Kòm nou te deja di, manifestasyon 17 Oktòb la te fè anpil mounn sezi

Kreyòl

  • GRENN PWONMENNEN pa Grenn Pwonmennen

Kòm nou te deja di, manifestasyon 17 Oktòb la te fè anpil mounn sezi. Okontrè, se otorite yo, mounn nan gouvènman an, ki te pi sezi. Gen ladan yo kit e menm bwè te vèvenn. Yo te konprann se nan bouch mounn t ap pale, menm jan ak prezidan an ki toujou ap fè pwomès san anyen pa janm fèt. Enben, fwa sa a Ayisyen te fè anpil plis pase sa yo te espere. Yo te fè youn manifestasyon kont kòripsyon ki kouvri tout peyi a, ki te fokis sou lajan PetwoKaribe a. Se te youn manifestasyon pasifik, youn bagay ki te siprann anpil mounn. Paske lè w tande yo di manifestasyon ann Ayiti, byen souvan se boule kawotchou, kout wòch, piye biznis mounn, kase bank, elatriye. Fwa sa a òganizatè yo ak manifestan yo merite 10 sou 10.

Kòm nou te rapòte, Prezidan Jovnèl Moyiz (Jovenel Moïse) te kouri revoke 18 anplwaye Palè, menm direktè kabinè a avèk sekretè jeneral la. Men 2 mesye sa yo ki vin ranplase direktè kabinè a ak sekretè jeneral Palè a se mounn ki t ap travay ak Sofia Mateli epi ki te opalè depi sou Jan-Klod Divalye (Jean-Claude Duvalier). Se Naòm Dòvil (Nahom me Dorvil) ak Jan Ilbè Lebren (Jean Hilbert Lebrun). Kivedi se menmman parèyman. An palan de sa, gen mounnn ki te revoke nan lendi epi ki te reprann plas yo le landmen, tankou Gicha Dore (Guichard Doré), younn nan pòt-pawòl prezidan an.

Men sa k pi bèl la, nan madi, 23 oktòb, Premye Minis Jan Anri Seyan (Jean-Henry Céant) te anonse l ap monte youn komisyon pou travay sou kesyon PetwoKaribe a. Kòm nou konnen, prezidan Chanm Depite a, Gari Bodo (Gary Bodeau) te di li pa dakò avèk kesyon youn lòt ko misyon, paske Sena a gen tan travay sou dosye a epi yo menm gen tan voye sa bay “La Cour superieure des comptes et du Contentieux administratif” (CSC/CA), youn branch nan gouvènman an ki responsab pou kontwole kijan lajan depanse nan travay Leta.

Se pa sèlman Depite Bodo ki pa dakò pou Premye Minis la vin ak youn lòt komisyon pou etidye sa k pase ak lajan PetwoKaribe a. Premyèman, Asosyasyon jounalis yo di Premye Minis la “non, mèsi” pou envitasyon pou yo patisipe nan komisyon an. Se tou 2 asosyasyon jounalis yo ki di yo pa ladan l. Gwoup k ap defann dwa mounn, sa yo rele an franse “Groupe des droits humains”, di yo pa nan kras ko mi syon. Fò m di nou Legliz Ka to lik nan gwoup sa a. Re pre zan tan Sosyete Sivil di yo pa ladan l. Kolektif 4 Desanm di non mèsi. Eksetera era!

Gwo verite ki sot nan bouch kèk pèsonalite sou kesyon an se tankou lò. Nan mèkredi, sètadi lan dmen deklarasyon Premye Minis la sou kesyon komisyon li pral monte a, Patris Dimon (Patrice Dumont) te bay opinyon l sou kesyon an. Nan you “twit” sou entènèt la, senatè a ekri: “Desizyon pou kreye komisyon sou PetwoKaribe a vle di PM lan ak tout Prezidan an pa menm vle pran poz ke yo kwe nan Leta”.

Asireman, nou konprann sa Senatè Dimon vle di. Komisyon Etik e Aniti-kòripsyon Sena a deja fè 2 rapò byen detaye sou PetwoKaribe. Gen ase enfòmasyon ladan rapò yo pou gouvènmman a te renmèt Lajistis dosye a depi lontan. Osnon, li ta ka ret tann rapò “La Cour superieure des comp tes” lan. Nèspa vrè ke Prezidan Jovnèl Moyiz (Jovenel Moï se) te di kijan li te mannevre pou rapò a te soti nan men Sena a pou l t al nan La Cour Superieure. Fò prezidan an pa bliye sa l te di konpatyriyòt yo an Frans le 12 desanm 2017. Se li ki te ranje ak senatè yo pou yo te voye dosye a bay La Cour superieure. Epi La Cour superieure deja di l ap bay rezilta yo nan mwa janvye, nan mwens ke 3 mwa.

Epi kounnye a Premye Minis la ap vini ak youn lòt komisyon ki pral pran youn bann tan pou swadizan fè travay ki deja fin fèt. Yo pral depanse milyon dola, si se pa milya, lajan ke gouvènman an pa menm genyen. Paske si yo te gen lajan vre, yo ta peye anplwaye Leta aletranje yo ki gen 4 mwa yo pa touche. Jan noun kon prann jwèt la, se kòm si Sena a avèk tout La Cour superieure des comptes la se youn bann enkonpetan k ap manje lajan Leta san fè anyen.

Gen lòt mounn ki bay bèl rezònman sou kesyon an tou. Jounalis Wobèsonn Jefra (Roberson Geffrard) vin ak “twit” pa l ki te pibliye nan dat 25 oktòb. Msye poze Premye Minis la kèk kesyon ki fè anpil sans. M ap bay koze a an kreyòl e an franse, jan jounalis la bay li a: “Bonjou PM @Jeanhenryceant: Svp, est-ce que les pays de l’Amerique Latine et la Rep. Dominicaine avaient cree des commissions pour faire la lumiere sur Odebrecht ? Est-ce que le Bresil avait formé une commission au sein de la societe sur le Petrobas ? Je veux juste savoir, mesi wi”.

San dout, nou sonje ke isit la, nan Grenn Pwonmennen, nou te esplike kijan mouvman kont kòripsyon an pase pran kèk gwo bwa nan Amerik Latin nan. Nou te pale de Ajantin, Brezil, Ekwatè, Gwatemala, Pewou, kote prezidan, vis-prezidan, pitit fi prezidan, elatriye, nan prizon apre ankèt te vin dekouvri kijan yo t ap kale tèt peyi yo tank yo vòlò. Nou te esplike tou kijan konpayi Brezil yo rele Odebrecht la te grese pat plizyè ofisyèl Dominiken ki te penmèt konpayi a jwenn gwo kontra a vil pri.

Tout peyi sa yo pa t monte okenn komisyon sou lè kote. Yo te renmèt Lajistis dosye a dirèk dirèk. San Repiblik Dominikèn pa t monte okenn komisyon, Lajis tis te fè travay li. Se konsa plizyè ofisyèl ap domi-leve nan pri zon. Epi nan peyi Brezil, ansyen prezidan Luiz Inacio Lula da Silva, nèg popilè fo pa plis, ap kanni nan prizon pou kòripsyon. Nan peyi Pewou, ansyen prezidan Alberto Fujimori nan prizon depi 2007 pou kòripsyon ak vyolasyon dwa mounn. Mèkredi semèn pase a (31 oktòb) se pitit fi l, Keiko Fujimori, ki anchan opozisyon politik nan peyi Pe wou, ke yo fèmen nan prizon tou, ann atandan jijman pou koripsyon tou. Otorite nan peyi Brezil pa t monte okenn komisyon brid-soukou pou yo te pran bòt non plis pou yo te fè jijman ansyen prezidan Luiz Inacio Lula da Silva, nèg ki te popilè fo pa plis. Li nan prizon depi mwa davril. Sa pral pi rèd toujou o Brezil, paske nèg ki pase kòm prezidan nan eleksyon dimanch pase an wo a se Jair Bolsonaro, politisyen ekstrèm dwat, ki te di li pral kontinye netwaye peyi a, pou Brezil vin kiln nèt.

Ann Ayiti, nou gen de istwa n aprann lè n te ti mounn ke n pa janm bliye. Pa egzanp, pran Bouki ak Malis. Byen souvan otorite yo konprann se yo menm ki Malis epi nou tout se Bouki. Donk, lè yo ranje zafè yo pou bay move kou, yo konprann nou p ap dekouvri yo. Enben, kesyon ko misyon sa a sanble ak youn kout Ma lis y ap fè pou pa janm gen jijman PetwoKaribe a. Men sa k vin rive yo, sè ke Bouki al nan gwo inivèsite, Bouki gen PhD. Bouki vin fò nan dekouvri move kou. Sè ke Bouki li nan gwo liv, l aprann youn bann bagay ke nou ka aplike nan kesyon Petwo Karibe a.

Kòm se an franse yo te di bay gay yo, m ap ban nou l jan l ye a: “Quand on veut enterer un probleme, on cree une commission”. Se pawòl Jòj Klemanso (Georges Clemenceau), ansyen Premye Minis an Frans (1917-1920) ki te gen ti non badnen l yo

rele Tig la.Pawòl la te tèlman bèl, Marechal Degol (De Gaulle), menm Degol ki te anchaj twoup franse yo diran 2èm gè mondyal la, te adopte filozofi sa a. Se kòm si Premye Minis lakay la ta vle kopye sou sa Jòj Klemanso te di a, gen l00 lane de sa! L ap vin ak youn komisyon pou antere kesyon PetwoKaribe a. N’est-ce pas vrai Monsieur Thiery Mayard-Paul ? Merci pour le rappel.

Mannèv de divèsyon nan kesyon PetwoKaribe a

Toudenkou, PetwoKaribe vin popilè. Kijan nou koprann ke youn otorite ki te di pa gen okenn kesyon de PetwoKaribe vin konprann pou l foure bouch li nan kesyon an. Kòm si l ta vle pran devan tout mounn antan ke gwo konmisè gouvènman nan Pòtoprens. Wi, m ap pale de Klame-Oknam Dameyis (Clamé-Ocnam Daméus).

Selon plizyè lèt nou te wè ki te parèt sou entènèt la, bagay ofisyèl nèt, konmisè gouvènman an te mande pou sèten mounn vin nan biwo l pou kesyon PetwoKari be a. Premyèman, se te 2 ansyen Premye Minis: Loran Lamòt (Laurent Lamothe) ak Madan Michèl Divivye Pyè-Lwi (Mi chèle Duvivier Pierre-Louis). Mesye Lamòt te bay youn rezon ki fè li pa t ka parèt. M kwè avoka l pa t disponib. M pa konn kisa Madan Divivye-Pyè-Lwi te di. Gen lèt ki t al jwenn mounn ki nan gwo bizinis, tankou Madam Youri Mevs, Rejinal VòB (Réginald Vorbe) e menm ansyen candida pou prezidan Jid Selesten (Jude Célestin).

Men apre tout youn semen de pi lèt yo t ap sikile sou entènèt la, vwala ke Ministè Lajistis te mete youn nòt deyò sou entènèt la nan lendi 28 oktòb la, pou yo di ke se pa konmisè gouvènman an, Mèt Klame-Oknam Dameyis, ki te voye lèt yo. Se mounn k ap fè fwòd elektwonik ki responsab. Si se te ofis li ki te fè sa, li di tout anons yo t ap fèt selon jan lalwa di pou sa fèt. San dout, se uisye, otorite ki la pou sa, ki t ap vin pote papye tenbre bay mounn yo lakay yo. Antouka, biwo konmisè a di l ap mennen ankèt pou jwenn mounn k ap fè vye travay sa a. Yo pral devan Lajistis pou yo pran sa yo merite. Tankou pawòl franse a di: “Il n’est que d’attendre!” Antouka, n espere nou p ap tann jouk nou tounen pwa tann.

Donk, konmisè gouvènman an di tout mounn ke non yo site nan fo lèt yo pa bezwen bat kò yo. Il n’en n’est rien! Men poukisa konmisè a pa t mete nòt la deyò depi premye jou yo te wè lèt yo sou entènèt la. Si m te ka wè lèt yo jouk nan Nouyòk, pa gen rezon pou li menm, osnon tout ekip k ap travay pou li a di m yo pa t wè lèt yo. Okontrè, mounn jouk nan Ginen te wè yo depi pre mye jou yo te soti a! Apa Loran Lamòt te gen tan di li gen anpechman pou l vini. Bagay la pa klè. Tou sa se divèsyon pou kase elan mouvman PetwoKaribe a.

Menm arestasyon ansyen Direktè Polis Nasyonal la, Gòd sonn Orelis (Godson Orélus), p ap rive wete atansyon nou sou PetwoKaribe a. M pa ba yo bouch, men si yo kite 18 novanm jwenn yo nan monte komisyon, jwèt la ap gate bon jan gate. Se “A peine si les plus justes seront sauves”. Kidonk, larivye aveti pa touye kokobe!

Grenn Pwonmennen, 7 novanm 2018


atik sila a pibliyé nan ebdomadè Haïti-Observateur édisyon 7 mwa novanm 2018, e li shita nan P. 6 la a : http://haiti-observateur.ca/wp-content/uploads/2018/11/H-O-07-nov-2018-1.pdf

Youn viktim batay nan légliz la.

Naom Dòvil.

Youn lòt vitim nan legliz la.