Kijan sa pral fini, nou panko konnen, men sa pral fini mal! pa TiRenm/Grenn Pwonmennen

Kijan sa pral fini, nou panko konnen, men sa pral fini mal!

  • 24 janvye 2024
  • pa TiRenm/Grenn Pwonmennen

Jodi 24 janvye sa a, ke nou reparèt ak jounal la ki gen 4 semèn depi l pa t pibliye, fò m di mounn ki pa t resevwa nòt mwen te voye bay anpil nan lektè yo, nan dat 27 desanm 2023, pou anonse ke maladi nan staf jounal la, sètadi pami mounn ki responsab pou prepare jounal la, chak semèn, pou voye l nan enprimri, t ap lakòz jounal la p ap parèt jouk nan dat 24 janvye 2024 la. Antouka, tout bagay regle, tout mounn sou 2 pye militè yo ankò. Nou kenbe pawòl nou. Alò n ap kontinye frape, mete tout verite deyò, san sere kras pou pèsonn.

Tou dabò, mwen p ap di n anyen nou pa konnen. Vwala ke dat 7 fevriye a ap mache prese prese sou nou. Rete sèlman 15 jou pou l rive. Sa k pral pase menm, sitou ke nou wè Premye Minis defakto a, Ariel Henry (Aryèl Anri), chita toujou, li panko fè malèt li, ranmase tout tchanpan l yo pou l met deyò, jan l te di sa depi dat 21 desanm 2022. Asireman, nou sonje ke se nan dat sa a, li te siyen papye yo rele « Accord du 21 décmbre 2022 », epi li te monte sa yo rele « Haut Conseil de la Transition » (HCT), ki te gen Madan Mirlande Manigat (Milann Maniga), reprezantan pati politik yo, kòm prezidan pami 3 mounn ki te nan « Conseil » la. Lòt 2 manm yo, se te Calixte Fleuridor, ki te prezidan « Fédération protestante » la te sanse reprezante sosyete sivil, epi Laurent St. Cyr, youn òm dafè te nonmen, pou fè biznismann ak medam ki nan konmès yo plezi.

Yo pran nan « Trahison » olye de « Transition »  

Mwen pran nou menm lektè kòm temwen, ke nou pa t pran nan pyèj Aryèl Anri a. Non sèlman nou pa t kwè se youn bagay serye, men nou te ekri byen klè pou di se pa kras « Haut Conseil de la Transition », men « Haut Conseil de la Trahison ».  

Enben, apa li papa! Nou tout konstatate ke Aryèl Anri, doktè chirijyen, kivedi msye se doktè ki fò nan fè operasyon, youn jennonm ki te leve nan youn fanmi advanntis, papa l te menm pastè, vwala ke li vin tounen youn gwo trèt, mounn ki pa kenbe pawòl li. Li trayi pwòp siyati l anba Akò 21 desanm 2022 a. Nèspa ke l te di, avèk sipò « Haut Conseil » li a, li te pral fè eleksyon diran lane 2023 a, pou l renmèt pouvwa a, nan dat 7 fevriye 2024, bay prezidan ak tout ekip ke pèp la t ap chwazi nan bonjan eleksyon diran lane 2023 a? Kounnye a, 15 jou anvan 7 fevriye rive sou nou, nad marinad!

Sa tèlman lèd, Madan Maniga, ki pa nan sere kras pou Premye Minis, di msye pa fè sa pou l te fè, jan l te di a. Poutèt sa, rive 7 fevriye, li menm l ap rale kò l nan « Haut Conseil de la Transition an ». Eskize m, mwen vle di « Haut Conseil de la TrahisonSè ke l te kwè se vre te pral gen « Transition ». Men sa vin tounen youn « Trahison ». Antretan, mwen pa tande lòt 2 konpayèl li yo.

San nou pa bay tèt nou twòp lwanj, n ap di nou toujou wè bagay yo byen klè lontan anvan sa rive. Gade kijan sa nou te di a vin rive vre. Aryèl Anri twonpe yo tout. Sòf nou menm, ki pa t janm kwè msye se youn mounn de pawòl. Depi l te bay premye koutba a, nan mwa novanm 202l, apre Sendika diplomat Core Groupe la te mete l chita nan Primati a, nou te konnen msye te pral kontinye bay move kou. Paske tout bagay t ap pare pou eleksyon te fèt nan mwa novanm 2021, men l pa t òganize kras eleksyon, jan sa te dwe fèt.

Jan nou konnen an, lè mwa novanm te rive, msye te di gen twòp gang, eleksyon pa ka fèt. Lè sa a se sitou Matisan ki te sou kontwòl gang depi dat premye jen 2021, anvan yo te ansasinen Prezidan Jovenel Moïse (Jovnèl Moyiz). Se 4 depatman –Sid, Sidès, Grandans ak Nip—epi 3 gwo vil nan depatman Lwès –Leogán, Grangwav ak Tigwav– ki depann de Pòtoprens dirèteman, ki te koupe nan kominikasyon pa rout ak kapital la. Pou youn chofè, ki te ase temerè pase Matisan sot nan tout zòn Sid peui a, fòk li te debouse gwo kòb bay gang anvan l ka pase.

Aryèl Anri nan konfyolo ak gang pou l ka ret opouvwa avi!

Epi ki sa nou wè depi Mouche Aryèl chita nan Primati a? Li pa regle keyon gang Matisan an. Okontrè, gang vin blayi toupatou. Yo izole kapital la ak tout rès peyi a, pa sèlman ak zòn ki rele « le Grand Sud », men avèk « Le Grand Nord » tou epe « Plateau Central ». Menm Rout Laboul, piwo Petyonvil la, se pyèj, gang an kontwòl.

Gen mounn ki wè nan jwèt Aryèl Anri an. Toutotan gen gang blayi toupatou, pa ka gen eleksyon. E kòm msye di se sèlman bay youn prezidan ke pèp la chwazi nan bonjan eleksyon l ap renmèt pouvwa. Se bèl mo franse ase l konnen : « Élections démocratiques et participatives ! », men tou sa se gwo mo pou touye ti chen. Li pa nan renmèt kras pouvwa.  Kivedi, msye la avi, paske sa byen klè ke l   nan fè anyen kont gang, Okontrè, toutotan gen plis gang, pa ka gen eleksyon. E nou menm, depi 8 septanm 2021, nou te lanse youn slogan ki di : « Toutotan kesyon gang nan pa regle, anyen pa ka regle ann Ayiti ».

Epi, men youn Aryèl Anri, san ke okenn Ayisyen pa t vote pou li nan kras eleksyon, se Premye Minis ak Prezidan avi, Chèf Siprèm menm, paske pa gen Lachanm ankò. Bliye sa k rele Senatè ak Depite. Bliye tou sa k rele Majistra pou vil yo ak bouk yo. Pa gen kesyon de Azèk ak Kazèk pou zòn lakanpay, sa yo rele peyi andeyò yo.

Poutan, Mesye Defakto a gen 30 mwa sou pouvwa. Li pa janm fè anyen pou pwoteje lavi ak byen sitwayen yo, jan Konstitisyon peyi a mande pou youn chèf nasyon an fè. Ata fatra nan lari msye pa montre li anmezi pou fè ranmase sa. Se poutèt sa gwo pil fatra ap kreve je nou menm nan kapital la e nan lòt vil yo tou. Men msye di se pa Ayisyen ki te vote l mete l kote l ye a. Li pa gen sèvis pou l bay kras mounn.

Men bòs Defakto a ap vin pote l sekou nan ranmase fatra, men gen diplis

Men sa tèlman lèd, bòs li yo deside fè kichòy, an kòmansan ak kesyon fatra a. Selon youn dekouvèt Haïti-Observateur a, frè m  Leo Joseph, fè vwala ke Ameriken pran responsablite netwaye vil yo ann Ayiti ak youn pwogram ki rele VIL, ki vini ak tout slogan l: “Ensemble, Nettoyons les villes » « Ansanm, ann Netwaye Vil yo », epi ann angle « Together let’s clean the Cities.”

Ou ta kwè yo ta kòmanse nan Pòtoprens, kote ki gen plis fatra k ap kreve je mounn, ki anpeche mounn ak vwati sikile jansadwa. O non, yo kòmanse nan 2 vil peyi a, ki pa anba kontwòl gang, ki se dezyèm ak twazyèm vil nan peyi a apre Pòtoprens:Nan Okap Ayisyen, nan Nò, ak nan Okay Difon, nan Sid. Nou ka entèprete sa, jan nou vle, men pou mwen menm, mwen kwè Ameriken yo, ki kanpe djanm dèyè Defakto a, ap voye youn mesaj. Y ap kòmanse nan vil ki pa gen pwoblèm ensekirite menm jan ak Pòtoprens, anvan yo anvayi plis lòt vil, jouk yo rive sou Pòtoprens.

Se pa youn envazyon ak solda, jan sa te fèt nan lane1915, paske fwa sa se ak mounn USAID, òganizasyon ameriken ki deja ann Ayiti, ki finanse plizyè lòt pwogram nan peyi a, yo kòmanse. Kounnye a, yo kòmanse nan pran responsablite pou pwòpte vil yo, ki se responsablite gouvènman an atravè majistra yo, ke Premye Minis la nonmen, Yo pa  vrèman depann de pèp la, ki te vote pou mete yo la. Konsa, bòs Ameriken Aryèl Anri yo ap eseye fè msye parèt bèl, pandan y ap pran kontwòl Ayiti, youn vil apre lòt.

Alò, mwen di se lè n pran toutbon n ap konnen, paske si yo jwenn okenn rezistans, dizon ke gang ta atake younn nan gwo anplwaye USAID yo, solda ameriken ap debake nan zòn kote sa rive a, pou bay sekirite jansadwa. Epi anvan nou fèmen je nou, se p ap sèlman USAID ki pral an pozisyon ann Ayiti, men twoup ameriken, sou kontwòl Pentagon ak Depatman Deta. Epi san nou pa atann, sa vin tounen youn lòt 1915.

Men jan Editè Leo di a, vwala ke Guy Philippe (Gi Filip) deja ap mobilize pèp la pou gen bonjan “Revolisyon” ann Ayiti. Se poutèt sa mwen te di depi nan kòmansman atik la, « Nou pa konn kijan sa pral fini! » Kanmenm, sanble nou rive nan youn Kafou ki pa sèlman Kafou 4 Chemen (Carrefour des Quatre Chemins) nan Okay, osnon Baryè Boutèy (Barrière Bouteille) nan Okap.

Antouka, pa gen twòp tan ki rete pou gwo deblozay la pete. Pinga pèsonn di mwen pa t avèti yo. Pye kout, pran devan!

  • TiRenm/Grenn Pwonmennen, nan raljo31@yahoo.com

cet article est publié par l’hebdomadaire Haïti-Observateur, Édition spéciale Canada du 24 janvier 2024,

Haïti-Observateur / ISSN: 1043-3783