekte ekonomi yo.

Efektivman, anpil lòt mounn te vin chache èd ann Ayiti pou delivre peyi yo, an kòmansan pa Simon Bolivar, ki te libere plizyè peyi nan Lamerik Latin nan. Gen plizyè ki rekonesan anvè Ayiti pou a. Ou ka wè sa nan drapo yo, ki kopye sou drapo ble-e-wouj Ayiti a, tankou drapo Venezwela, Kolonbi ak Ekwatè, ke Simon Bolivar te enfliyanse, apre drapo Venezwela a te deplwaye pou lapremyè fwa nan Jakmèl, ann Ayiti, anvan li te pati ak bato, solda, zam pou al libere Venezwela, nan lane 1817.

An plis de sa, gen plizyè lòt peyi ki te vin libere apre sa, ki te adopte koulè ble ak wouj la, menm lè yo dispoze koulè yo youn sans diferan. Men: Chili, Kiba, Kosta Rika, Repiblik Dominikèn, Panama, Paragwe, menm Pòto Rikko. Kivedi yo santi enfliyans Ayiti prèske toupatou nan Lamerik la, menm nan peyi Grès, ke n te ede nan lane 1822.

Anpil lòt peyi benefisye de sa Ayiti te fè pou konbat lesklavaj, men de pè an fis, pitit bann kriminèl ki te mete Nèg an esklavaj pou yo viv alèz nan peyi pa yo, te kontinye toupizi Ayiti. Sa pa janm sispann.

Youn tèt ansanm pami Ayisyen ki sonje sa zansèt yo te fè

Men sanble nou sou wout pou n bay youn lòt leson ankò, apre tout lane sa yo. Se kòmsi Ayisyen vle suiv egzanp zansèt nou yo, ki te fè youn tèt ansanm a youn sèten moman, pou yo te vin gen laviktwa sou Blan Franse ki te mete yo ann esklavaj. Tout gwoup ki t ap batay kont Blan yo, chak ti gwoup nan zòn pa yo, te fè youn gwo wounble nan Lakayè, nan dat 18 me 1803. Desalin chire moso blan nan mitan drapo franse a, li bay Catherine Flon (Katrin Flon) koud 2 lot moso yo, ble ak wouj la, ki te vin tounen drapo batay nou. Nan 6 mwa, jou pou jou, nan dat 18 novanm, nou bat pi gwo lame ki te genyen nan epòk sa a.

Sanble Ayisyen toupatou ap fè menm jan an tou dekwa pou n reyalize youn lòt Revolizyon. Fwa sa a se pral youn Revolisyon ekonomik ki pral fè lemonn antye respekte nou. Se konsa mwen entèprete mouvman KPK a, KANNAL LA PAP KANPE! Se premye fwa mwen wè Ayisyen toupatou, kit se patizan Vodou, kit se prèt Katolik, pastè Pwotestan, kanpe menm bò. Yo tout nan KPK. Epi, se lasosyete, an jeneral, swa ann Ayiti osnon aletranje, ke ki rantre nan mouvman an.

Okontrè, la nan Bwouklin nan, isit nan Nouyòk, vandredi pase, 29 septanmn nan, Ayisyen pa t kite nouvèl gwo lapli, ki te sanse anvayi tout zòn nan, anpeche yo reyini pou pote sipò pa yo bay KPK. Nou bat bravo pou Kenny Altidor (Kenni Altidò), ki te lanse envitasyon sa a, epi ki te kanpe byen djanm lè nouvèl gwo lapli a sanse te pral gate tout bagay. Li te di: “Nou p ap fè bak, reyinyon pou 5 è”. Epi li te pase chache m nan machin ni.

Mezanmi, menm lanati te tande epi la tou li koopere. Depi vè midi, tout lapli te sispann, tandiske nan nouvèl nan tout televizyon se te youn sèl pawòl: “Pinga pèsonn soti lakay yo, paske dlo pral anvayi tout kote an Nouyòk la!”. Te menm gen youn pawòl dlo ka bwote mounn ale. La tou, gen lòt ki t ap di: “À peine si les plus justes seront sauvés!

Enben, depi vè midi konsa, nan vandredi a, tout lapli sispann. Mwen pa t bezwen kras pwoteksyon pou lapli, pa menm youn ti parapli pou m te soti. Jan nou wè l la, pou apiye mouvman KPK a, lanati rantre nan jwèt la, li byen koopere!

Se prezidan Dominiken an, Luis Abinader ki lakòz KPK

Asireman, mwen pa bezwen eksplike nou sa k KPK a, pawòl la gentan gaye toupatou. Se prezidean Dominiken an, Luis Abinader, ki responsab pou mouvman sa a. Kòm nou konnen, nan dat 15 septanm, jou vandredi sa a ki te “Jou Entènasyonal Demokrasi”, selon deklarasyon Nasyon Zini depi lane 2007, Mesye Abinader, te deklare fwontyè peyi l ak Ayiti fèmen. Vwayaj nan avyon ak nan bato ant 2 peyi yo sispann tou. Epi msye debake ak twoup nan fwontyè, sitou nan 4 gwo travèse ki genyen an 2 peyi yo, fwontyè Dajabon anfas Wanament la anpremye. Li deplwaye youn bann twoup lame nan fwontyè. Epi l di tout bagay pral ret konsa jiskaske Ayisyen yo sispann konstwi kannal y ap fè a pou pran dlo nan Rivyè Masak la pou wouze jaden ann Ayiti, sitou anwo nan gwo plenn Maribawou a, nan Nòdès peyi a.

Ansyen prezidan Dominiken yo rele Leonel Fernandez la te kouri pale byen vit. Li te di sa Abinader fè a, al deplwaye twoup nan fwontyè, “Se youn deklarasyon lagè. . . . Nou pa nan lagè ak Ayisyen, ni nou pa vle nan lagè ak Ayisyen!” La tou, Ayisyen oblije kouri ap kite Repiblik Dominikèn an kantite, paske jwèt la make san, sitou dat 2 ale 4 oktòb la raple nou lane 1937, lè diktatè Dominiken yo rele Rafael Leonidas Trujillo y Molina a te fè masakre anviwon 30 mil Ayisyen nan menm zòn fwontyè sa a, paske li te di bann moun nwè sa yo ap vin sal ras la.

Antouka, Ayisyen di KANNAL LA PAP KANPE! Epi gen Dominiken ki kòmanse wè bagay la nan menm fason mwen te di sa pral tounen. Asireman, nou te li nan 2 nimewo jounal Ayiti-Obsèvatè ki sot pase yo kote mwen te di: “Fèmen fwontyè, koupe tout kontak ak Ayiti se youn kouto 2 bò, 2 tranchan, kouto fanmasi! Se pa Ayisyen ase ki pral sibi. Se Dominiken ki pral blese pirèd”. 

Mwen pral bay youn depite Dominiken pale

Selon sa nou wè nan youn video k ap sikile sou Entènèt la, se youn Mesye Hector Diaz nou wè k ap lage gwo verite atè. Epi youn Ayisyen, ki pa bay non l, ke nou pa menm wè vizaj li, k ap entèprete pou li, paske msye t ap pale nan lang Panyòl. Mwen pran tan m, mwen kopye tou sa msye di yo pou nou. Jan msye pale a, mwen men mwen di: “Apa li, papa, men y oblije admèt Dominiken pa ka reyisi anyen san Ayisyen!”

Mezanmi, se pa mwen ki di, se depite Dominiken, an, Hector Diaz, ki pa sere kras pou pèsonn, k ap pale nan lang peyi l. Msye di youn bann verite ki merite pou nou tout tande, si nou ka jwenn video a. Antretan, tradiksyon ki fèt la, ke m fè 2 z ou 3 koreksyon tou piti, baze sou konnesans mwen de lang lan, mwen rele sa youn Manman Penba. Pa bliye ke se ak Dominiken parèy li l ap pale. Kanmenm msye dakò pou yo toupizi Ayisyen, men jan l di l la, si Ayisyen byen konprann, sa pral ede yo fè sakilfo pou met Dominiken nan plas yo. Antouka, men msye:

“Ann pa fè ipokrizi! Kann isit la, Dominiken pa pral koupe l. Nou bezwen Ayisyen yo pou koupe kann nan pou nou. Plantasyon isit la ap tonbe, san Ayisyen. Endistri konstrisyon isit la tou, l ap tonbe, si Ayisyen yo pa la. Isit la gen youn lwa 820, imigran pa travay nan konstriksyon. Men, pa gen okenn antrepriz ki respekte lwa sa a. Al nan youn chantye, w ap jwenn 3 Dominiken yo mete kòm chef, epi w ap jwenn 75 Ayisyen k ap konstwi.

“Alò se sa k fè fòk nou sispann ipokrizi a, paske nou bezwen Ayisyen yo isit la. Nou bezwen yo pou peyi a

a ka devlope. Ayisyen pa koupab. Se youn bann mounn byen brav. N ap eskize m, men fòk nou kite ipokrizi a”.

Epi gen youn mounn ki t ap tande msye, ki kouri di: “Mwen menm, mwen dakò avèk sa w ap di a”.

Epi depite a reprann: “Nou gen peyi sa a bò kote nou an, pou jan l pòv la, se youn benediksyon pou nou. E noun menm, an Repiblik Dominikèn, nou ka fè ansòt ke pou n eksplwate yo, pou n fè Repiblik Dominikèn vin pi rich toujou.

“Nou ka fè menm jan ak Etazini, ki eksplwate tout peyi ke l kapab. Sa pou n fè kounnye a, menm jan ak youn gwo puisans, nou ka eksplwate tout peyi nou kapab. Annou eksplwate min lò ki rele Ayiti, ki la sou kote nou an! Nou pa mounn sòt. Se biznis! Wi, bagay la se youn biznis!”

(Sa parèt nan Pati Info News sou Entènèt la)

Youn dènye pawòl apre sa m tande, sa nou menm nou li, ki sot nan bouch youn Dominiken

Mwen kwè fòk mouvman KPK a tounen youn mouvman Revolisyon ekonomik pou Ayisyen. Pou nou fè revolisyon sa a se pou n tounen nan travay latè ann Ayiti seriezman pou Ayiti ka pwodui tou sa l bezwen. Jan depite Dominiken an di, Ayisyen konn travay byen rèd. Dayè, se yo menm ki fè Repiblik Dominikèn pa kanmarad Ayiti. Apa se Ayisyen ki nan koupe kann depi Ameriken te bwote yo mennen yo lòtbò a, pandan yo te okipe tou 2 peyi yo, Aytiti de 1915 a 1934; epi Repiblik Dominikèn, de 1916 a 1924. Se konsa, peyi lòtbò a te vin tounen youn kapital sik pou anpil peyi, espesyalman ann Ewòp, Etazini ak, Kanada. Tou sa, sou do Ayisyen. Si nou ka fè sa pou yo, nou ka fè l pou lakay nou tou.

Tout gwo building nou wè an Repiblik Dominikèn yo, ki rale touris pa milyon chak lane vin lòtbò a, se Ayisyen ki konstwi yo. Se pa mwen ki di, se depite Dominiken an ki admèt sa. Enben, Ayisyen pral rantre nan konstriksyon nan pwòp peyi yo. Asireman, nou wè kibò m ap vin ak nou. Nou pral bezwen pou tout gwo zouzounn k ap pran lajan peyi a al envesti an Repiblik Dominikèn fè youn kanpe, epi kòmanse

envesti lakay, pou nou kapab pwodui tou sa n bezwen, pou n pa nan achte pou plis pase youn milya dola (1 000 000 000.00 $) ) nan men Dominiken, pandan n ap vann yo sèlman pou 11 milyon (11 000 000.00$). Epi se pwòp frè n, sè n ak ti kouzen/kouzin nou y ap eksplwate pou vin toupizi nou pirèd.

Sa vle di, fòk nou mete bon dirijan anchay peyi a, ki ka met bonjan sekirite, ki pa nan dwèt lonk siperyè ak lajan peyi a. Pa ka gen plas pou okenn gang. Epi say o rele enpinite a n ap sispann sa. Tout gwo vòloè, miltimilyonnè, pèp la pral mande pou ran kont.

Enben, Ayiti, peyi byen pòv ki la, ki sou kote Repiblik Dominikèn nan, ki konsidere kòm “youn min lò” pou Dominiken, pral sispann sèvi kòm peyi pou lòtbò eksplwate pou l devni peyi byen rich. Paske lè gen bonjan lagrikilti lakay ak travay nan tout lòt branch, sa pral debouche sou youn Revolisyon Ekonomik, ki pral osi enpòtan ke Revolisyon Politik 1804 la. Lemonn antye pral sezi.

Alò, nou konprann poukisa Prezidan Abinader pè kesyon pou n gen dlo lakay nou ak youn sèl kannal, pandan ke Dominiken deja gen 11 kannal. Li gentan wè sa Ayisyen ka reyalize ak sèlman youn kannal. Pi devan, se pa sèlman sou Rivyè Masak la, men fòk gen lòt kannal sou bann rivyè ki nan peyi a pou fè Ayiti

vin tounen youn ti paradi. Epi nou pral wè kijan touris pral debake pou vin wè sa, anplis de tout lòt sa nou gen pou montre yo, tout gwo fò zansèt nou yo te bati apre yo te kraze lesklavaj. Paske nou pa ka premye nan kraze lesklavaj epi pou n vin dènye, peyi ki pi pòv nan zòn Lamerik la.

Ann pran lavni nou nan men nou. Ann fè sa n gen pou fè, sitou ak riches anba tè ke Ayiti pa manke. Se poutèt sa n ap di: KPK net al kole! Men sa se twòkèt la, chay la dèyè! Men nan men, Tèt Ansanm. Se sa ki “L’Union fait la Force” la.

TiRenm/Grenn Pwonmennen, nan raljo31@yahoo.com

cet article est publié par l’hebdomadaire Haïti-Observateur, VOL. LIII, No. Édition spéciale Canada du 4 octobre 2023, et se trouve en P…. à  : specialho4octobre2023Printweb

Haïti-Observateur / ISSN: 1043-3783